Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIS

Laverite sou zanj yo

Laverite sou zanj yo

1. Poukisa nou bezwen aprann konnen zanj yo?

JEWOVA vle nou konnen fanmi l. Zanj yo fè pati fanmi Bondye. Nan Labib, yo rele yo “pitit Bondye”. (Jòb 38:7.) Ki sa zanj yo ap fè? Kòman yo te konn ede moun nan tan lontan? Èske yo kapab ede nou jodi a? — Gade nòt 8.

2. Ki kote zanj yo soti? Konbyen zanj Bondye te kreye?

2 Nou bezwen konnen ki kote zanj yo soti. Kolosyen 1:16 fè nou konnen, apre Jewova fin kreye Jezi, li “kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a”. Sa gen ladan l zanj yo. Konbyen zanj li te kreye? Labib di gen plizyè santèn milyon zanj. — Sòm 103:20; Revelasyon 5:11.

3. Ki sa Jòb 38:4-7 fè nou konnen sou zanj yo?

3 Labib aprann nou tou Jewova te kreye zanj yo anvan l te kreye tè a. Ki jan yo te santi yo lè yo te wè tè a? Liv Jòb la fè nou konnen yo te kontan. Yo te yon fanmi ki pwòch ak Jewova e yo t ap sèvi l ansanm. — Jòb 38:4-7.

ZANJ YO EDE PÈP BONDYE A

4. Ki jan nou fè konnen zanj yo enterese nan lèzòm?

4 Zanj yo toujou enterese nan lèzòm ak nan objektif Jewova gen pou tè a e pou lèzòm (Pwovèb 8:30, 31; 1 Pyè 1:11, 12). Sa dwe te fè yo tris anpil lè Adan ak Èv te fè rebelyon. Sa dwe fè yo pi tris toujou lè yo wè pifò moun dezobeyi Jewova. Men, lè yon moun repanti epi l retounen vin jwenn Bondye, zanj yo kontan (Lik 15:10). Zanj yo enterese anpil nan moun k ap sèvi Bondye yo. Jewova sèvi ak zanj yo pou ede sèvitè l yo sou tè a e pou pwoteje yo (Ebre 1:7, 14). Ann wè kèk egzanp sou sa.

“Bondye m nan te voye yon zanj li vin fèmen bouch lyon yo.” — Dànyèl 6:22.

5. Ki jan zanj te konn ede sèvitè Bondye nan tan lontan?

5 Jewova te voye de zanj vin ede Lòt ak fanmi l pou yo ka chape anba destriksyon vil Sodòm ak Gomò (Jenèz 19:15, 16). Plizyè santèn ane apre, yo te lage pwofèt Dànyèl nan yon twou ki gen lyon, men, anyen mal pa t rive l paske Bondye “te voye yon zanj li vin fèmen bouch lyon yo”. (Dànyèl 6:22.) Annapre, lè apot Pyè te nan prizon, Jewova te voye yon zanj vin libere l (Travay 12:6-11). Zanj yo te ede Jezi tou lè l te sou tè a. Pa egzanp, apre Jezi fin batize, “zanj yo te ede l”. (Mak 1:13.) Yon ti tan anvan yo te touye Jezi, gen yon zanj ki te “ba l fòs”. — Lik 22:43.

6. a) Ki jan nou fè konnen zanj yo ap ede pèp Bondye a jodi a? b) Ki kesyon nou pral reponn kounye a?

6 Jodi a, zanj yo pa parèt devan moun ankò. Men, Bondye toujou sèvi ak zanj pou l ede sèvitè l. Labib di: “Zanj Jewova a pwoteje moun ki gen lakrentif pou Bondye yo e li sove yo.” ​(Sòm 34:7). Poukisa nou bezwen pwoteksyon? Paske nou gen yon seri ènmi pisan ki vle fè nou mal. Kiyès yo ye? Ki kote yo soti? Ki jan y ap eseye fè nou mal? Pou n reponn kesyon sa yo, annou wè sa k te rive yon ti tan apre Bondye fin kreye Adan ak Èv.

NOU GEN ÈNMI KI ENVIZIB

7. Ki sa moun yo fè akoz Satan twonpe yo?

7 Nan chapit 3 a, nou te aprann gen yon zanj ki te fè rebelyon kont Bondye e ki te vle dirije lòt kreyati. Labib rele l Satan Ledyab (Revelasyon 12:9). Satan te vle pou lòt kreyati fè rebelyon kont Bondye tou. Li te reyisi twonpe Èv, e depi lè sa a, li twonpe pifò moun. Men, gen kèk moun, tankou Abèl, Enòk ak Noye ki te rete fidèl ak Jewova. — Ebre 11:4, 5, 7.

8. a) Ki jan kèk zanj te vin tounen demon? b) Ki sa demon yo te fè pou yo chape lè delij la?

