Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 19

Fanmi Jakòb gen anpil moun

Fanmi Jakòb gen anpil moun

GADE jan gen anpil moun nan yon fanmi. Mesye sa yo se 12 pitit Jakòb yo. E li te gen pitit fi tou. Èske w konn non kèk nan timoun yo ? Ann aprann kèk.

Leya te fè Riben, Simeyon, Levi ak Jida. Lè Rachèl te wè li pa fè pitit, sa te fè l tris anpil. Sa l fè, li bay Jakòb yon sèvant li genyen ki rele Bila, e Bila te fè de pitit, youn te rele Dàn, lòt la te rele Naftali. Apre sa, Leya bay Jakòb yon sèvant li ki rele Zilpa. Zilpa fè Gad avèk Achè. Finalman, Leya te gen de lòt pitit gason, se te Isaka avèk Zeboulòn.

Finalman, Rachèl te vin resi fè yon timoun. Li te rele l Jozèf. Nou gen pou nou aprann yon pakèt bagay sou Jozèf, paske li te vin yon moun trèzenpòtan. Se te 11 pitit gason sa yo Jakòb te genyen lè l t ap viv lakay Labàn, papa Rachèl.

Jakòb te gen pitit fi tou, men Bib la ban nou non yon sèl. Yo te rele l Dina.

Lè a te rive kote Jakòb te deside kite kay Labàn pou l retounen Kanaran. Konsa, li te rasanble tout manm fanmi l yo, gwo twoupo mouton l yo ansanm ak bann lòt betay li te genyen. Epi li te fè yon gwo vwayaj.

Jakòb ak fanmi l te gentan gen yon ti tan depi yo retounen Kanaran, lè Rachèl fè yon lòt tigason. Sa te rive etan yo te nan vwayaj. Rachèl te soufri anpil. Finalman li mouri pandan l ap fè pitit la. Men, tibebe a pa t gen anyen. Jakòb te rele l Benjamen.

Nou pa vle bliye non 12 pitit gason Jakòb yo, paske se nan yo menm tout nasyon Izrayèl la soti. Pou nou di byen, 12 tribi Izrayèl yo pote non 10 pitit gason Jakòb yo avèk de pitit Jozèf yo. Izarak te viv anpil ane apre tout pitit gason sa yo te fin fèt. Sa dwe te fè l kontan pou l wè li gen tout pitit pitit gason sa yo. Men annou wè sa ki te rive Dina, youn nan pitit pitit fi li yo.