ISTWA 30
Flanm dife nan yon touf raje
MOYIZ te bat tout mòn Orèb la pou l te jwenn zèb bay mouton l yo. Li wè yon flanm dife nan yon touf raje, men touf raje a pa janm boule vre !
Moyiz di nan kè l : ‘ Men, sa a se yon bagay etranj. Ban m pwoche pi pre pou m kapab wè pi byen. ’ Etan l ap pwoche konsa, li tande yon vwa ki sot nan ti touf raje a ki di l : ‘ Pa avanse pi pre. Wete sandal ou nan pye w, paske kote w ye la a, se yon kote ki sen. ’ Se Bondye ki te sèvi ak yon zanj pou pale ak Moyiz. Lè Moyiz wè sa, li bouche figi l.
Kounye a, Bondye di konsa : ‘ Mwen wè mizè pèp mwen an ap pase ann Ejip. Mwen pral libere yo. Se ou menm m ap voye al wete pèp mwen an nan peyi Ejip. ’ Jewova pral mennen pèp li a nan bèl peyi Kanaran an.
Men, Moyiz di konsa : ‘ Mwen pa anyen. Ki jan m ap fè fè yon bagay konsa ? Men, ann sipoze mwen ale. Izrayelit yo pral mande : “ Kiyès ki voye w ? ” Lè sa a, sa m ap di yo ? ’
Bondye reponn : ‘ Men sa w ap di yo : JEWOVA, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, se li ki voye m kote nou. ’ Epi Jewova di : ‘ Se konsa mwen rele pou toutan gen tan. ’
Moyiz di : ‘ Men, ann sipoze yo pa kwè lè m di yo se ou ki voye m. ’
Bondye mande Moyiz : ‘ Ki sa w gen nan men w la a ? ’
Moyiz reponn : ‘ Yon baton. ’
Bondye di Moyiz : ‘ Lage l atè. ’ Lè Moyiz lage baton an atè, baton an tounen yon sèpan. Apre sa, Jewova fè yon lòt mirak devan Moyiz. Li di l konsa : ‘ Antre men w anndan rad ou. ’ Moyiz obeyi. Men lè l retire men l, li wè men l vin blan tankou nèj ! Fò w ta di men l pran nan vye maladi yo rele lèp la. Ansuit, Bondye bay Moyiz pouvwa pou l fè yon twazyèm mirak. Finalman Bondye di Moyiz : ‘ Lè w a fè mirak sa yo devan Izrayelit yo, y ap kwè se mwen ki voye w. ’
Apre sa, Moyiz antre lakay li, li di Yitwo konsa : ‘ Silvouplè, kite m retounen al jwenn fanmi m ann Ejip, pou m wè ki jan yo ye. ’ Yitwo kite Moyiz ale, e men Moyiz tanmen yon vwayaj pou l retounen ann Ejip.