8 Nan epòk Noye a, kèk zanj te fè rebelyon e yo te kite kote yo rete nan syèl la pou yo vin viv antanke moun sou tè a. Poukisa yo te fè sa? Labib fè nou konnen yo te vle gen madanm. (Li Jenèz 6:2.) Men, se yon bagay ki mal pou zanj yo fè sa (Jid 6). Menm jan ak zanj mechan sa yo, pifò moun nan epòk sa a te vin kòwonpi e yo te vin vyolan. Se sa k fè Jewova te deside detwi moun mechan yo lè l te kouvri tout tè a ak dlo. Men, li te sove sèvitè fidèl li yo (Jenèz 7:17, 23). Pou zanj mechan yo te ka chape, yo te retounen nan syèl la. Labib rele zanj mechan sa yo demon. Yo te chwazi al jwenn Satan nan rebelyon l te fè a, e Dyab la te vin chèf yo. — Matye 9:34.

9. a) Ki sa k te rive demon yo lè yo te retounen nan syèl la? b) Ki sa nou pral aprann kounye a?

9 Piske demon yo te rebèl, Jewova pa t aksepte yo retounen nan fanmi l (2 Pyè 2:4). Demon yo pa ka tounen moun ankò, men, yo toujou “ap twonpe lemonnantye”. (Revelasyon 12:9; 1 Jan 5:19.) Annou chèche konnen fason yo reyisi twonpe anpil moun. — Li 2 Korentyen 2:11.

FASON DEMON YO TWONPE MOUN

10. Ki jan demon yo twonpe moun?

10 Demon yo twonpe moun divès fason. Lè moun antre an kontak ak demon, yo fè sa swa dirèkteman swa pa mwayen yon lòt moun, tankou bòkò oswa majisyen. Sa yo se bagay ki gen rapò ak demon oswa movèzespri. Men, Labib ban nou lòd pou nou rete lwen tout bagay ki gen rapò ak demon (Galat 5:19-21). Poukisa? Menm jan yon moun k ap fè lachas sèvi ak yon pèlen pou l pran bèt, se konsa demon yo sèvi ak yon seri taktik pou yo pran moun nan pèlen e pou yo gen kontwòl yo. — Gade nòt 26.

11. Ki sa divinasyon ye, e poukisa nou dwe evite l?

11 Youn nan taktik yo itilize se divinasyon. Sa vle di yo fè moun sèvi ak pouvwa mistik pou yo chèche konnen lavni oswa bagay moun pa konnen. Yon moun ka eseye fè sa lè l egzamine zetwal yo, lè l chèche konnen sa k pral rive, lè l pase kat, lè l sèvi ak boul kristal oswa lè l li men moun. Anpil moun panse pratik sa yo san danje, men, se pa vre. Yo gen gwo danje ladan yo. Pa egzanp, Labib montre demon yo ak divinò yo travay ansanm. Nan Travay 16:16-18, nou aprann gen “yon demon ki konn fè konnen sa k pral rive” ki te ede yon tifi anonse “sa k pral rive”. Apre apot Pòl te fin chase demon an, tifi a pa t kapab anonse sa k pral rive ankò.

12. a) Poukisa se yon danje lè yon moun ap eseye kominike ak mò? b) Poukisa sèvitè Bondye yo pa janm suiv koutim ki gen rapò ak demon?

12 Demon yo konn itilize yon lòt taktik pou yo pran moun nan pyèj. Yo eseye fè nou kwè li posib pou nou pale ak mò e moun ki mouri yo al kontinye viv yon kote e yo ka kominike ak nou oswa yo ka fè nou mal. Pa egzanp, yon moun ki gen zanmi l oswa fanmi l ki mouri gendwa al kote yon moun, tankou yon moun ki konn chèche pale ak mò, ki fè konnen li ka pale ak moun ki mouri a. Moun ki konn chèche pale ak mò a ka di moun ki vin kote l la yon bagay enteresan konsènan zanmi l oswa fanmi l ki mouri a e li ka menm imite vwa moun ki mouri a (1 Samyèl 28:3-19). Epitou, gen anpil koutim moun suiv lè yo gen yon moun ki mouri ki baze sou kwayans ki fè konnen moun ki mouri a kontinye ap viv yon lòt kote. Sa gen ladan l fèt yo fè apre antèman, selebrasyon dat moun nan te mouri a, sakrifis pou mò, koutim moun ki gen madanm yo oswa mari yo ki mouri konn suiv oswa kèk koutim ki gen rapò ak vèy. Lè kretyen yo refize suiv koutim sa yo, fanmi yo oswa moun nan zòn kote y ap viv la ka kritike yo, yo ka joure yo oswa yo ka refize pran kontak ak yo. Men kretyen yo konnen mò yo pap viv yon lòt kote. Li enposib pou nou kominike ak yo e yo pa ka fè nou mal (Sòm 115:17). Pran anpil prekosyon. Pa janm eseye kominike ak mò oswa ak demon e pa janm suiv koutim ki gen rapò ak demon. — Li Detewonòm 18:10, 11; Ezayi 8:19.

