Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 82

Mòdekay ak Estè

Mòdekay ak Estè

ANNOU fè yon ti bak, n ap retounen kèk ane anvan Ezra te al Jerizalèm. Pami Izrayelit yo, se Mòdekay ak Estè ki nan pi gwo pozisyon nan wayòm Pès la. Yo se kouzen ak kouzin. Estè se rèn. Apre wa a, se Mòdekay ki gen plis pouvwa. Annou wè ki jan yo fè rive nan gwo pozisyon konsa ?

Papa Estè ak manman l te mouri depi lè l te toupiti. Se sa k fè se nan men Mòdekay li te leve. Asyeris, wa Pès la, gen yon palè nan vil Siz. Mòdekay se youn nan sèvitè l yo. Ebyen, yon jou, Vachti, anpalan de madan wa a, pa t obeyi wa a. Sa wa a fè, li chwazi yon lòt madanm pou vin rèn bò kote l. Èske w konn kiyès li chwazi ? Li chwazi bèl jèn fi ki rele Estè a.

Èske w wè mesye awogan sa a moun ap pwostène devan l lan ? Li rele Amàn. Se yon moun enpòtan anpil nan peyi a. Li vle pou Mòdekay, mesye ou wè ki chita la a, pwostène devan l tou. Men, Mòdekay pap fè yon bagay konsa. Li panse li pa nòmal pou moun ap pwostène devan yon move moun konsa. Lè Amàn wè sa, li byen move. Donk, men sa l fè.

Amàn al fè manti sou Izrayelit yo. Li di wa a konsa : ‘ Se mechan Izrayelit yo ye. Yo pa obeyi lwa w yo. Yo merite mouri. ’ Asyeris pa konnen si Estè se yon Izrayelit. Li tande sa Amàn di l la, li fè yo fè yon lwa kote yo fikse yon jou pou yo touye tout Izrayelit yo.

Lè Mòdekay aprann sa, sa boulvèse l anpil. Li voye yon mesaj bay Estè kote li di l : ‘ Se pou w al pale ak wa a, se pou w sipliye l pou l sove nou. ’ Men, dapre lalwa Pès yo, yon moun pa ka al kot wa a konsa, san l pa t envite l. Malgre sa, Estè ale kanmenm, san wa a pa t envite l. Lè wa a wè l, li lonje baton annò l la ba li, sa vle di yo pap touye l. Estè envite wa a ansanm ak Amàn nan yon gwo repa. Pandan repa a, wa a mande Estè sa l ta renmen l fè pou li. Estè fè wa a konnen l ap di li sa si li menm avèk Amàn vin nan yon lòt repa l ap fè pou yo demen ankò.

Nan dezyèm repa a, Estè di wa a konsa : ‘ Yo pral touye m ansanm ak tout pèp mwen an. ’ Wa a byen move. Li mande Estè : ‘ Kiyès ki oze fè yon bagay konsa ? ’

Estè reponn : ‘ Ènmi an, se nonm mechan sa a yo bay pou Amàn nan ! ’

Se atò wa a move. Li bay lòd pou yo touye Amàn. Apre sa, wa a fè Mòdekay vin dezyèm moun ki gen plis pouvwa nan peyi a apre li menm. Mòdekay fè yo fè yon lòt lwa ki pèmèt Izrayelit yo defann lavi yo jou yo t apral touye yo a. Piske Mòdekay vin nan yon gwo pozisyon konsa, anpil moun pote Izrayelit yo sekou. Se konsa yo delivre anba ènmi yo.