Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 87

Ti Jezi nan tanp lan

Ti Jezi nan tanp lan

GADE yon tigason k ap pale ak granmoun. Granmoun yo se anseyan nan tanp Bondye a ki Jerizalèm. Tigason an se Jezi. Gad jan l grandi ! Kounye a, li gen 12 an.

Anseyan yo sezi wè tout bagay Jezi konnen ni sou Bondye ni sou sa ki ekri nan Bib la. Men, sa k fè Jozèf ak Mari pa la a tou ? Ki kote yo ye ? Ann al wè sa k pase.

Chak ane, Jozèf mennen fanmi l Jerizalèm nan yon fèt espesyal yo rele fèt Pak. Soti Nazarèt al Jerizalèm, se yon gwo vwayaj. Pa gen moun ki gen machin e pa gen tren. Potko gen bagay sa yo lè sa a. Se apye pifò moun te konn mache. Sa te konn pran apeprè twa jou pou rive Jerizalèm.

Pou kounye a, fanmi Jozèf la vin anpil. Sa vle di Jezi vin gen ti frè ak ti sè pou Mari ak Jozèf okipe. Ane sa a, Jozèf ak Mari ap fè yon vwayaj byen long ak tout timoun yo, pou yo retounen lakay yo, Nazarèt. Yo panse Jezi nan wout la tou ansanm avèk lòt moun yo. Men lè l vin aswè, yo fè yon kanpe, yo wè yo pa wè Jezi. Yo gade si l pa avèk swa fanmi yo oubyen avèk zanmi yo, men non, li pa avèk yo ! Sa yo fè, yo retounen Jerizalèm pou yo al chèche l.

Finalman, yo jwenn Jezi nan tanp lan avèk pwofesè yo. L ap koute yo epi l ap poze yo kesyon. Tout moun sezi wè jan Jezi entèlijan. Men, Mari di Jezi konsa : ‘ Pitit mwen, poukisa w fè nou sa ? Jan mwen menm avèk papa w te enkyete ap chèche w. ’

Jezi reponn : ‘ Poukisa nou te oblije ap chèche m ? Èske nou pa konnen se lakay Papa m pou m ta ye ? ’

Nou wè, Jezi renmen rete kote l ap aprann anpil bagay sou Bondye. Èske se pa konsa nou ta dwe ye tou ? Lè Jezi retounen Nazarèt, li te konn al nan reyinyon chak semèn pou l al adore Bondye. Piske l toujou ap suiv, sa fè l aprann anpil bagay nan Bib la. Annou suiv egzanp li pou nou ka vin tankou l.