Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT SÈZ

Chwazi adore Bondye

Chwazi adore Bondye

1, 2. Ki kesyon w dwe poze tèt ou, e poukisa sa enpòtan?

NAN etid Labib w ap fè a, ou aprann gen anpil moun ki di y ap adore Bondye k ap anseye bagay Bondye rayi oswa k ap pratike bagay sa yo (2 Korentyen 6:17). Se poutèt sa Jewova ban nou lòd pou nou soti nan fo relijyon, anpalan de “Gran Babilòn nan”. (Revelasyon 18:2, 4.) Ki sa w ap fè? Se nou chak ki pou chwazi, e nou dwe mande tèt nou: ‘Èske m vle adore Bondye fason li vle m fè sa, oswa èske m vle adore l fason m te toujou konn fè a?’

2 Si w gentan kite fo relijyon oswa w gentan mande pou yo retire non w, se yon bon bagay ou fè. Men, ka gen kèk pratik ak kèk koutim fo relijyon genyen ki byen anrasinen nan ou e w toujou pran plezi nan yo. Annou pale sou kèk nan pratik ak koutim sa yo e annou wè poukisa li enpòtan anpil pou n konsidere yo menm jan Jewova konsidere yo.

ADORASYON IMAJ AK ZANSÈT

3. a) Poukisa kèk moun ka twouve li difisil pou yo sispann sèvi ak imaj nan adorasyon y ap bay Bondye? b) Ki sa Labib di konsènan sèvi ak imaj pou adore Bondye?

3 Gen kèk moun ki gen plizyè ane depi y ap sèvi ak imaj oswa ki gen ti tanp lakay yo pou yo adore Bondye. Si se ka pa w, sa ka parèt dwòl oswa ou ka menm santi li pa bon pou w adore Bondye san bagay sa yo. Men pa bliye, Jewova anseye nou fason pou nou adore l. E Labib fè nou konnen aklè Jewova pa vle nou sèvi ak imaj nan adorasyon n ap ba li. — Li Egzòd 20:4, 5; Sòm 115:4-8; Ezayi 42:8; 1 Jan 5:21.

4. a) Poukisa nou pa dwe adore zansèt nou yo? b) Poukisa Jewova te di pèp li a pou yo pa chèche pale ak mò?

4 Gen kèk moun ki ka pase anpil tan e ki ka depanse anpil enèji nan chèche fè zansèt yo ki mouri plezi. Yo ka menm adore yo. Men, nou te aprann moun ki mouri yo pa kapab ni ede nou ni fè nou mal. Yo pap viv okenn lòt kote. An reyalite, se yon gwo danje pou n ap eseye kominike ak yo, paske kèlkeswa mesaj nou resevwa e nou ta panse se moun pa nou an ki mouri ki voye l, konnen se nan demon yo li soti. Se poutèt sa Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo pa chèche pale ak mò oswa pou yo pa mele nan okenn lòt bagay ki gen rapò ak demon. — Detewonòm 18:10-12; gade nòt 26 ak nòt 31.

5. Ki sa k ka ede w sispann sèvi ak imaj pou w adore Bondye oswa sispann adore zansèt ou yo?

5 Ki sa k ka ede w sispann sèvi ak imaj pou w adore Bondye oswa sispann adore zansèt ou yo? Ou bezwen li Labib epi byen reflechi sou fason Jewova konsidere bagay sa yo. Li wè yo tankou “bagay ki bay [...] degoutans”. (Detewonòm 27:15.) Priye Jewova chak jou pou l ede w konsidere bagay yo menm jan avè l e pou l ede w adore l fason li vle a (Ezayi 55:9). Ou mèt gen asirans Jewova ap ba w fòs ou bezwen pou w elimine nan lavi w kèlkeswa bagay ki gen rapò ak fo adorasyon.

ÈSKE NOU TA DWE FETE NWÈL?

6. Poukisa yo te chwazi 25 desanm kòm yon dat pou yo selebre anivèsè nesans Jezi?

6 Toupatou nan monn nan, fèt Nwèl se youn nan fèt ki pi popilè, e pifò moun panse li se anivèsè nesans Jezi. Men an reyalite, fèt Nwèl gen rapò ak fo adorasyon. Gen yon ansiklopedi ki fè konnen Women ki payen yo te konn selebre anivèsè nesans solèy la 25 desanm. Chèf legliz yo te vle pou gen plis payen ki vin kretyen. Se sa k fè, menm lè Jezi pa t fèt 25 desanm, yo te deside fete anivèsè nesans li nan dat sa a (Lik 2:8-12). Disip Jezi yo pa t konn fete Nwèl. Gen yon liv ki fè konnen, 200 an apre nesans Jezi, “pèsonn pa t konnen egzakteman ki lè l te fèt e sa pa t enterese anpil moun”. (Orijin sakre bagay pwofon yo, anglè.) Yo te kòmanse fete Nwèl plizyè santèn ane apre Jezi te fin pase sou tè a.

