Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

2YÈM PATI

Soti nan delij la pou rive nan liberasyon anba peyi Ejip

Soti nan delij la pou rive nan liberasyon anba peyi Ejip

Se uit moun sèlman ki te chape anba delij la. Men tan ap pase, yo peple jiskaske yo rive anpil milye moun. Epi, 352 an apre delij la, Abraram te vin fèt. Nou aprann ki jan Bondye te kenbe pwomès li lè l te bay Abraram yon pitit gason yo te rele Izarak. Apre sa, nan de pitit gason Izarak yo, se Jakòb Bondye te chwazi.

Jakòb te gen anpil pitit : li te gen 12 pitit gason san konte pitit fi. Dis nan pitit gason Jakòb yo te rayi Jozèf, ti frè yo a, e yo te vann li pou l vin esklav ann Ejip. Apre sa, Jozèf te vin yon gwo chèf ann Ejip. Lè te vin gen yon gwo grangou, Jozèf te teste frè l yo pou l wè si kè yo chanje. Finalman, tout fanmi Jakòb, tout Izrayelit yo, te bwote al ann Ejip. Sa te pase 290 an apre Abraram te fin fèt.

Izrayelit yo te pase 215 an ankò ap viv ann Ejip. Apre Jozèf fin mouri, yo te fè yo tounen esklav. Apre kèk tan, Moyiz vin fèt. Bondye te sèvi avè l pou l delivre Izrayelit yo anba peyi Ejip. Antou, tout istwa ki nan DEZYÈM pati a te pran 857 ane.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 11

Premye lakansyèl la

Ki sa w ta dwe sonje lè w wè yon lakansyèl?

ISTWA 12

Lèzòm konstwi yon tou men wotè

Bondye pa t kontan, e pinisyon li te bay mesye sa yo gen efè sou nou jis jounen jodi a.

ISTWA 13

Abraram, zanmi Bondye

Poukisa Abraram te kite kay li ki te konfòtab pou l al pase vi l anba tant?

ISTWA 14

Bondye teste lafwa Abraram

Poukisa Bondye mande Abraram pou l sakrifye Izarak, pitit gason l lan?

ISTWA 15

Madan Lòt vire gade dèyè

Nou ka aprann yon bèl leson nan sa l te fè a.

ISTWA 16

Izarak jwenn yon bon madanm

Ki sa k te fè Rebeka te yon bon madam konsa? Èske se paske l te bèl oswa yon lòt bagay?

ISTWA 17

De jimo, de moun diferan

Izarak, papa yo, te pi renmen Ezayi, men Rebeka, manman yo, te pi renmen Jakòb.

ISTWA 18

Jakòb ale Aràn

Jakòb marye ak Leya anvan malgre se Rachèl li te renmen.

ISTWA 19

Fanmi Jakòb gen anpil moun

Èske 12 tribi Izrayèl yo pote non 12 pitit gason Jakòb yo?

ISTWA 20

Dina tonbe nan pwoblèm

Sa te kòmanse akoz move zanmi.

ISTWA 21

Frè Jozèf yo rayi l

Ki sa k te ka fè kèk nan yo vle touye pwòp frè yo?

ISTWA 22

Yo mete Jozèf nan prizon

Se pa paske l te dezobeyi yon lwa ki fè yo mete l nan prizon, yo mete l nan prizon paske l te fè sa ki byen.

ISTWA 23

Rèv Farawon yo

Sèt bèf yo ak sèt zepi yo sanble.

ISTWA 24

Jozèf teste frè l yo

Ki jan l ap fè konnen si yo chanje depi apre yo te fin vann li kòm esklav la?

ISTWA 25

Fanmi an bwote al ann Ejip

Poukisa yo rele fanmi Jakòb yo Izrayelit, yo pa rele yo Jakobit?

ISTWA 26

Jòb fidèl anvè Bondye

Jòb pèdi byen l, sante l ak tout pitit li yo. Èske se pini Bondye ap pini l?

ISTWA 27

Yon move wa ap gouvène Ejip

Poukisa li te mande moun yo pou yo touye tibebe gason izrayelit yo?

ISTWA 28

Ti Moyiz manke mouri

Manman Moyiz jwenn yon fason pou l pa obeyi lwa ki mande pou yo touye tout tigason izrayelit yo.

ISTWA 29

Moyiz chape poul li

Moyiz te panse l te pare pou l sove izrayelit yo lè l te gen 40 an, men li potko pare.

ISTWA 30

Flanm dife nan yon touf raje

Bondye te sèvi ak yon seri mirak pou l fè Moyiz konnen lè a rive pou Moyiz fè izrayelit yo soti ann Ejip.

ISTWA 31

Moyiz ak Arawon wè ak Farawon

Poukisa Farawon pa koute Moyiz epi l kite Izrayelit yo ale?

ISTWA 32

Dis flewo yo

Bondye voye dis flewo sou Ejip, tousa paske Farawon, dirijan ejipsyen an, refize kite Izrayelit yo ale.

ISTWA 33

Yo travèse lanmè Wouj la

Moyiz fann lanmè Wouj la an de grasa pisans Bondye e Izrayelit yo travèse sou tè sèk.