Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 45

Yo janbe rivyè Jouden an

Yo janbe rivyè Jouden an

GADE Izrayelit yo k ap janbe rivyè Jouden an ! Men, kote dlo rivyè a fè ? Yo nan epòk lapli, sa vle di detwa minit anvan sa, rivyè a te chaje ak dlo. Men, kounye a, tout dlo al fè wout yo ! Izrayelit yo ap janbe sou tè sèk menm jan sa te pase lè yo t ap janbe lanmè Wouj la ! Ki kote dlo yo fè ? Ann al wè sa.

Lè lè a te rive pou Izrayelit yo janbe rivyè Jouden an, men ki sa Jewova te di Jozye pou l di pèp la : ‘ Se pou prèt yo pran lach alyans lan pou yo mache devan. Kou yo mete pye yo nan dlo rivyè Jouden an, rivyè a ap sispann koule. ’

Sa prèt yo fè, yo pran lach alyans lan, yo mache devan pèp la. Lè yo rive bò Jouden an, yo antre kareman nan dlo a. Kouran dlo a fò, epi rivyè a fon. Men, kou yo met pye yo nan dlo a, dlo a sispann koule ! Sa a se yon mirak ! Jewova fè kouran dlo a kanpe. Nan yon ti moman, pa gen dlo ankò nan rivyè a !

Prèt k ap pote lach alyans lan ale tou dwat nan mitan rivyè a. Èske w wè yo nan foto a ? Yo ret kanpe la pandan Izrayelit yo ap janbe rivyè Jouden an sou tè sèk la !

Lè tout moun fin travèse, Jewova fè Jozye di 12 gason vanyan konsa : ‘ Ale nan mitan rivyè a, kote prèt yo kanpe ansanm avèk lach alyans lan. Pran 12 wòch, al depoze yo kote nou pral pase nuit lan. Konsa, alavni, lè pitit nou mande nou poukisa wòch sa yo la a, n a di yo se paske dlo a te sispann koule lè lach alyans Jewova a t ap janbe Jouden an. Wòch sa yo ap fè nou sonje mirak sa a ! ’ Jozye fè mete 12 wòch kote prèt yo te kanpe a tou.

Pou fini, Jozye di prèt k ap pote lach alyans lan : ‘ Nou mèt soti nan Jouden an ! ’ Kou yo soti, dlo Jouden an rekòmanse koule desann ankò.