Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 88

Jan batize Jezi

Jan batize Jezi

GADE yon pijon k ap desann sou tèt mesye a. Mesye a se Jezi. Kounye a, li gen apeprè 30 an. Mesye ki avèk li a rele Jan. Nou deja tande pale de li. Èske w sonje lè Mari te al kay fanmi l ki rele Elizabèt la ? Lè sa a, tibebe ki te nan vant li a te ponpe. Se te Jan ki te anndan vant li. Men, ki sa Jan avèk Jezi ap fè la a ?

Jan fèk sot plonje Jezi nan dlo rivyè Jouden an. Se konsa yo batize moun. Yo plonje l anba dlo, epi yo leve l. Piske se batize Jan ap batize moun, yo rele l Jan Batis. Men, poukisa Jan batize Jezi ?

Ebyen, se paske Jezi vin mande l sa. Jan batize moun ki vle demontre yo regrèt move bagay yo te fè. Men, èske Jezi te janm fè yon bagay mal ki ta fè li regrèt ? Non. Jezi pa t janm fè anyen ki mal, paske li se pwòp Pitit Gason Bondye ki soti nan syèl la. Donk, se pou yon lòt rezon li mande Jan batize l. Ann wè ki rezon.

Anvan Jezi te vini kot Jan, se yon ebenis li te ye. Yon ebenis se yon moun ki travay bwa pou fè tab, chèz, ban. Jozèf, ki marye ak Mari a, te ebenis. Li te tou aprann Jezi metye l la. Men, Jewova pa t voye Pitit Gason l lan sou tè a pou l vin yon ebenis. Li gen yon travay espesyal li ba l fè e lè a rive pou Jezi kòmanse fè travay la. Donk, pou l ka montre kounye a, se volonte Papa l li vin fè, li mande Jan batize l. Èske sa fè Bondye kontan ?

Wi, paske lè Jezi sot anba dlo a, yon vwa ki sot nan syèl la di : ‘ Se Pitit Gason mwen an, sila a mwen apwouve a. ’ Apre sa, se kòmsi syèl la ouvè, epi yon pijon desann sou Jezi. Men, se pa yon pijon toutbonvre. An reyalite, se lespri sen Bondye ki desann.

Kounye a, Jezi gen pou l reflechi sou anpil bagay. Se poutèt sa l al fè 40 jou yon kote apa. Satan vin bò kote l. Pandan twa fwa, li eseye wè si l a fè Jezi fè yon bagay lalwa Bondye a pa vle. Men, Jezi pa t pran nan kou a.

Apre sa, Jezi retounen. Li fè rankont ak kèk mesye ki t apral vin premye disip li. Ladan yo gen Andre, Pyè (yo rele l Simon tou), Filip, Natanayèl (yo rele l Batèlmi tou). Jezi ale nan distri Galile ansanm avèk disip li yo. Yo antre Kana, nan zòn kote Natanayèl rete a. Jezi ale nan yon resepsyon maryaj. Se la li fè premye mirak li a. Ou konn ki mirak ? Li fè dlo tounen diven.