Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 8

Men jeyan sou tè a

Men jeyan sou tè a

KI SA w t ap panse si w ta wè yon moun wotè plafon kay ou a ap mache vin sou ou ? Ou t ap di se yon jeyan, pa vre ? Ebyen, yon lè te gen jeyan sou tè a toutbonvre. Bib la montre se zanj ki sot nan syèl la ki te papa yo. Men, kòman sa te fè fèt ?

Sonje byen, move zanj ki rele Satan an se dezòd li t ap plede kreye. Ata eseye li t ap eseye kòwonp zanj Bondye yo. Avèk letan, vin gen nan zanj sa yo ki kòmanse koute Satan. Yo sispann fè travay Bondye ba yo fè nan syèl la. Yo desann sou tè a, yo pran fòm kò moun. Ou konn poukisa ?

Bib la di se paske pitit Bondye sa yo te wè gen bèl medam sou tè a e yo te vle viv ansanm avèk yo. Donk, yo desann vin sou tè a epi yo te marye avèk medam yo. Bib la di konsa se yon move bagay zanj yo te fè la a, paske se nan syèl Bondye te fè yo pou yo viv.

Lè zanj yo ak madanm yo te vin fè pitit, tibebe yo fè yo te diferan. Diferans lan pa t tèlman parèt kou yo fèk fèt. Men tank y ap grandi, se tank y ap vin men gwosè, se tank y ap pran plis fòs jiskaske yo tounen jeyan.

Jeyan sa yo te mechan. E kòm yo te gwonèg, yo te konn fè moun mechanste. Yo t ap eseye fòse moun pou yo vin mechan menm jan avèk yo.

Enòk te gentan mouri. Men kounye a, te gen yon mesye sou tè a ki te yon bon moun. Yo te rele l Noye. Se sa Bondye te vle l fè li te toujou fè.

Yon jou, Bondye di Noye konsa lè a rive pou Li detwi tout mechan. Men, Bondye t apral sove Noye ak fanmi l ansanm ak yon bon valè bèt. Ann al wè kòman Bondye te fè sa.