Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 20

Dina tonbe nan pwoblèm

Dina tonbe nan pwoblèm

ÈSKE w wè kiyès Dina pral rann vizit la a ? Li pral wè kèk nan ti medam k ap viv nan peyi Kanaran yo. Èske papa l, anpalan de Jakòb, ap kontan ? Pou w ka reponn kesyon sa a, eseye sonje sa Izarak ak Abraram te panse de medam Kanaran yo.

Èske Abraram te vle pou pitit li Izarak marye ak yon fi ki soti Kanaran ? Non, li pa t vle. Èske Izarak ak Rebeka te vle pou pitit yo Jakòb te marye ak yon Kananeyèn ? Non, yo pa t vle. Ou konn poukisa ?

Se paske pèp Kanaran an t ap adore fo dye. Se te move moun yo te ye. Yo pa t ap fè bon mari oubyen bon madanm. Yo pa t ap fè bon zanmi. Donk, nou sèten Jakòb pa t ap kontan pou pitit fi l ta fè zanmi avèk Kananeyèn yo.

Annefè, Dina te tonbe nan pwoblèm. Èske w wè nan foto a, jan yon Kananeyen ap gade Dina ? Mesye a rele Chekèm. Yon jou, pandan Dina te al rann ti medam yo vizit, Chekèm pran l, li fòse l kouche avè l. Se te yon move bagay li te fè paske se moun marye sèlman ki sipoze kouche ansanm. Move bagay sa a Chekèm te fè Dina a te rale yon pakèt pwoblèm dèyè l.

Lè frè Dina yo aprann sa ki te pase a, yo fache anpil. Gen de ladan yo, Simeyon ak Levi, ki tèlman fache, yo pran epe yo, yo ale nan vil la, yo fè yon atak sipriz sou moun yo. Yo menm ansanm ak lòt frè yo touye Chekèm ak tout lòt gason yo. Jakòb te fache anpil pou kalite zak sa a pitit li yo te fè a.

Ki jan tout pwoblèm sa yo te kòmanse ? Dina ki te al fè zanmi avèk moun ki pa t ap obeyi lwa Bondye. Nou pa vle fè kalite zanmi konsa, pa vre ?