Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 59

David oblije chape poul li

David oblije chape poul li

LÈ DAVID fin touye Golyat, Abnè, chèf lame Izrayèl la, mennen l bay Sayil. Se pa ti kontan David te fè kè Sayil kontan. Sayil bay David yon plas chèf nan lame l la, epi li fè l vin abite nan mezon wa a.

Apre sa, pandan lame a t ap retounen sot batay ak Filisten yo, medam yo pran chante, yo di : ‘ Sayil touye moun pa mil, David touye moun pa dimil. ’ Sa fè Sayil jalou, paske li wè yo bay David plis enpòtans pase l. Men, Yonatàn, pitit Sayil la, pa fè jalouzi li menm. Li renmen David anpil, e David renmen l anpil tou. Youn pwomèt lòt pou yo toujou ret zanmi.

David konn jwe hap byen. Sayil renmen tande David kap jwe mizik. Men, yon jou, jalouzi Sayil monte l, sa fè l fè yon aksyon tèrib. Pandan David ap jwe hap konsa, Sayil pran lans li, li tire l dèyè David, li di : ‘ M ap kloure David nan mi an ! ’ Men, David bay lans lan pase. Yon lòt fwa, Sayil te rate David yon kout lans ankò. Kounye a, David wè se pou l pran prekosyon l ak Sayil.

Èske w sonje ki pwomès Sayil te fè ? Li te di moun ki touye Golyat la, l ap marye l ak yon pitit fi l. Finalman, Sayil di David l ap marye l ak Mikal, men fòk li touye 100 Filisten anvan. Ou wè sa Sayil fè ! Li ta renmen wè Filisten yo touye David toutbon. Men, yo pa rive touye l. Lè Sayil wè sa, li marye David ak pitit fi l la.

Yon jou, Sayil di Yonatàn ak tout sèvitè l yo li vle touye David. Men, Yonatàn di papa l konsa : ‘ Pa fè David anyen. Li pa janm fè w anyen ki mal. Okontrè, tout sa l fè se nan avantaj ou yo ye. Se lavi l li te riske lè l te al touye Golyat la. Lè w te wè sa, ou te byen kontan. ’

Sayil koute pitit li vre, li pwomèt li pap fè David anyen. Yo mennen David tounen. Menm jan ak oparavan, li retounen vin fè sèvis nan mezon Sayil. Men, yon jou, pandan David ap jwe mizik, Sayil tire lans li a dèyè l ankò. David eskive lans lan, lans lan al antre nan mi an. Sa fè twa fwa sa rive ! Kounye a David wè fòk li chape poul li.

Jou swa sa a, David al lakay li. Men, Sayil voye touye l. Mikal gentan konnen sa papa l gen nan tèt li. Sa l fè, li di David konsa : ‘ Si w pa chape poul ou aswè a, demen w ap mouri wi. ’ Jou swa sa a, Mikal ede David sove nan yon fenèt. David oblije fè setan nan kache plizyè kote pou Sayil pa jwenn li.