4YÈM PATI
Soti nan premye wa Izrayèl la pou rive nan egzil nan Babilòn
Se Sayil ki te vin premye wa peyi Izrayèl. Men Jewova te rejte l, epi li te chwazi David pou vin wa nan plas li. Nou jwenn anpil enfòmasyon sou David. Lè l te jèn, li te batay ak yon gwo jeyan ki te rele Golyat. Annapre, li te chape poul li anba Sayil ki te jalou. Nan menm epòk sa a, yon bèl dam, ki rele Abigayil, te anpeche misye al fè yon zak ensanse.
Apre sa, nou aprann anpil bagay sou yon pitit David ki rele Salomon. Li te ranplase papa l kòm wa. Twa premye wa peyi Izrayèl yo, yo chak te fè 40 an sou pouvwa a. Apre lanmò Salomon, Izrayèl te divize an de wayòm, wayòm Nò ak wayòm Sid.
Wayòm Nò a te gen dis tribi. Apre 257 an, Asiryen yo te vin kraze l. Epitou 133 an apre sa, Babilonyen yo te vin kraze wayòm Sid la ki te gen de tribi ladan l. Lè sa a, yo te egzile Izrayelit yo nan peyi Babilòn. Se konsa, KATRIYÈM pati a pale sou sa ki te pase pandan 510 an, kote anpil evènman cho te pase.
NAN SEKSYON SA A
ISTWA 56
Sayil, premye wa peyi Izrayèl
Okòmansman Bondye te chwazi Sayil, men annapre li te rejte l. Istwa Sayil la aprann nou yon leson enpòtan.
ISTWA 59
David oblije chape poul li
Okòmansman Sayil te byen renmen David, men li vin tèlman jalou David, li vle touye l. Poukisa?
ISTWA 60
Abigayil ak David
Abigayil di mari l se yon moun tèt cho, poutan Abigayil sove lavi l pou yon ti tan.
ISTWA 61
Yo mete David wa
Ni aksyon David fè ni aksyon li refize fè, montre li kalifye pou l vin wa ann Izrayèl.
ISTWA 62
Fanmi David gen anpil pwoblèm
Men, yon sèl erè li fè lage pwoblèm ni sou tèt li ni sou fanmi l pandan anpil ane.
ISTWA 64
Salomon bati tanp lan
Malgre Salomon te saj anpil, lòt moun te pran tèt li fè l fè sa k pa bon.
ISTWA 67
Yewochafat fè Jewova konfyans
Poukisa yon lame pral nan batay avèk chantè ki pa gen zam alatèt lame a?
ISTWA 69
Yon tifi ede yon gwo chèf
Li te gen kouraj pou l pale, e kòm rezilta, gen yon mirak ki fèt.
ISTWA 74
Yon mesye ki pa pè moun
Jeremi te panse l twò jèn pou l pwofèt, men Bondye te konnen li te kapab.