Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 46

Miray Jeriko yo

Miray Jeriko yo

SA K fè miray ki antoure Jeriko a ap tonbe kraze konsa a ? Se kòmsi se yon gwo bonm ki sote l. Men, pa t ko gen bonm nan epòk sa a. Ata revolvè pa t menm genyen. Se yon lòt mirak Jewova te fè ! Annou wè ki jan sa te pase.

Tande ki saJewova di Jozye : ‘ Se pou ou menm ansanm ak sòlda w yo mache fè laviwonn vil la. Fè yon tou vil la chak jou pandan sis jou. Pote lach alyans lan avèk nou. Se pou sèt prèt mache devan lach alyans lan, epi pou yo sonnen kòn. ’

‘ Nan setyèm jou a, nou dwe fè laviwonn vil la sèt fwa. Jou sa a, n ap fè plis tan ap sonnen kòn. Tout moun ap pouse yon sèl gwo rèl, yon rèl lagè. Epi, miray yo ap sot tonbe plat atè ! ’

Jozye ansanm ak pèp la fè sa Jewova di a. Pandan y ap fè laviwonn vil la, tout moun pe. Pèsonn pa di yon mo. Se son kòn avèk bri pye ou tande sèlman. Siman ènmi pèp Bondye yo ki anndan vil la pè anpil. Èske w wè kòd wouj ki pandye nan fenèt la ? Fenèt kay ki moun li ye ? Se fenèt kay Rahab wi ! Rahab fè sa de espyon yo te di l fè a. Tout fanmi l anndan kay la ap ret veye avè l.

Finalman, nan setyèm jou a, apre yo fin fè laviwonn vil la sèt fwa, yo sonnen kòn, sòlda yo pran rele, epi miray yo sot tonbe. Jozye di konsa : ‘ Touye tout moun, mete dife nan vil la. Mete dife nan tout bagay. Se lò, ajan, kuiv ak fè sèlman pou nou kite. Bay bagay sa yo nan trezò ki nan tant Jewova a. ’

Jozye di de espyon yo konsa : ‘ Ale lakay Rahab, fè l soti ansanm ak tout fanmi l. ’ Se konsa Rahab te sove ak tout fanmi l, tankou jan espyon yo te pwomèt li a.