Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TWA

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

1. Ki objektif Bondye gen pou lèzòm?

BONDYE gen yon bèl objektif pou lèzòm. Li te kreye Adan, premye gason an, ak Èv, premye fi a, pou yo viv nan yon bèl jaden. Objektif li te gen pou yo se te pou yo fè pitit, pou yo te fè tout tè a nèt vin yon paradi, e pou yo te pran swen bèt yo. — Jenèz 1:28; 2:8, 9, 15; gade nòt 6.

2. a) Ki jan nou fè konnen Bondye pral fè sa l te deside a? b) Ki sa Labib di konsènan lavi pou toutan an?

2 Èske w panse n ap janm viv nan yon paradi? Men sa Jewova di nou: “Mwen te deside l, e m ap fè l.” ​(Ezayi 46:9-11; 55:11). Wi, Jewova pral fè sa l te deside a, e pa gen anyen k ap anpeche l fè l. Jewova di pou ki rezon li te kreye tè a. Li “pa t annik kreye l pou granmesi”. (Ezayi 45:18.) Li vle pou moun viv toupatou sou tè a. Ki kalite moun Bondye vle viv sou tè a, e pou konbyen tan? Men sa Labib di: “Moun ki jis yo [oswa, ki obeyisan] gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29; Revelasyon 21:3, 4.

3. Piske moun malad e yo mouri, ki kesyon ou ta dwe poze?

3 Sepandan, jodi a, moun malad e yo mouri. Nan anpil zòn, youn ap goumen ak lòt e youn touye lòt. Se sèten se pa t objektif sa a Bondye te genyen. Donk, ki sa k te pase, e poukisa? Se Labib sèlman ki ka bay esplikasyon sou sa.

BONDYE VIN GEN YON ÈNMI

4, 5. a) Kiyès ki te sèvi ak yon koulèv pou l pale ak Èv nan jaden Edenn nan? b) Kòman yon moun ki onèt ka vin yon vòlè?

4 Labib fè nou konnen Bondye gen yon ènmi ki ‘rele Dyab e ki rele Satan’. Satan te sèvi ak yon koulèv pou l pale ak Èv nan jaden Edenn nan (Revelasyon 12:9; Jenèz 3:1). Li te fè kòmsi se koulèv la ki t ap pale. — Gade nòt 7.

5 Bon, èske se Bondye ki te kreye Satan Ledyab? Non! Se yon zanj ki t ap viv nan syèl la lè Bondye te prepare tè a pou Adan ak Èv ki te vin chanje e ki te vin tounen Dyab la (Jòb 38:4, 7). Kòman sa te fè posib? Ebyen, ki jan yon moun ki onèt kapab chanje pou l vin yon vòlè? Li pa t fèt tou vòlè. Men, li kòmanse anvi yon bagay ki pa pou li oswa li vle genyen l. Li kontinye reflechi sou sa, e move dezi li genyen an vin pi fò. Epi, kou l jwenn yon okazyon, li vòlè bagay la. Konsa, li vin yon vòlè. — Li Jak 1:13-15; gade nòt 8.

6. Kòman yon zanj fè vin ènmi Bondye?

6 Se sa ki te rive zanj sa a. Lè Jewova te fin kreye Adan ak Èv, li te di yo pou yo fè pitit e pou yo “plen tè a ak moun”. (Jenèz 1:27, 28.) Petèt, zanj sa a te di tèt li: ‘Tout moun sa yo te ka adore m olye yo adore Jewova!’ Plis li te reflechi sou sa, se plis li te anvi yon bagay ki pou Jewova. Zanj sa a te vle moun adore l. Konsa, li te bay Èv manti e li te twonpe l. (Li Jenèz 3:1-5.) Lefètke l te aji konsa, li vin tounen Satan Ledyab, yon ènmi Bondye.

7. a) Poukisa Adan ak Èv mouri? b) Poukisa nou vyeyi epi nou mouri?

7 Adan ak Èv te dezobeyi Bondye e yo te manje fwi a (Jenèz 2:17; 3:6). Yo te peche kont Jewova, e rive yon lè, yo mouri, jan Jewova te di yo sa (Jenèz 3:17-19). Pitit Adan ak Èv yo vin peche, kòm rezilta, yo mouri. (Li Women 5:12.) Annou pran yon egzanp pou ede nou konprann rezon ki fè pitit Adan ak Èv yo vin peche tou. Imajine w ap fè pen nan yon moul ki kolboso. Pen an ap gen menm fòm kolboso moul lan genyen an. Lè Adan te dezobeyi Bondye, Adan te vin peche. Piske nou se pitit Adan, nou tout peche, oswa nou tout gen menm fòm “kolboso” Adan te genyen an. E piske nou tout peche, nou vyeyi, epi nou mouri. — Women 3:23; gade nòt 9.

