Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 56

Sayil, premye wa peyi Izrayèl

Sayil, premye wa peyi Izrayèl

GADE Samyèl k ap vide luil sou tèt mesye sa a. Se sa yo te konn fè pou montre yo chwazi yon moun kòm wa. Jewova di Samyèl pou l vide luil sou tèt Sayil. Se yon luil espesyal ki santi bon.

Sayil panse li pa alawotè pou pozisyon wa a. Li di Samyèl konsa : ‘ Mwen se moun tribi Benjamen, tribi ki pi piti ann Izrayèl la. Poukisa ou di m ap vin wa ? ’ Jewova renmen Sayil paske li pa fè tèt li pase pou yon afè. Se pou rezon sa a Li chwazi l kòm wa.

Men Sayil pa yon pòv, ni li pa yon moun ti fizik. Fanmi l se yon fanmi moun rich. Se yon bèl gason epi li pi wo pase tout lòt Izrayelit yo ! Sayil konn kouri anpil, lèfini li gen anpil fòs. Pèp la kontan wè Jewova chwazi Sayil kòm wa. Tout pèp la tonbe di : ‘ Viv wa Sayil, viv wa Sayil ! ’

Ènmi Izrayèl yo vin pi pisan toujou. Yo toujou ap bay Izrayelit yo anpil pwoblèm. Apèn Sayil monte sou pouvwa a, Amonit yo vin batay avèk Izrayelit yo. Sa Sayil fè, li rasanble yon gwo lame, l al batay ak Amonit yo, li genyen yo. Sa fè pèp la kontan pou yo gen yon wa tankou Sayil.

Tank ane ap pase, se tank Sayil ap fè Izrayelit yo ranpòte anpil viktwa sou ènmi l yo. Sayil gen yon pitit gason ki brav anpil, li rele Yonatàn. Yonatàn ede pèp la genyen anpil batay. Men, se Filisten yo ki toujou pi gwo ènmi pèp Izrayèl la. Yon jou, Filisten yo vin pa milye pou yo batay avèk Izrayelit yo.

Samyèl di Sayil pou l rete tann li k ap vin fè yon sakrifis bay Jewova. Men, kòm Samyèl pran tan pou l rive, Sayil pè pou Filisten yo pa gentan kòmanse batay la. Sa l fè, li pran devan, li ofri sakrifis la pito. Finalman, lè Samyèl vin vini, li esplike Sayil sa l fè a, se dezobeyi li dezobeyi Jewova. Epi Samyèl di Sayil konsa : ‘ Jewova pral chwazi yon lòt moun pou vin wa sou Izrayèl. ’

Yon lòt lè, Sayil dezobeyi Jewova ankò. Poutèt sa l fè a, Samyèl di l konsa : ‘ Li pi bon pou yon moun obeyi Jewova pase pou l ba li pi bon mouton li genyen an kòm sakrifis. Piske w pa obeyi Jewova, Jewova pap kite w wa sou Izrayèl ankò. ’

Nou gen yon gwo leson nou ka pran la a. Sa montre nou jan li enpòtan pou nou toujou obeyi Jewova. Sa montre nou tou, yon bon moun, tankou Sayil ki te bon moun, kapab vin chanje pou l tounen yon mechan. Nou pa ta janm renmen vin mechan, pa vre ?