Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 13

Abraram, zanmi Bondye

Abraram, zanmi Bondye

YOUN nan zòn moun yo te al viv apre delij dlo a te rele Ou. Li te vin yon vil enpòtan ki te gen bèl kay ladan l. Men, moun nan vil sa a t ap adore fo dye. Se menm bagay la yo te konn fè Babèl tou. Moun Ou ak moun Babèl pa t menm moun ak ni Noye, ni Sèm pitit gason li, ki te kontinye ap sèvi Jewova.

Finalman Noye, sèvitè fidèl Bondye a, te mouri 350 ane apre delij dlo a. Dezan apre, mesye w wè nan foto a te vin fèt. Se yon moun ki te gen anpil enpòtans nan je Bondye. Yo te rele l Abraram. Li t ap viv avèk fanmi l nan vil Ou.

Yon jou, Jewova di Abraram konsa : ‘ Kite Ou ansanm ak tout fanmi w, al viv nan peyi mwen pral montre w la. ’ Èske Abraram te obeyi Bondye pou li te kite tout kalite bèl vi Ou te gen ladan l lan dèyè ? Wi, li te fè sa. Se paske li te konn obeyi Bondye ki fè yo te vin konnen li kòm zanmi Bondye.

Te gen kèk manm nan fanmi Abraram ki te ale avè l tou lè l t ap kite Ou. Pami moun sa yo, te gen papa l Tera, ak yon neve li ki te rele Lòt. Natirèlman, Sara, madanm li, te ale avè l tou. Apre kèk tan, yo tout te rive nan yon zòn ki rele Aràn, se la Tera te mouri. Kote yo te ye a te lwen anpil avèk Ou.

Kèk tan apre, Abraram ansanm ak moun lakay li kite Aràn, yo rive nan yon peyi ki rele Kanaran. Etan li nan zòn sa a, Jewova di l konsa : ‘ Se tè sa a mwen pral bay pitit ou yo. ’ Abraram te tou rete Kanaran e se anba tant li t ap viv.

Bondye te vin ap ede Abraram. Se sa k fè li te gen gwo twoupo mouton ansanm ak lòt kalite bèt. Li te gen sèvitè pa santèn lakay li. Men, li pa t gen pitit avèk Sara.

Lè Abraram te gen 99 an, Jewova di l konsa : ‘ Mwen pwomèt ou pou w vin papa anpil nasyon. ’ Men, piske Abraram avèk Sara te vin twò granmoun pou yo fè timoun, ki jan yon bagay konsa t ap rive fèt ?