Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 23

Rèv Farawon yo

Rèv Farawon yo

DE ANE deja pase, e Jozèf toujou nan prizon. Sèvè bwason an pa sonje Jozèf. Yon jou swa, Farawon fè de rèv trè espesyal, l ap mande tèt li ki sa rèv sa yo vle di. Èske w wè l k ap dòmi la a ? Lè l vin jou, Farawon rele tout moun save l yo epi li rakonte yo rèv li te fè yo. Men, yo pa t kapab ba l sans rèv yo.

Se kounye a sèvè bwason an resi sonje Jozèf. Li di Farawon konsa : ‘ Lè m te nan prizon an, te gen yon mesye ki te konn eksplike sans rèv. ’ Menm kote a, Farawon fè al chèche Jozèf nan prizon an.

Farawon rakonte Jozèf rèv li yo, li di l : ‘ Mwen te wè sèt bèf byen gra, byen bèl. Apre sa, mwen te wè sèt bèf tou mèg. Epi, bèf mèg yo vale bèf gra yo.

‘ Nan dezyèm rèv la, mwen te wè sèt zepi byen plen ki pouse nan yon sèl pye. Apre sa, mwen te wè sèt zepi ki te mèg e ki te sèch. Men, sèt zepi ki tou mèg yo vale sèt bon zepi yo. ’

Jozèf di Farawon konsa : ‘ Toule de rèv yo vle di menm bagay. Sèt bèf gra yo avèk sèt zepi byen plen yo vle di sèt ane. Sèt bèf mèg yo avèk sèt zepi mèg yo vle di sèt lòt ane. Pandan sèt ane, pral gen anpil manje k ap donnen ann Ejip. Pandan sèt lòt ane k ap vini yo, pral gen yon vyepti kras manje k ap donnen. ’

Apre sa, Jozèf di Farawon konsa : ‘ Chwazi yon moun ki saj, ba l responsablite pou l ranmase manje pandan sèt bon ane yo. Konsa, pèp la pap soufri grangou pandan sèt move ane kote se yon tikras manje ki pral donnen. ’

Farawon renmen lide Jozèf ba li a. Li chwazi Jozèf pou ranmase manje, epi konsève yo. Se Jozèf ki vin pi gwo chèf ann Ejip apre Farawon.

Uit ane apre, pandan peryòd grangou a Jozèf wè kèk mesye k ap vini. Èske w konnen kiyès yo ye ? Se 10 gran frè Jozèf yo. Jakòb, anpalan de papa yo, voye yo ann Ejip paske manje te kòmanse ra nan peyi Kanaran. Jozèf rekonèt frè li yo, men yo menm, yo pa rekonèt li. Èske w konn sa k fè sa ? Se paske Jozèf vin gran, epi li gen lòt kalite rad sou li.

Jozèf sonje lè l te piti, li te wè nan rèv frè l yo ki t ap pwostène devan l. Ou pa sonje ou te wè sa deja ? Konsa, Jozèf wè se Bondye ki te voye l ann Ejip, e te gen yon gwo rezon pou sa. Ki sa w panse Jozèf ap fè ? Ann al gade.