8, 9. a) Ki sa Satan te vle Adan ak Èv kwè? b) Poukisa Jewova pa t touye rebèl yo tousuit?

8 Satan te kòmanse fè rebelyon kont Jewova lè l te enfliyanse Adan ak Èv pou yo dezobeyi Jewova. Li te vle Adan ak Èv kwè Jewova se yon mantè, yon move chèf ki pa vle sa ki pi bon pou yo. Satan t ap di lèzòm pa bezwen Bondye di yo sa yo dwe fè e Adan ak Èv ta dwe kapab deside poukont yo sa ki byen ak sa ki mal. Nan ka sa a, ki sa Jewova ta dwe fè? Li te kapab touye rebèl yo, konsa li t ap kraze rebelyon an. Men, èske sa t ap pwouve Satan se yon mantè? Non.

9 Se poutèt sa Jewova pa t touye rebèl yo tousuit. Olye de sa, li te bay lèzòm tan pou yo dirije poukont yo. Sa t ap montre byen klè Satan se yon mantè e Jewova konnen sa ki pi bon pou lèzòm. Nou pral aprann plis bagay sou sa nan chapit 11 lan. Men, ki sa w panse konsènan desizyon Adan ak Èv te pran an? Èske yo te gen rezon pou yo kwè Satan e pou yo dezobeyi Bondye? Se Jewova ki te bay Adan ak Èv tout sa yo te genyen. Li te ba yo yon vi ki pafè, li te ba yo yon bèl kote pou yo viv, e li te ba yo yon travay yo te renmen anpil. Men, Satan pa t janm fè anyen ki bon pou yo. Si w te la, ki sa w t ap fè?

10. Ki desizyon enpòtan nou chak gen pou n pran?

10 Jodi a, nou chak gen yon desizyon konsa pou n pran, e lavi nou depann de desizyon sa a. Nou ka chwazi obeyi Jewova kòm Chèf nou, konsa n ap patisipe nan montre Satan se yon mantè. Oubyen nou ka chwazi Satan kòm chèf nou. (Sòm 73:28; li Pwovèb 27:11.) Se yon tikras moun nan monn nan ki obeyi Bondye. Anfèt, se pa Bondye ki chèf monn nan. Men, si se pa Bondye ki chèf monn nan, se kiyès?

KIYÈS K AP DIRIJE MONN NAN?

Si tout wayòm ki nan monn nan pa t pou Satan, èske l te ka ofri Jezi yo?

11, 12. a) Ki sa nou aprann nan òf Satan te fè Jezi a? b) Ki vèsè ki montre se Satan k ap dirije monn nan?

11 Jezi te konnen kiyès k ap dirije monn nan toutbonvre. Yon lè, Satan te “montre l tout wayòm ki nan monn nan ak glwa ki gen ladan yo”. Apre sa, men pwomès Satan te fè Jezi: “M ap ba w tout bagay sa yo si w met jenou w atè [oswa si w pwostène], e ou fè yon jès pou w adore m.” ​(Matye 4:8, 9; Lik 4:5, 6). Mande tèt ou: ‘Si wayòm sa yo pa t pou Satan, èske l te ka ofri Jezi yo?’ Non. Tout gouvènman yo se pou Satan yo ye.

12 Ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Kòman fè se Satan ki chèf monn nan? Èske se pa Jewova, Bondye Toupisan an, ki te kreye linivè?’ ​(Revelasyon 4:11). Wi, se li ki te kreye l, men, yon fason klè, Jezi te rele Satan “chèf monn nan”. (Jan 12:31; 14:30; 16:11.) Apot Pòl te rele Satan Ledyab “dye sistèm sa a”. (2 Korentyen 4:3, 4.) Epi, apot Jan te fè konnen “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. — 1 Jan 5:19.

KI JAN BONDYE PRAL DETWI MONN SATAN AN?

13. Poukisa nou bezwen yon monn nouvo?

13 Chak jou, monn nan ap vin pi danjere. Toupatou, nou wè lagè, koripsyon, ipokrizi ak vyolans. Kèlkeswa efò lèzòm fè, yo pa ka rezoud tout pwoblèm sa yo. Men, talè konsa, Bondye pral detwi monn mechan sa a nan lagè Amagedon e li pral ranplase l ak yon monn nouvo kote pral gen jistis. — Revelasyon 16:14-16; gade nòt 10.

14. Kiyès Bondye chwazi kòm Wa nan Wayòm li an? Ki sa Labib te anonse konsènan Jezi?

14 Jewova chwazi Jezi Kris kòm Wa nan gouvènman l lan oswa Wayòm li an ki nan syèl la. Sa gen plizyè milye ane depi Labib te anonse Jezi t ap gen pou l dirije antanke “Prens lapè” e gouvènman l lan pap janm tonbe (Ezayi 9:6, 7). Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou gouvènman sa a lè l te di: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10). Nan chapit 8 la, nou pral aprann kòman Wayòm Bondye a pral ranplase gouvènman yo ki nan monn nan. (Li Dànyèl 2:44.) Apre sa, Wayòm Bondye a pral fè tè a vin yon bèl paradi. — Gade nòt 11.