7. Poukisa vrè kretyen yo pa fete Nwèl?

7 Anpil moun konnen fèt Nwèl ak tradisyon ki gen nan fèt sa a, tankou banbòch ak echanj kado, gen yon orijin payen. Pa egzanp, yon lè, yo te entèdi moun fete Nwèl ann Angletè ak kèk kote nan Amerik la paske l gen orijin payen. Yo te konn pini kèlkeswa moun ki te konn fete fèt sa a. Men, finalman yo te rekòmanse fete Nwèl ankò. Poukisa vrè kretyen yo pa fete Nwèl? Paske yo vle fè Bondye plezi nan tout sa y ap fè.

ÈSKE NOU TA DWE FETE ANIVÈSÈ NESANS?

8, 9. Poukisa premye kretyen yo pa t konn fete anivèsè nesans?

8 Yon lòt fèt anpil moun fete se anivèsè nesans. Èske kretyen yo ta dwe fete anivèsè nesans? De sèl anivèsè nesans nou jwenn nan Labib se moun ki pa t ap adore Jewova ki te fete yo (Jenèz 40:20; Mak 6:21). Moun te konn fete anivèsè nesans pou yo onore fo dye. Se poutèt sa premye kretyen yo “te konsidere fèt anivèsè nesans nenpòt moun kòm yon koutim payen”. — The World Book Encyclopedia.

9 Women ak Grèk nan tan lontan yo te kwè gen yon espri ki asiste nesans chak moun e espri sa a t ap pwoteje moun nan pandan tout vi li. Liv Tradisyon anivèsè nesans yo (anglè) fè konnen “espri sa a te gen yon relasyon mistik avèk dye ki te gen anivèsè nesans li ki tonbe menm jou ak anivèsè nesans moun nan”.

10. Poukisa kretyen yo jodi a pa dwe fete anivèsè nesans?

10 Èske w panse Jewova dakò ak fèt ki gen rapò ak fo relijyon (Ezayi 65:11, 12)? Non, li pa dakò ak yo. Se pou rezon sa a nou pa fete ni anivèsè nesans ni okenn lòt fèt ki gen rapò ak fo relijyon.

ÈSKE SA VRÈMAN GEN ENPÒTANS?

11. Poukisa kèk moun fete yon seri fèt? Ki sa k ta dwe pi enpòtan pou ou?

11 Gen kèk moun ki konnen fèt Nwèl ak kèk lòt fèt gen orijin payen, men yo kontinye fete yo. Yo panse fèt sa yo se jis yon bon okazyon pou yo pase tan ak fanmi yo. Èske se sa w panse tou? Li pa mal pou w vle pase tan ak fanmi w. Se Jewova ki te kreye fanmi, e li vle nou gen bon relasyon ak fanmi nou (Efezyen 3:14, 15). Sepandan, nou bezwen chèche gen yon bon relasyon avèk Jewova olye nou chèche fè fanmi nou plezi lè nou fete fèt ki gen rapò ak fo relijyon. Se poutèt sa apot Pòl te di: “Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — Efezyen 5:10.

12. Ki sa k ka fè Jewova pa aksepte yon fèt?

12 Gen anpil moun ki panse orijin fèt yo pa vrèman enpòtan, men se pa sa Jewova panse. Li pa dakò ak fèt ki soti nan fo adorasyon oswa fèt k ap fè lwanj pou moun oswa pou senbòl nasyonal peyi yo. Pa egzanp, Ejipsyen yo te konn fete anpil fèt pou dye yo te genyen yo. Apre Izrayelit yo te kite peyi Ejip, yo te kopye sou youn nan fèt payen sa yo e yo te rele fèt sa a “yon fèt pou Jewova”. Men, Jewova te pini yo poutèt sa (Egzòd 32:2-10). Jan pwofèt Ezayi te di sa, nou pa dwe “manyen anyen ki sal”! — Li Ezayi 52:11.

SE POU W JANTI NAN FASON W AJI AK LÒT MOUN

13. Ki kesyon ou ka poze lè w deside sispann fete yon seri fèt?

13 Lè w deside sispann fete yon seri fèt, ou ka poze tèt ou anpil kesyon. Pa egzanp, ou ka mande: Ki sa m dwe fè si kòlèg travay mwen mande m poukisa mwen pa fete Nwèl avèk yo? Ki sa m dwe fè si yon moun ban m yon kado Nwèl? Ki sa m dwe fè si moun mwen marye avè l la vle m fete yon fèt? Ki jan m ka ede pitit mwen pou yo pa santi yo tris poutèt yo pa fete yon fèt oswa anivèsè nesans yo?

