Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 48

Gibeyonit yo gen lespri

Gibeyonit yo gen lespri

ANPIL pèp nan Kanaran ap prepare yo pou y al batay ak Izrayèl. Yo panse yo ka gen laviktwa. Men, pèp k ap viv nan vil Gibeyòn, ki toupre a, pa panse sa. Yo kwè Bondye avèk Izrayelit yo. Yo pa vle batay kont Bondye. Ou konn ki saGibeyonit yo fè ?

Yo deside fè kòmsi yo se moun k ap viv byen lwen. Sa kèk ladan yo fè, yo abiye ak rad ki chire, yo mete sandal ki fini nan pye yo. Yo mete vye sak sou bourik yo. Yo mache avèk pen rasi. Lè yo fini, yo ale kot Jozye, yo di l konsa : ‘ Nou soti nan yon peyi ki byen lwen pou nou vin la a, paske nou tande pale de gran Jewova, Bondye nou an. Nou tande tout sa l te fè pou nou nan peyi Ejip. Se sa k fè, chèf nou yo di nou pou nou pran yon ti pwovizyon avèk nou, pou nou vwayaje vin di nou : “ Se sèvitè nou nou ye. Pwomèt nou pou nou pa fè lagè ak nou. ” Nou ka wè rad nou tou fini paske nou soti byen lwen. Epi, men pen nou yo gentan rasi. ’

Jozye ansanm avèk lòt chèf yo kwè Gibeyonit yo. Yo fè yo pwomès pou yo pa batay avèk yo. Men, apre twa jou, yo vin aprann se toupre a Gibeyonit yo rete.

Jozye mande yo : ‘ Poukisa nou te di nou se byen lwen nou soti ? ’

Gibeyonit yo reponn : ‘ Sa k fè nou te fè sa, se paske yo rakonte nou Jewova, Bondye nou an, pwomèt Izrayèl pou l ba li tout peyi Kanaran an. Nou te pè pou nou pa t touye nou. ’ Izrayelit yo kenbe pwomès yo, yo pa touye Gibeyonit yo. Yo fè yo tounen domestik yo pito.

Wa Jerizalèm nan fache lè l wè Gibeyonit yo fè lapè avèk Izrayèl. Li di kat lòt wa ki nan zòn nan konsa : ‘ Vin ede m batay ak Gibeyòn. ’ Senk wa yo fè sa vrèman. Èske Gibeyonit yo te byen fèt fè lapè ak Izrayèl piske se poutèt sa wa sa yo ap vin batay avèk yo ? Se sa nou pral wè.