PRAL GEN YON MONN NOUVO TALÈ KONSA!

15. Ki sa “tè tounèf” la ye?

15 Men pwomès Labib fè: “N ap tann yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite.” ​(2 Pyè 3:13; Ezayi 65:17). Pafwa, lè Labib pale de “tè a”, l ap pale de moun k ap viv sou tè a (Jenèz 11:1). Kidonk, “tè tounèf” la fè referans ak tout moun ki obeyi Bondye e ki jwenn benediksyon l.

16. Ki bèl kado Bondye ap bay moun ki pral viv nan monn nouvo a, e ki sa nou dwe fè pou n resevwa kado sa a?

16 Jezi pwomèt tout moun ki pral viv nan monn nouvo Bondye a ap resevwa “lavi ki pap janm fini an”. (Mak 10:30.) Ki sa n dwe fè pou n resevwa kado sa a? Tanpri, li Jan 3:16 ak Jan 17:3 pou nou ka jwenn repons lan. Kounye a, ann wè sa Labib di konsènan jan lavi a pral ye sou tè a nan Paradi a.

17, 18. Ki jan nou fè konnen ap gen lapè toupatou sou tè a e n ap santi nou an sekirite?

17 Pap gen mechanste, lagè, krim ak vyolans. Pap gen okenn mechan sou tè a ankò (Sòm 37:10, 11). Bondye pral fè “pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. (Sòm 46:9; Ezayi 2:4.) Tè a pral plen ak moun ki renmen Bondye e ki obeyi l. Pral gen lapè pou toutan. — Sòm 72:7.

18 Pèp Jewova a pral santi l an sekirite. Nan tan biblik yo, lè Izrayelit yo te obeyi Bondye, yo te an sekirite paske Bondye te pwoteje yo (Levitik 25:18, 19). Nan Paradi a, pap gen anyen ni pèsonn k ap fè nou pè. N ap toujou santi nou an sekirite! — Li Ezayi 32:18; Miche 4:4.

19. Poukisa nou mèt sèten ap gen anpil manje nan monn nouvo Bondye a?

19 Pral gen anpil manje. “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” ​(Sòm 72:16). Jewova, ‘Bondye nou an, ap beni nou’ e “tè a gen pou l bay manje”. — Sòm 67:6.

20. Ki jan nou fè konnen tè a ap vin yon paradi?

20 Tout tè a nèt ap vin yon paradi. Moun pral gen bèl kay ak bèl jaden. (Li Ezayi 65:21-24; Revelasyon 11:18.) Tout tè a nèt pral vin bèl menm jan ak jaden Edenn nan. Jewova ap toujou ban nou tout sa nou bezwen. Men sa Labib di konsènan Jewova: “Ou ouvri men w e w bay tout sa k vivan sa yo bezwen.” — Sòm 145:16.

21. Ki jan nou fè konnen pral gen lapè ant lèzòm ak bèt yo?

21 Pral gen lapè ant lèzòm ak bèt yo. Bèt yo pap fè lèzòm mal ankò. Timoun piti yo pral santi yo an sekirite, menm lè yo bò kote bèt ki reprezante yon danje pou nou jodi a. — Li Ezayi 11:6-9; 65:25.

22. Ki sa Jezi pral fè pou moun ki malad yo?

22 Pap gen moun k ap malad. Lè Jezi te sou tè a, li te konn geri anpil moun (Matye 9:35; Mak 1:40-42; Jan 5:5-9). Men, antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral geri tout moun nèt. Pap gen okenn moun k ap janm di: “Mwen malad.” — Ezayi 33:24; 35:5, 6.

23. Ki sa Bondye pral fè pou moun ki mouri yo?

23 Moun mouri pral viv ankò. Bondye pwomèt l ap resisite plizyè milyon moun ki te mouri. “Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Li Jan 5:28, 29; Travay 24:15.

24. Ki jan w santi w dèske w gen posiblite pou w viv nan Paradi a?

24 Nou tout gen yon desizyon pou n pran. Nou ka chwazi aprann konnen Jewova epi sèvi l, oswa nou ka annik fè sa nou vle. Si nou chwazi sèvi Jewova, n ap gen yon bèl avni. Lè yon mesye te mande Jezi pou l sonje l apre lanmò l, Jezi te pwomèt li: “W ap avè m nan Paradi a.” ​(Lik 23:43). Annou aprann plis bagay sou Jezi Kris ak sou fason li pral reyalize bèl pwomès Bondye fè yo.