13. Ki sa anpil moun ki te konn pè demon rive fè?

13 Demon yo pa sèlman twonpe moun, men yo fè yo pè tou. Jodi a, Satan ansanm ak demon l yo konnen se yon “tikras tan” sèlman yo rete anvan Bondye retire yo sou tè a, se poutèt sa yo vin pi vyolan e pi agresif (Revelasyon 12:12, 17). Sepandan, plizyè milye moun ki te konn pè demon pa pè yo ankò. Sa k fè yo pa pè demon ankò?

REZISTE AK DEMON YO EPI W AP LIBERE ANBA YO

14. Menm jan ak kèk kretyen nan premye syèk la, kòman nou ka libere anba demon yo?

14 Labib fè nou konnen fason nou ka reziste ak demon yo e fason nou ka libere anba yo. Pa egzanp, gen kèk moun nan vil Efèz ki te konn kominike ak demon anvan yo te aprann laverite. Ki jan yo te fè libere? Labib di: “Anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun.” ​(Travay 19:19). Piske moun sa yo te vle vin kretyen, yo te detwi tout liv maji yo te genyen. Jodi a, li nesesè pou n fè menm bagay la. Tout moun ki vle sèvi Jewova bezwen debarase yo ak tout bagay ki gen rapò ak demon. Sa gen ladan l liv, jounal, owoskòp, fim, mizik, jwèt e menm afich piblisite ki kapab fè bagay ki gen rapò ak maji oswa ak demon oubyen bagay mistik parèt san danje oswa atiran. Sa gen ladan l tou bagay moun yo met sou yo pou pwoteje yo kont sa ki mal. — 1 Korentyen 10:21.

15. Ki lòt bagay nou bezwen fè pou nou reziste kont Satan ak demon yo?

15 Kèk ane apre kretyen Efèz yo fin detwi liv maji yo te genyen yo, apot Pòl te ekri yo pou fè yo konnen yo toujou gen “yon konba” ak yon lit y ap mennen “kont espri mechan yo”. (Efezyen 6:12.) Wi, menm lè yo te deja boule liv yo te genyen yo, demon yo te toujou ap eseye fè yo mal. Donk, ki lòt bagay yo te bezwen fè? Pòl te di yo: “Se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. Se avè l n ap kapab etenn [oswa bloke] tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou.” ​(Efezyen 6:16). Menm jan yon boukliye pwoteje yon sòlda nan lagè, lafwa nou ka pwoteje nou. Si nou kwè toutbonvre Jewova ka pwoteje nou, n ap kapab reziste kont Satan ak demon yo. — Matye 17:20.

16. Ki jan nou ka fè lafwa nou gen nan Jewova vin pi solid?

16 Ki jan nou ka fè lafwa nou gen nan Jewova vin pi solid? Nou bezwen li Labib chak jou e nou bezwen aprann konte sou Bondye pou l pwoteje nou. Si nou gen yon konfyans total nan Jewova, Satan ak demon yo pap kapab fè nou mal. — 1 Jan 5:5.

17. Ki lòt bagay k ap pwoteje nou kont demon yo?

17 Ki lòt bagay kretyen nan Efèz yo te bezwen fè? Yo t ap viv nan yon vil ki te chaje ak bagay ki gen rapò ak demon. Se sa k fè Pòl te di yo: “Kontinye priye nan tout okazyon.” ​(Efezyen 6:18). Yo te bezwen mande Jewova pwoteksyon l tout tan. E nou menm? N ap viv nan yon monn ki chaje ak bagay ki gen rapò ak demon tou. Se sa k fè, nou menm tou, nou bezwen mande Jewova pwoteksyon l e nou bezwen sèvi ak non l lè n ap priye. (Li Pwovèb 18:10.) Si nou kontinye mande Jewova pou l delivre nou anba Satan, Jewova ap reponn priyè nou yo. — Sòm 145:19; Matye 6:13.

18, 19. a) Ki jan nou kapab pot laviktwa nan konba n ap mennen kont Satan ak demon yo? b) Ki kesyon nou pral reponn nan chapit ki vin apre a?

18 Si nou debarase nou ak tout bagay ki gen rapò ak demon e si nou konte sou Jewova pou l pwoteje nou, n ap kapab reziste kont Satan ak demon yo. Nou pa bezwen pè yo. (Li Jak 4:7, 8.) Jewova gen plis pouvwa lontan pase demon yo. Li te pini yo nan epòk Noye a, e li pral detwi yo alavni (Jid 6). Pa bliye, nou pa poukont nou nan konba n ap mennen an. Jewova sèvi ak zanj li yo pou l pwoteje nou (2 Wa 6:15-17). Nou kapab gen konfyans, grasa èd Jewova ban nou, n ap kapab pot laviktwa nan konba n ap mennen kont Satan ak demon yo. — 1 Pyè 5:6, 7; 2 Pyè 2:9.

19 Men, si Satan ak demon yo lakòz tout soufrans sa yo, poukisa Bondye poko detwi yo? Nou pral reponn kesyon sa a nan chapit ki vin apre a.