Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT TRÈZ

Respekte lavi ki se yon kado

Respekte lavi ki se yon kado

1. Kiyès ki ban nou lavi?

JEWOVA se “Bondye vivan an”. (Jeremi 10:10.) Se li ki Kreyatè nou e se li ki ban nou lavi. Men sa Labib di: “Ou kreye tout bagay, e se paske w te vle ki fè yo vin egziste, e ki fè w te kreye yo.” ​(Revelasyon 4:11). Wi, Jewova vle nou gen lavi. Lavi se yon kado ki gen anpil valè li ban nou. — Li Sòm 36:9.

2. Ki jan nou ka reyisi nan lavi nou?

2 Jewova ban nou sa nou bezwen pou nou kontinye viv, tankou manje ak dlo (Travay 17:28). Men, anplis de sa, li vle nou pran plezi nan lavi a (Travay 14:15-17). Pou nou ka reyisi nan lavi nou, nou bezwen obeyi lwa Bondye yo. — Ezayi 48:17, 18.

FASON BONDYE KONSIDERE LAVI

3. Ki sa Jewova te fè lè Kayen te touye Abèl?

3 Labib fè nou konnen lavi nou ak lavi lòt moun gen anpil valè pou Jewova. Pa egzanp, lè Kayen, yon pitit gason Adan ak Èv, te fache anpil ak Abèl, ti frè l, Jewova te fè Kayen konnen li bezwen kontwole kòlè l. Men, Kayen pa t koute, e li te tèlman fache li “atake Abèl, frè l la, e li touye l”. (Jenèz 4:3-8.) Jewova te pini Kayen poutèt li asasinen Abèl (Jenèz 4:9-11). Kidonk, kòlè ak lahèn se bagay ki danjere paske yo ka fè nou vin vyolan oswa mechan. Yon moun ki konsa pap ka gen lavi ki pap janm fini an. (Li 1 Jan 3:15.) Pou nou fè Jewova plezi, nou dwe aprann renmen tout moun. — 1 Jan 3:11, 12.

4. Ki sa youn nan lwa Bondye te bay Izrayelit yo aprann nou sou lavi ki se yon kado?

4 Plizyè milye ane annapre, Jewova te montre li konsidere lavi kòm yon bagay ki gen anpil valè lè l te bay Moyiz Dis Kòmandman yo. Gen youn nan lwa yo ki di: “Nou pa dwe asasinen moun.” ​(Detewonòm 5:17). Si yon moun te fè espre li touye yon moun, yo t ap touye l tou.

5. Ki jan Bondye santi l lè yon moun jete pitit?

5 Ki jan Bondye santi l lè yon moun jete pitit? Menm lavi yon timoun ki nan vant gen anpil valè pou Jewova. Nan Lwa Jewova te bay Izrayelit yo, Jewova te di si yon moun frape yon fi ansent e sa lakòz tibebe a mouri, yo ta dwe touye moun ki fè sa a. (Li Egzòd 21:22, 23; Sòm 127:3.) Sa fè nou konnen jete pitit se yon bagay ki mal. — Gade nòt 28.

6, 7. Kòman nou ka montre Jewova nou bay lavi anpil valè?

6 Kòman nou ka montre Jewova nou bay lavi nou ak lavi lòt moun anpil valè? Lè nou pa fè anyen ki met lavi nou oswa lavi lòt moun an danje. Kidonk, nou pap ni fimen ni pran tabak oswa grenn betèl oubyen lòt dwòg, paske yo ka fè nou soufri e yo ka touye nou.

7 Se Bondye ki ban nou lavi nou genyen an ak kò nou genyen an, e nou dwe itilize yo fason li vle nou fè sa. Se sa k fè nou bezwen byen pran swen kò nou. Si nou pa fè sa, n ap vin pa pwòp nan je Bondye (Women 6:19; 12:1; 2 Korentyen 7:1). Nou pa kapab adore Jewova, li menm ki ban nou lavi, si nou pa konsidere lavi kòm yon bagay ki gen anpil valè. Menm lè sa difisil anpil pou nou kite yon seri move abitid, Jewova ap ede nou si nou fè efò paske nou konsidere lavi kòm yon bagay ki gen anpil valè.

