Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 63

Salomon, yon wa ki gen sajès

Salomon, yon wa ki gen sajès

SALOMON te jèn anpil lè l vin wa. Se yon moun ki renmen Jewova. Li suiv bon konsèy papa l te ba li yo. Salomon fè kè Jewova kontan. Se konsa, yon jou swa, Jewova pale avè l nan rèv, li di l : ‘ Salomon, ki sa w ta renmen m ba ou ? ’

Salomon reponn : ‘ Jewova, Bondye mwen an, mwen jèn anpil, mwen pa konnen ki jan pou m gouvène. Ban m sajès pou mwen kapab byen gouvène pèp ou a. ’

Sa Salomon mande a fè kè Jewova kontan. Jewova di l konsa : ‘ Piske w pa mande pou m fè w viv anpil tan, ni w pa mande richès, se sajès ou mande pito, m ap fè w gen plis sajès pase tout moun ki pase sou latè. Met sou sa, m ap ba w sa w pa mande, m ap ba w richès epi m ap fè w jwenn laglwa. ’

Apre yon ti tan, de madanm vin pote Salomon plent paske yo gen yon gwo pwoblèm. Youn nan medam yo di konsa : ‘ M ap viv nan menm kay avèk dam sa a. Mwen akouche yon tigason, apre de jou, li fè yon tigason tou. Men, yon jou swa, tibebe l la mouri. Li veye etan m ap dòmi, li boukante tigason l ki mouri a avèk pitit pa m nan. Lè m reveye, mwen gade tigason ki mouri a, mwen wè se pa pitit pa m nan sa. ’

Menm kote a, lòt fi a di konsa : ‘ Non ! Se timoun ki vivan an ki pitit pa m nan. Sa ki mouri a, se pou ou l ye ! ’ Premye fi a reponn : ‘ Non, pitit ki mouri a se pou ou. Se pitit ki vivan an ki pou mwen ! ’ Se konsa medam yo tonbe diskite. Ki sa Salomon ap fè ?

Li voye chèche yon epe. Lè yo pote l ba li, li di : ‘ Koupe tibebe a, fè l fè de moso. Bay yo chak youn. ’

Lè vrè manman pitit la wè sa, li di : ‘ Non ! Tanpri, pa touye tibebe a. Nou mèt ba li l ! ’ Men, lòt fi a di konsa : ‘ Pa bay nou youn li. Koupe l, fè l fè de moso. ’

Finalman, Salomon di : ‘ Pa touye timoun nan ! Bay premye dam nan li, se li menm ki vrè manman an. ’ Salomon konnen kiyès ki vrè manman an, paske vrè manman an tèlman renmen bebe a, li prefere yo bay lòt fi a li pase yo touye l. Lè pèp la tande jan Salomon regle pwoblèm sa a, yo kontan paske yo wè yo gen yon wa ki gen anpil sajès.

Pandan rèy Salomon an, Bondye beni pèp la. Li fè tè a bay anpil ble, òj, rezen, fig ak lòt manje. Tout moun byen abiye. Yo rete nan bèl kay. Tout moun jwenn depase sa yo bezwen.