Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 31

Moyiz ak Arawon wè ak Farawon

Moyiz ak Arawon wè ak Farawon

LÈ Moyiz rive ann Ejip, li rakonte Arawon, frè l la, tout bagay sou mirak yo. Lè Moyiz ak Arawon te al fè mirak sa yo devan Izrayelit yo, tout moun te kwè Jewova avèk mesye yo.

Apre sa, Moyiz ak Arawon al kot Farawon. Yo di l konsa : ‘ Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la di : “ Kite pèp mwen an ale pou twa jou, pou yo kapab adore m nan dezè a. ” ’ Men, Farawon reponn : ‘ Mwen pa kwè nan Jewova. Mwen pap kite Izrayèl ale. ’

Farawon te ankolè poutèt pèp la te vle pran yon ti konje pou y al adore Jewova. Poutèt sa, li fòse yo travay pi di toujou. Izrayelit yo te repwoche Moyiz poutèt jan yo wè y ap maltrete yo. Sa te fè Moyiz lapenn. Men, Jewova te di Moyiz li pa bezwen enkyete l konsa. Li di l : ‘ Mwen pral fè Farawon kite pèp mwen an ale. ’

Moyiz ak Arawon al kot Farawon ankò. Fwa sa a, yo te fè yon mirak. Arawon te lage baton l lan atè. Baton an te tounen yon gwo sèpan. Men, òm saj Farawon yo te lage baton pa yo atè tou, yo te tounen sèpan tou. Men, gade ! Sèpan Arawon an ap vale sèpan òm saj yo ! Sa pa t fè Farawon kite Izrayelit yo ale pou otan.

Men, lè a te rive pou Jewova bay Farawon yon leson. Èske w konnen ki sa l te fè ? Li te voye dis flewo ou byen dis malè sou Ejip.

Aprè plizyè flewo te fin pase, Farawon voye rele Moyiz, li di l konsa : ‘ Fè flewo yo sispann, epi m ap kite Izrayèl ale. ’ Men, kou flewo a sispann, Farawon chanje lide. Li pa kite pèp la ale vre. Finalman, Farawon te voye pèp la ale sou dizyèm flewo a.

Èske w konnen toule dis flewo sa yo ? Vire paj la pou n al chèche konnen.