Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 93

Jezi bay anpil moun manje

Jezi bay anpil moun manje

GEN yon bagay tèrib ki pase. Yo fèk sot touye Jan Batis. Ewodyad, madan wa a, pa t vle wè l. Li rive fè wa a fè koupe tèt li.

Lè Jezi aprann sa, sa fè l lapenn anpil. L al yon kote apa poukont li. Men, moun yo suiv li. Lè Jezi wè foul la, kè l fè l mal pou yo. Li pale yo sou wayòm Bondye a. Li geri moun ki malad yo.

Lè l fin aswè, disip yo vin di Jezi konsa : Li fin ta, nou nan yon zòn izole. Voye moun yo ale pou yo ka achte kichòy pou yo manje nan bouk ki toupre yo. ’

Jezi reponn : ‘ Yo pa bezwen deplase. Nou mèt ba yo manje. ’ Jezi vire gade Filip, li mande l : ‘ Ki kote nou ka jwenn manje achte pou chak moun sa yo manje ? ’

Filip reponn : ‘ Sa ap mande anpil kòb pou nou achte manje pou chak moun ka jwenn yon ti moso sèlman. ’ Andre pran lapawòl li di : ‘ Tigason ki pote manje nou an gen senk pen ak de pwason nan men l. Men, sa pa kapab fè anyen pou tout moun sa yo. ’

Jezi di : ‘ Fè moun yo chita sou gazon an. ’ Lèfini, li di Bondye mèsi pou manje a, li kòmanse kase pen ak pwason moso pa moso. Apre sa, disip yo distribye pen ak pwason bay tout moun. Gen 5 000 gason, san konte plizyè milye fi ak timoun. Tout moun manje vant plen. Disip yo ranmase rès ki rete yo, yo plen 12 pànye ra bouch !

Kounye a, Jezi fè disip li yo monte sou yon bato pou yo travèse lanmè Galile a. Pandan nuit lan, gen yon gwo tanpèt ki vini. Vag lanmè a voye bato a pasi pala. Se pa ti pè disip yo pè. Nan mitan lannuit lan, yo wè yon moun k ap mache sou dlo a vin sou yo. Yo tèlman pè, yo tonbe rele, paske yo pa konnen sa yo wè a ki sali ye.

Jezi di : ‘ Nou pa bezwen pè. Se mwen menm ! ’ Yo pa ka kwè toujou. Pyè di konsa : ‘ Seyè, si se ou menm vre, di m pou m mache sou dlo a vin jwenn ou. ’ Jezi reponn : ‘ Vini non ! ’ Pyè desann bato a, li kòmanse mache sou dlo a ! Men, misye vin pè, li kòmanse ap fè fon, men, Jezi gentan sove l.

Apre sa, Jezi bay plizyè milye moun manje ankò. Fwa sa a, te gen sèt pen avèk kèk ti pwason. E tout moun manje vant plen ankò. Ala bèl sa bèl lè nou wè jan Jezi pran ka moun ! Lè l ap dirije kòm wa, nou pap janm bezwen enkyete nou pou anyen !