Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 3

Premye gason an ak premye fi a

Premye gason an ak premye fi a

KI SA w wè ki diferan nan foto a ? Nan foto a gen moun. Moun sa yo se de premye mesye dam yo. Kiyès ki fè yo ? Se Bondye ki fè yo. Ou konn non Bondye ? Bondye rele Jewova. Mesye a rele Adan epi fi a rele Èv.

Men ki jan Bondye te fè Adan : li pran enpe pousyè tè, li fè yon kò gason avè l, yon kò ki san defo. Kounye a, li soufle nan tou nen gason an, epi menni, Adan gen lavi.

Jewova te gen yon travay pou l bay Adan fè. Li te di l bay tout kalite bèt non. Pou Adan te rive bay bèt yo non ki pi ale ak yo a, siman sa te mande pou l pase anpil tan ap obsève yo. Pandan Adan t ap bay bèt yo non, te gen yon bagay li te remake. Èske w konn sa l te ye ?

Chak bèt te gen yon konpay. Te gen papa elefan ak manman elefan. Te gen papa lyon ak manman lyon. Men, Adan pa t gen pèsonn ki pou sèvi l konpay. Sa Jewova fè, li andòmi Adan byen andòmi epi li pran youn nan zo kòt li yo. Avèk zo kòt sa a, Jewova fè yon fi ki vin madanm Adan.

Se pa ti kontan Adan te kontan ! Epi imajine jan Èv dwe te kontan pou l wè yo mete l viv nan yon bèl jaden konsa ! Kounye a, yo ka fè pitit e yo ka viv ansanm ak kè kontan.

Jewova te vle pou Adan ak Èv viv pou toutan. Li te vle pou yo fè tout tè a vin bèl menm jan ak jaden Edenn nan. Ala kontan Adan ak Èv dwe te kontan lè yo t ap reflechi sou travay sa a ! E ou menm, èske w pa t ap renmen patisipe nan yon travay konsa pou w fè tè a vin tounen yon bèl jaden ? Men, Adan ak Èv pa t ret alèz pou anpil tan. Ann wè sa k fè sa.