6YÈM PATI
Soti lè Jezi fèt pou rive lè l mouri
Bondye te voye zanj Gabriyèl bò kot yon jèn fi debyen ki rele Mari. Li te di l li pral fè yon pitit ki pral wa pou toutan. Li t ap pale de Jezi. Jezi te fèt nan yon pak bèt, e se la kèk gadyen mouton te vin vizite li. Annapre, yon etwal te dirije kèk mesye ki te soti nan Lès pou al kote timoun nan ye a. N ap aprann kiyès ki te fè yo wè etwal sa a, e ki jan Jezi te fè sove anba efò yo t ap fè pou yo touye l.
Apre sa, nou jwenn Jezi a 12 an k ap pale avèk anseyan yo nan tanp lan. Jezi te batize dizuit an apre, e li te kòmanse fè travay papa l te voye l fè sou tè a : preche Wayòm nan epi anseye moun yo. Jezi te chwazi 12 mesye, li te fè yo vin apot li pou yo ede l nan travay sa a.
Jezi te fè anpil mirak. Li te bay plizyè milye moun manje avèk sèlman kèk ti pwason ak kèk moso pen. Li te geri malad. Ata moun mouri li te resisite. Finalman, n ap aprann anpil bagay ki te rive Jezi pandan dènye jou l yo, e n ap aprann ki jan yo te touye l. Jezi te fè apeprè twazan edmi ap preche. Donk, SIZYÈM pati a di nou sa k te pase pandan yon tikras plis pase 34 an.
NAN SEKSYON SA A
ISTWA 84
Yon zanj vizite Mari
Li pote mesaj Bondye: Mari pral fè yon tibebe ki gen pou vin yon wa pou toutan.
ISTWA 86
Yo suiv yon etwal
Kiyès ki te dirije astwològ yo pou rive jwenn Jezi? Repons lan gendwa fè w sezi.
ISTWA 88
Jan batize Jezi
Jan t ap batize moun ki fè peche yo, men Jezi pa t janm peche. Poukisa Jan te batize Jezi?
ISTWA 91
Jezi ap anseye sou yon mòn
Aprann sajès k ap toujou itil nou nan diskou Jezi te fè sou mòn nan.
ISTWA 92
Jezi resisite mò
Jezi sèvi ak pouvwa Bondye, li di de mo tou senp pou l resisite pitit fi Jayiris la.
ISTWA 93
Jezi bay anpil moun manje
Ki pwen enpòtan nou aprann lefètke Jezi te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje?
ISTWA 94
Li renmen timoun piti
Jezi fè apot li yo konnen gen anpil bagay yo kapab aprann sou timoun e gen anpil bagay yo ka aprann nan men yo tou.
ISTWA 95
Fason Jezi anseye
Parabòl bon Samariten an se yon egzanp ki montre metòd Jezi te konn plis itilize pou l anseye.
ISTWA 99
Nan yon chanm aletaj
Poukisa Jezi te di disip li yo pou yo manje repa espesyal sa a chak ane?