14, 15. Ki sa w ka fè si yon moun swete w bòn fèt oswa si l ba w yon kado?

14 Li enpòtan pou w sèvi ak bonsans lè w ap deside sa pou w di ak sa pou w fè nan chak sitiyasyon. Pa egzanp, si yon moun ta swete w bòn fèt, ou pa bezwen meprize l. Ou ka annik di l: “Mèsi.” Men, gen kèk sitiyasyon kote yon moun ta renmen konn plis toujou, nan ka sa yo, ou ka chwazi esplike l rezon ki fè ou pa fete yon fèt. Sepandan, ou dwe toujou fè sa avèk jantiyès, avèk tak e avèk respè. Men sa Labib di: “Se pou pawòl nou toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl, yon fason pou nou konnen jan nou dwe reponn chak moun.” ​(Kolosyen 4:6). Petèt, ou ka esplike l ou renmen pase tan ak lòt moun e w renmen bay kado, men, ou jis chwazi pa fè sa anrapò ak fèt sa yo.

15 Ki sa w dwe fè si yon moun ba w yon kado? Labib pa bay yon lis règ pou moun suiv, men li di nou dwe toujou gen yon bon konsyans (1 Timote 1:18, 19). Moun ki ba w kado a gendwa pa konnen si w pa fete fèt sa a. Oubyen li ka di w: “Mwen konnen ou pa fete fèt sa a, men mwen vle ba w kado sa a.” Nan kèlkeswa ka a, ou ka deside si w ap aksepte kado a oubyen si w pap aksepte l. Men, kèlkeswa desizyon w pran, asire w ou toujou gen yon bon konsyans. Nou pa ta renmen fè anyen ki ta ka gen move enfliyans sou relasyon nou ak Jewova.

OU MENM AK FANMI W

Moun k ap sèvi Jewova gen kè kontan.

16. Ki sa w dwe fè si fanmi w vle fete yon seri fèt?

16 Ki sa w dwe fè si fanmi w vle w fete yon fèt? Ou pa bezwen lite ak yo. Pa bliye, yo gen dwa pou yo deside sa yo vle fè. Se pou w janti e se pou w respekte chwa yo fè menm jan ou vle pou yo respekte chwa ou fè. (Li Matye 7:12.) Men, e si fanmi w vle w pase tan ak yo pandan fèt la, ki sa w dwe fè? Anvan w deside sa w ap fè, priye Jewova pou l ede w pran bon desizyon an. Reflechi sou sitiyasyon an, epi fè rechèch sou sa. Sonje sa, ou toujou vle fè Jewova plezi.

17. Ki sa w ka fè pou w ede pitit ou pou l pa santi l manke yon bagay lè lòt moun ap fete yon seri fèt?

17 Ki sa w ka fè pou w ede pitit ou lè yo wè lòt moun ap fete yon seri fèt? Ebyen, detanzantan, ou ka òganize yon ti bagay espesyal pou yo. Ou ka ba yo kèk kado tou pou w fè yo sipriz. Men, pi bon kado ou ka bay pitit ou se lè w ba yo tan w ak lanmou w.

PRATIKE VRÈ ADORASYON AN

18. Poukisa nou dwe asiste reyinyon yo?

18 Pou nou fè Jewova plezi, nou bezwen abandone fo relijyon ansanm ak tout koutim ak tout fèt ki gen rapò ak yo. Men tou, nou bezwen pratike vrè adorasyon an. Kòman nou ka fè sa? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou asiste reyinyon yo regilyèman. (Li Ebre 10:24, 25.) Reyinyon yo se yon bagay ki enpòtan anpil nan vrè adorasyon an (Sòm 22:22; 122:1). Lè nou reyini ansanm, youn ka ankouraje lòt. — Women 1:12.

19. Poukisa l enpòtan pou w fè lòt moun konnen verite ou aprann nan Bib la?

19 Yon lòt bagay ki montre ou chwazi vrè adorasyon an se lè w pale ak lòt moun konsènan sa w aprann nan Labib. Gen anpil moun ki santi yo boulvèse akoz bagay mal k ap fèt sou tè a. Petèt ou konn kèk moun ki santi yo konsa. Fè yo konnen bèl espwa ou genyen pou lavni. Toutpandan w ap asiste reyinyon yo e w ap fè moun konnen verite ki nan Bib la, w ap vin rann ou kont ou pa anvi patisipe nan fo relijyon ak nan koutim li yo ankò. Ou mèt gen asirans w ap gen kè kontan, e se pa ti beni Jewova ap beni efò w fè yo poutèt ou chwazi adore l sèl fason ki bon an! — Malachi 3:10.