8. Ki sa n ap fè pou nou asire n nou pa met lavi nou oswa lavi lòt moun an danje?

8 Nou sot aprann lavi se yon kado ki gen anpil valè. Jewova gen konfyans n ap fè tout sa n kapab pou n pa janm met lavi nou oswa lavi lòt moun an danje. Nou fè sa nan fason n ap kondui machin nou, motosiklèt nou oswa lòt bagay ankò. Nou evite spò ki danjere oswa ki vyolan (Sòm 11:5). Epitou, nou fè tout sa n kapab pou kay nou an sekirite. Men kòmandman Jewova te bay Izrayelit yo: “Si nou fèk bati yon kay, nou dwe fè yon balistrad [oswa yon ti mi] sou do kay la pou nou menm ak moun lakay nou pa responsab san yon moun ki ta sot sou do kay la e li tonbe anba.” — Detewonòm 22:8.

9. Kòman nou dwe aji ak bèt yo?

9 Menm fason nou aji ak bèt yo gen enpòtans pou Jewova. Li pèmèt nou touye bèt pou nou manje, pou nou fè rad e li pèmèt nou touye bèt ki mete lavi nou an danje (Jenèz 3:21; 9:3; Egzòd 21:28). Men, nou pa dwe maltrete bèt oswa touye yo jis pou plezi. — Pwovèb 12:10.

RESPEKTE LAVI KI SE YON BAGAY KI SAKRE

10. Ki jan nou fè konnen san reprezante lavi?

10 San se bagay ki sakre pou Jewova paske san reprezante lavi. Apre Kayen te fin asasinen Abèl, Jewova te di Kayen: “Men san frè w la atè a ap rele m pou l mande jistis.” ​(Jenèz 4:10). San Abèl te reprezante lavi Abèl, e Jewova te pini Kayen paske l te touye Abèl. Apre delij la ki te fèt nan epòk Noye a, Jewova te montre yon lòt fwa ankò san reprezante lavi. Jewova te bay Noye ak fanmi l pèmisyon pou yo manje vyann bèt. Li te di: “Nou ka manje nenpòt bèt k ap fè mouvman e ki vivan. Menm jan mwen te ban nou plant yo pou nou manje, mwen ban nou tout bèt pou nou manje.” Men, se yon sèl bagay Jewova te ba yo lòd pou yo pa manje. Men sa l te di: “Sèlman, nou pa dwe manje bèt ki ak tout san l nan li, paske san se lavi.” — Jenèz 1:29; 9:3, 4.

11. Ki kòmandman konsènan san Bondye te bay nasyon Izrayèl la?

11 Anviwon 800 ane apre Jewova te di Noye pou l pa manje san, yon lòt fwa ankò, men lòd li te bay pèp li a: “Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap viv nan mitan nou al lachas e li kenbe yon bèt nan bwa oswa yon zwazo nou gen dwa manje, li dwe vide san bèt la atè e li dwe kouvri san an ak tè.” Apre sa, li te di: “Nou pa dwe manje okenn san.” ​(Levitik 17:13, 14). Jewova te toujou vle pou pèp li a konsidere san kòm yon bagay ki sakre. Yo te kapab manje vyann, men yo pa t gen dwa manje san. Lè yo te touye yon bèt pou yo manje, yo te dwe kite san an koule atè.

12. Ki jan kretyen yo konsidere san?

12 Kèk ane apre lanmò Jezi, apot yo ak ansyen yo nan kongregasyon Jerizalèm nan te reyini pou yo deside ki pati nan Lwa Bondye te bay Izrayelit yo ki toujou aplikab pou kretyen yo. (Li Travay 15:28, 29; 21:25.) Jewova te ede yo konprann san toujou gen anpil valè pou li e yo toujou bezwen konsidere san kòm yon bagay ki sakre. Kretyen yo nan premye syèk la pa t gen dwa ni manje san, ni bwè san, ni manje vyann ki pa t byen senyen. Si yo te fè sa, se t ap yon bagay ki mal menm jan ak adore zidòl oswa fè imoralite seksyèl. Depi nan epòk sa a, vrè kretyen yo refize manje san oswa bwè san. E jounen jodi a? Jewova toujou vle nou konsidere san kòm yon bagay ki sakre.

