Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1YE PATI

Soti nan lakreyasyon pou rive nan delij la

Soti nan lakreyasyon pou rive nan delij la

Kòman syèl la ak tè a fè egziste ? Kòman solèy la, lalin nan, zetwal yo ak tout sa ki sou tè a fè vin egziste ? Bib la ban nou vrè repons lan lè l di nou se Bondye ki kreye yo. Se sa ki fè liv nou an kòmanse avèk istwa sou lakreyasyon.

Nou aprann premye kreyasyon Bondye fè se espri ki sanble avè l. Se zanj yo. Men, Bondye te kreye tè a pou moun tankou nou. Konsa, Bondye te fè yon gason yo te rele Adan ansanm ak yon fi yo te rele Èv, epi li te mete yo nan yon bèl jaden. Men, yo te dezobeyi Bondye, e sa te fè yo pèdi dwa pou yo kontinye viv.

Gen 1656 ane antou ki te pase soti lè Adan te fèt pou rive nan delij la. Nan epòk sa a, te gen anpil mechan. Nan syèl la, te gen Satan avèk move zanj li yo kòm espri envizib. Sou tè a, te gen Kayen ansanm ak anpil lòt mechan. Nan mitan yo, te gen yon seri de potorik gason ki te gen fòs estrawòdinè sou yo. Men, sou tè a te gen bon moun tou tankou Abèl, Enòk ak Noye. PREMYE pati a pral pale de tout moun sa yo ansanm ak evènman ki te pase nan epòk sa a.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 1

Bondye kòmanse kreye

Menm timoun kapab konprann istwa kreyasyon an e li kapab enterese yo.

ISTWA 2

Yon jaden san parèy

Dapre liv Jenèz la, Bondye te fè jaden Edenn nan tounen yon kote espesyal. Bondye te vle pou tout tè a vin egzakteman tankou bèl jaden li te fè a.

ISTWA 3

Premye gason an ak premye fi a

Bondye te kreye Adan ak Èv e li te mete yo nan jaden Edenn nan. Se yo menm ki premye moun ki te marye.

ISTWA 4

Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a

Liv Jenèz la ki nan Bib la fè nou konnen ki jan Paradi a te fè pèdi.

ISTWA 5

Yo kòmanse pase mizè

Adan ak Èv jwenn anpil pwoblèm pandan yo pap viv nan jaden Edenn nan. Si yo te obeyi Bondye, ni yo menm ni pitit yo t ap gen kè kontan.

ISTWA 6

Yon bon pitit, yon move pitit

Istwa Kayen ak Abèl la ki nan liv Jenèz la fè nou konnen ki kalite moun nou ta dwe ye e ki sa pou n chanje lakay nou anvan l twò ta.

ISTWA 7

Yon gason ki brav

Egzanp Enòk la montre nou ka fè sa byen, menmsi moun bò kote nou ap fè sa ki mal.

ISTWA 8

Men jeyan sou tè a

Jenèz chapit 6 la pale de jeyan ki te konn fè moun mal. Yo te rele jeyan sa yo Nefilim e yo te pitit move zanj ki te kite syèl la e ki te vin viv sou tè a.

ISTWA 9

Noye bati yon lach

Noye ak fanmi l te chape anba delij la paske yo te obeyi Bondye menm lè lòt moun pa t koute.

ISTWA 10

Gwo delij dlo a

Moun k ap ri lè Noye ap avèti yo. Men, yo pa t ap ri lè dlo delij la te kòmanse tonbe sot nan syèl la. Gade ki jan lach Noye te fè a te sove Noye, fanmi l ak anpil bèt.