Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 90

Rankont ak yon dam bò yon pi

Rankont ak yon dam bò yon pi

ETAN Samari, Jezi ap pran repo bò yon pi. Disip li yo al achte manje nan bouk la. Dam nan Jezi ap pale avè l la vin nan dlo. Jezi di l konsa : ‘ Fè m kado yon ti dlo. ’

Se pa ti sezi dam nan sezi. Ou konn sa k fè sa ? Se paske Jezi se yon Juif. Li menm, li se yon Samaritèn. Pifò Juif yo pa t renmen Samariten yo. Menm pale Juif yo pa t konn pale avèk yo ! Men, Jezi renmen tout kalite moun. Li di dam nan konsa : ‘ Si w te konnen kiyès ki mande w dlo a, se ou menm ki t ap mande l dlo pito, epi li t ap ba w dlo ki bay lavi a. ’

Dam nan di : ‘ Mesye, pi a fon, epi ou pa menm gen so nan men w. Ki bò w t ap jwenn dlo sa a ki bay lavi a ? ’

Jezi reponn : ‘ Si w bwè dlo ki nan pi sa a, w ap swaf ankò. Men, dlo m ap bay la kapab fè yon moun viv pou toutan. ’

Dam nan di : ‘ Mesye, ban m dlo sa a non pou m pa janm swaf ankò ! Lè sa a, mwen pap bezwen vin chèche dlo la a ankò. ’

Dam nan panse se de dlo toutbonvre Jezi ap pale. Men, se de laverite sou Bondye ak sou wayòm li an l ap pale. Verite sa a tankou yon dlo ki bay lavi. Li kapab bay yon moun lavi pou toutan.

Kounye a, Jezi di dam nan konsa : ‘ Al rele mari w epi retounen isit la. ’

Dam nan reponn : ‘ Mwen pa gen mari non. ’

Jezi di l : ‘ Ou byen reponn. Ou te gen senk mari. Epi, mesye w avè l kounye a pa mari w. ’

Dam nan sezi, paske tout sa Jezi di l la se vre. Men, ki jan Jezi fè konn sa ? Se paske Jezi se moun Bondye te pwomèt l ap voye a. Se Bondye ki ba l enfòmasyon sa yo. Nan moman sa a, disip yo retounen. Yo sezi wè Jezi k ap pale ak yon Samaritèn.

Ki sa tout bagay sa yo aprann nou ? Nou wè Jezi te janti ak moun tout ras. Se sa nou dwe fè tou. Nou pa dwe gade tèl ras moun sou aparans, pou nou di yo se move moun. Jezi vle pou tout moun konnen laverite k ap bay lavi pou toutan an. Nou ta dwe chofe pou nou aprann moun laverite.