Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 54

Mesye ki gen plis fòs la

Mesye ki gen plis fòs la

ÈSKE w konn non moun ki gen plis fòs ki te pase sou tè a ? Se yon jij yo te rele Sanson. Se Jewova ki te ba l fòs sa a. Depi anvan Sanson te fèt, Jewova te di manman l konsa : ‘ Talè konsa ou pral gen yon pitit gason. Se li menm k ap alatèt pou sove Izrayèl anba Filisten yo. ’

Filisten yo se move moun k ap viv Kanaran. Yo gen anpil sòlda. Epi y ap fè Izrayelit yo pase mizè. Yon lè, pandan Sanson pral nan peyi Filisten yo, se konsa yon gwo lyon ap vin sou li, l ap gwonde byen fò. Li touye lyon an san l pa gen anyen nan men l. Epitou, Sanson touye Filisten mechan yo pa santèn.

Sanson vin tonbe damou pou yon dam yo rele Dalila. Chèf Filisten yo pwomèt Dalila yo chak y ap ba li 1 100 pyès ann ajan si li di yo kote Sanson jwenn fòs li a. Dalila ta renmen tout kòb sa a vin nan men l. Dalila pa renmen ni Sanson, ni pèp Bondye a vre. Se sa k fè li kenbe la ap tingting Sanson pou Sanson di l ki kote li jwenn fòs li a.

Finalman, Dalila reyisi fè Sanson ba l sekrè a. Sanson di l konsa : ‘ Yo pa janm koupe cheve m. Depi m fèk fèt, Bondye chwazi m pou m vin yon sèvitè espesyal yo rele nazireyen. Si yo ta koupe cheve m, mwen t ap pèdi fòs mwen an. ’

Ebyen, lè Dalila fin konn sekrè a, li fè Sanson kouche sou janm li, li fè l dòmi. Li fè yon moun vin koupe cheve Sanson. Lè Sanson leve nan dòmi, li pèdi fòs li a. Filisten yo vini, yo mare Sanson byen mare. Yo pete de je l, yo fè l tounen esklav.

Yon jou, Filisten yo fè yon gwo fèt pou yo adore dye yo yo rele Dagòn nan. Y al chèche Sanson nan prizon, yo mennen l nan fèt la pou yo pase l nan rizib. Antretan, cheve Sanson pouse. Li di tigason k ap kondui l la konsa : ‘ Fè men m touche ak poto ki kenbe kay la. ’ Sanson priye Jewova pou l ba l fòs. Apre sa, li kenbe poto yo, li di byen fò : ‘ Se pou m mouri avèk Filisten yo. ’ Te gen 3 000 Filisten nan fèt la. Sanson panche, li pouse poto yo, epi tout kay la kraze. Tout bann mechan sa yo mouri.