Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

7YÈM PATI

Soti lè Jezi te resisite pou rive lè Pòl te nan prizon

Soti lè Jezi te resisite pou rive lè Pòl te nan prizon

Sou twazyèm jou lanmò Jezi, li resisite. Jou sa a li parèt senk fwa sou disip li yo. Jezi te kontinye parèt sou yo pandan 40 jou. Apre sa, Jezi monte nan syèl la devan je kèk nan disip li yo. Dis jou apre sa, Bondye te vide lespri sen sou disip Jezi yo ki t ap tann etan yo Jerizalèm.

Annapre, ènmi Bondye yo te mete apot yo nan prizon, men, yon zanj te vin lage yo. Opozan yo te touye yon disip ki rele Etyèn anba kout wòch. Nou pral aprann ki jan Jezi te chwazi youn nan opozan sa yo pou l vin yon sèvitè espesyal pou li. Se li menm ki te vin rele apot Pòl. Twazan edmi apre lanmò Jezi, Bondye te voye apot Pyè al preche lakay yon mesye ki pa Juif. Mesye sa a te rele Kònèy.

Anviwon 13 an apre sa, Pòl kòmanse premye vwayaj predikasyon l lan. Nan dezyèm vwayaj la, Timote te vin akonpaye l. N ap aprann ki jan Pòl ansanm ak konpayon vwayaj li yo te viv anpil moman pasyonan nan sèvis Bondye a. Finalman, yo te mete Pòl nan prizon nan vil Wòm. Yo te lage l dezan apre. Malerezman, yo te vin mete l nan prizon ankò, e fwa sa a, yo te touye l. Evènman ki nan SETYÈM pati a te pase diran yon peryòd 32 ane apeprè.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 102

Jezi vivan

Apre yon zanj fin woule wòch ki te bare tonm nan, sòlda yo ki t ap siveye tonm nan sezi lè yo gad anndan l.

ISTWA 103

Anndan yon chanm ki fèmen

Kòman fè disip Jezi yo pa rekonèt li apre Bondye fin resisite l?

ISTWA 104

Jezi retounen nan syèl

Anvan Jezi monte al nan syèl la, li bay disip li yo yon dènye kòmandman.

ISTWA 105

Yo rete Jerizalèm ap tann

Poukisa Jezi te simaye lespri sen sou disip li yo nan jou Pannkòt lan?

ISTWA 106

Yo lage nan prizon

Chèf relijye Juif yo mete apot yo nan prizon pou kanpe travay predikasyon yan, men, Bondye gen yon lòt lide pou yo.

ISTWA 107

Yo lapide Etyèn

Toutpandan y ap touye Etyèn, l ap fè yon bèl priyè.

ISTWA 108

Sou wout pou al Damas

Yon limyè ki klere anpil ak yon vwa ki soti nan syèl la chanje lavi Sòl

ISTWA 109

Pyè al kay Kònèy

Èske Bondye panse yon nasyon oswa yon ras pi bon pase yon lòt?

ISTWA 110

Timote vin ede Pòl

Timote kite kay li pou l akonpaye Pòl nan yon bèl vwayaj.

ISTWA 111

Yon jèn gason ki tonbe dòmi

Pòl te bay de diskou, dòmi te pran Etich nan premye diskou a. Sa k te pase ant de diskou sa yo se te yon mirak.

ISTWA 112

Y al chwe sou yon zile

Lè sanble pa gen espwa ankò, Pòl resevwa yon mesaj ki sot nan Bondye ki ba l espwa.

ISTWA 113

Pòl nan vil Wòm

Kòman Pòl te ka fè travay li antanke apot pandan l te nan prizon an?