Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 57

Bondye chwazi David

Bondye chwazi David

ÈSKE w konprann sa k sot pase la a ? Tigason an sove ti mouton an anba lous la. Lous la vini, li charye ti mouton an, epi li pral manje l. Men, tigason an kouri dèyè lous la, li rache ti mouton an anba bouch li. Lèfini, li tann kou lous la leve, li fonse sou li, e li touye l. Yon lòt fwa, li te sove youn nan mouton yo anba pat yon lyon. Èske se pa yon tigason ki brav ? Èske w konn kiyès li ye ?

Ti jennonm nan rele David. L ap viv nan yon vil pwovens ki rele Betleyèm. Obèd se te granpapa l. Obèd se pitit Bowaz te fè ak Rit la. Ou sonje moun sa yo ? Papa David rele Jese. David ap okipe twoupo mouton papa l la. David te fèt dizan apre Jewova te fin chwazi Sayil kòm wa.

Gen yon lè ki vin rive, Jewova di Samyèl konsa : ‘ Pran enpe luil espesyal, ale Betleyèm, lakay Jese. Mwen chwazi youn nan pitit li yo pou vin wa. ’ Lè Samyèl wè Elyab, pi gran pitit gason Jese a, li di nan kè l : ‘ Siman se li menm Jewova chwazi. ’ Men Jewova di l : ‘ Pa gade ni sou wotè l, ni sou fizik li, paske se pa li menm mwen chwazi kòm wa. ’

Kounye a, Jese rele yon pitit gason l ki rele Abinadab, li mennen l bay Samyèl. Men Samyèl di : ‘ Non, se pa li Jewova chwazi. ’ Apre sa, Jese mennen yon pitit li ki rele Chama bay Samyèl. Samyèl di : ‘ Non, Jewova pa chwazi l nonplis. ’ Jese prezante Samyèl sèt nan pitit gason l yo, men Jewova pa chwazi yo youn. Samyèl mande Jese : ‘ Se tout pitit gason w yo sa ? ’

Jese reponn : ‘ Dènye a sèlman ki manke, men, li pa la, l al gade mouton. ’ Lè y al chèche David mennen vini, Samyèl wè se yon bèl tigason. Jewova di l konsa : ‘ Se li menm, vide luil sou tèt li. ’ Samyèl vide luil sou tèt David. Yon lè ap rive, se David k ap wa peyi Izrayèl.