13. Poukisa kretyen yo pa aksepte pran san?

13 Èske sa vle di kretyen yo dwe refize pran san tou? Wi, se sa sa vle di. Jewova te ban nou lòd pou nou pa ni manje san ni bwè san. Si yon doktè di w pa bwè alkòl, èske w t ap pran l nan venn ou? Se sèten ou pa t ap fè sa! Menm jan an tou, kòmandman ki di pou n pa ni manje san ni bwè san an vle di nou pa dwe aksepte pran san. — Gade nòt 29.

14, 15. Poukisa sa enpòtan pou yon kretyen respekte lavi e pou l obeyi Jewova?

14 Ki sa nou ta dwe fè si yon doktè di nou n ap mouri si nou pa pran san? Se chak moun ki dwe deside si l ap obeyi lwa Bondye bay sou san an. Kretyen yo gen anpil respè pou lavi ki se yon kado Bondye bay, e n ap chèche jwenn lòt tretman pou nou rete an vi. Men, nou pap aksepte pran san.

15 Nou fè tout sa n kapab pou n ret an sante, men, piske lavi gen anpil valè pou Bondye, nou pap aksepte pran san. Li pi enpòtan pou n obeyi Jewova olye pou n dezobeyi l nan chèche pwolonje lavi nou. Jezi te di: “Nenpòt moun ki vle sove lavi l ap pèdi l. Men, nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen, l ap jwenn li.” ​(Matye 16:25). Nou vle obeyi Jewova paske nou renmen l. Li konnen sa ki pi bon pou nou, e menm jan ak Jewova, nou konsidere lavi kòm yon bagay ki gen anpil valè e ki sakre. — Ebre 11:6.

16. Poukisa sèvitè Bondye yo obeyi Bondye?

16 Sèvitè fidèl Bondye yo detèmine pou yo obeyi lwa li bay sou san an. Yo pap ni manje san ni bwè san, e yo pap aksepte pran san pou pwoblèm sante *. Men, y ap aksepte lòt tretman pou yo ka pwoteje lavi yo. Yo gen konviksyon Sila a ki kreye lavi ak san an konnen sa ki pi bon pou yo. Èske w kwè li konnen sa ki pi bon pou ou?

SÈL FASON JEWOVA TE PÈMÈT MOUN SÈVI AK SAN

17. Ann Izrayèl, ki sèl fason Jewova te pèmèt moun sèvi ak san?

17 Nan Lalwa Jewova te bay Moyiz la, Li te di Izrayelit yo: “Lavi se nan san an li ye, e mwen ban nou l pou nou ka jwenn padon sou lotèl la [oswa pou nou mande padon] pou tèt nou, paske se san an k ap fè nou jwenn padon.” ​(Levitik 17:11). Lè Izrayelit yo te peche, yo te ka mande Jewova padon lè yo bay yon bèt kòm sakrifis e lè yo mande prèt la pou l vide enpe nan san bèt la sou lotèl la nan tanp lan. Se te sèl fason Jewova te pèmèt Izrayelit yo sèvi ak san.

18. Ki posiblite sakrifis Jezi a ban nou?

18 Lè Jezi te vin sou tè a, li te ranplase lwa sou sakrifis bèt yo lè l te bay lavi l oswa san l pou padon peche nou (Matye 20:28; Ebre 10:1). Lavi Jezi te tèlman gen valè, apre Jewova te resisite Jezi pou l al nan syèl, Jewova te ka bay tout moun posiblite pou yo viv pou toutan. — Jan 3:16; Ebre 9:11, 12; 1 Pyè 1:18, 19.

Ki jan w ka montre ou respekte lavi ak san?

19. Ki sa nou dwe fè pou nou “pa responsab san pèsonn”?

19 Nou gen Jewova rekonesans pou bèl kado sa a li ban nou an, anpalan de lavi. E nou vle fè moun yo konnen, si yo gen lafwa nan Jezi, yo kapab viv pou toutan. Nou renmen moun yo e n ap fè tout sa n kapab pou n anseye yo sa yo dwe fè pou yo gen lavi (Ezekyèl 3:17-21). Konsa, menm jan ak apot Pòl, n ap kapab di: “Mwen pa responsab san pèsonn, paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout sa Bondye deside.” ​(Travay 20:26, 27). Wi, nou montre nou gen gwo respè pou lavi ak san lè nou pale ak lòt moun de Jewova e nou fè yo konnen lavi gen anpil valè pou li.

^ § 16 Pou w jwenn enfòmasyon sou kesyon pran san an, gade paj 77-79 nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.