Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

3YÈM PATI

Soti nan liberasyon anba peyi Ejip pou rive nan premye wa Izrayèl la

Soti nan liberasyon anba peyi Ejip pou rive nan premye wa Izrayèl la

Lè Izrayelit yo te soti anba esklavaj ann Ejip, Moyiz te mennen yo nan mòn Sinayi. Se la Bondye te ba yo lwa l yo. Annapre, Moyiz te voye 12 gason al espyone peyi Kanaran. Men gen dis ladan yo ki te bay yon move rapò. Yo te lakòz Izrayelit yo mande pou yo retounen ann Ejip. Piske Izrayelit yo te manke lafwa, Bondye te pini yo. Li te fè yo fè 40 an ap vire won nan dezè a.

Finalman, Bondye te chwazi Jozye pou mennen Izrayelit yo nan peyi Kanaran. Jewova te fè yon seri mirak yon fason pou l fè Izrayelit yo pran peyi a. Li te fè dlo rivyè Jouden an sispann koule. Li te fè miray Jeriko a tonbe. Epi li te fè solèy la rete kanpe pandan tout yon jounen. Apre sis ane, Izrayelit yo te pran peyi a nan men Kananeyen yo.

Apati de Jozye, se jij ki te alatèt Izrayèl pandan 356 ane. N ap aprann konnen anpil nan yo, tankou Barak, Gideyòn, Yifta, Sanson ak Samyèl. Epitou, n ap li istwa yon seri medam tankou Rahab, Debora, Yayèl, Rit, Nawomi ak Dalila. Antou, TWAZYÈM pati a kouvri yon peryòd 396 ane.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 34

Yon nouvo kalite manje

Manje espesyal sa a Bondye te bay la te sot nan syèl la.

ISTWA 35

Jewova bay lwa li yo

Ki de lwa ki pi enpòtan pase Dis kòmandman yo?

ISTWA 36

Ti bèf annò a

Poukisa moun yo ap adore yon estati ki fèt ak zanno yo te fonn?

ISTWA 37

Yon tant pou bay adorasyon

Lach alyans te nan chanm ki pi fon nan tant lan.

ISTWA 38

Douz espyon yo

Dis nan espyon yo di yon bagay, men de nan yo di yon lòt bagay. Kiyès Izrayelit yo kwè?

ISTWA 39

Flè pouse sou baton Arawon an

Ki jan flè ak fwi ki mi fè pouse sou yon bout bwa nan yon nuit?

ISTWA 40

Moyiz frape wòch la

Moyiz jwenn dlo a, men li fè Jewova fache.

ISTWA 41

Yon koulèv an kuiv

Poukisa Bondye voye koulèv anpwazonnen pou mòde Izrayelit yo?

ISTWA 42

Yon bourik tonbe pale

Bourik la wè yon bagay Balaram pa ka wè.

ISTWA 43

Jozye vin alatèt pèp la

Moyiz gen fòs toujou, donk poukisa Jozye ranplase l?

ISTWA 44

Rahab kache espyon yo

Ki jan Rahab te ede de mesye yo, e ki favè l te mande yo fè l?

ISTWA 45

Yo janbe rivyè Jouden an

Gen yon mirak ki fèt lè prèt yo met pye yo nan dlo a.

ISTWA 46

Miray Jeriko yo

Ki jan yon kòd fè anpeche yon mi tonbe?

ISTWA 47

Gen yon vòlè ann Izrayèl

Èske yon sèl move moun ka lage malè sou tout yon nasyon?

ISTWA 48

Gibeyonit yo gen lespri

Yo pran Jozye ak Izrayelit yo sou plan e yo fè yo fè yo yon pwomès, men Izrayelit yo kenbe pwomès la.

ISTWA 49

Solèy la ret kanpe

Jewova fè yon bagay pou Jozye li potko janm fè anvan sa e li poko janm fè depi lè a.

ISTWA 50

De medam ki brav

Barak mennen lame Izrayèl la nan lagè. Sa k fè se Yayèl ki jwenn glwa a?

ISTWA 51

Rit ak Nawomi

Rit kite kay li pou l rete ak Nawomi e pou l sèvi Jewova.

ISTWA 52

Gideyòn ak 300 zòm li yo

Bondye te sèvi ak yon tès bwè dlo pou l te ka chwazi moun ki pou fè pati lame a.

ISTWA 53

Yifta fè yon pwomès

Pwomès li te fè Jewova a pa t afekte li menm sèlman, men li te afekte pitit fi l la tou.

ISTWA 54

Mesye ki gen plis fòs la

Ki jan Dalila te fè dekouvri sekrè ki fè Samson gen tout fòs sa a?

ISTWA 55

Yon tigason k ap sèvi Bondye

Bondye sèvi ak ti Samyèl pou l bay gran prèt Eli yon mesaj ki bay lapenn.