Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 111

Yon jèn gason ki tonbe dòmi

Yon jèn gason ki tonbe dòmi

O ! O ! Sa k ap pase la a ? Èske jèn gason ki kouche atè a ap soufri anpil ? Gade Pòl nan mitan moun k ap sot deyò yo ! Ou pa wè Timote la a tou ? Èske se tonbe jèn gason an sot tonbe nan fenèt la ?

Wi, se sa ki sot pase la a. Pòl t ap fè yon diskou devan disip ki Twowas yo. Li te konnen li pral fè anpil tan san li pa wè yo paske l ap pati nan bato demen. Se sa ki fè li pwofite fè yon diskou jiska minui.

Ebyen, jèn gason sa a ki rele Etich te chita nan fenèt la. Li tonbe dòmi e etan nan twazyèm etaj kay la li sot tonbe anba ! Kounye a, ou ka konprann sa k fè moun yo enkyete konsa. Lè yo vin leve misye, sa yo pa t vle a se sa ki rive. Li mouri !

Lè Pòl wè jèn gason an mouri, li kouche sou li, li sere l nan bra l. Epi li di konsa : ‘ Nou pa bezwen enkyete nou. Li anfòm ! ’ E se vre ! Pòl fè yon mirak ! Li resisite l ! Se pa ti kontan moun yo kontan.

Yo tout monte y al manje. Pòl kontinye diskou l la jis li jou. Men, ou mèt sèten Etich pa al dòmi ankò ! Apre sa, Pòl, Timote ak lòt moun ki avèk Pòl yo al pran bato. Èske w konnen ki kote y ale ?

Pòl fin fè twazyèm vwayaj predikasyon l lan. Kounye a, li pral lakay li. Nan vwayaj sa a, Pòl pase twazan nan vil Efèz sèlman. Konsa, twazyèm vwayaj li a pi long pase dezyèm nan.

Apre yo fin kite Twowas, bato a fè yon ti rete Milè. Piske se kèk kilomèt sèlman ki separe Efèz ak Milè, Pòl tou pwofite voye chèche ansyen yo pou l pale avèk yo yon dènye fwa. Apre sa, kou lè a rive pou bato a ale, se pa ti tris yo tris lè yo wè Pòl ale !

Finalman, bato a rive Sezare. Etan Pòl al fè ladesant lakay yon disip ki rele Filip, pwofèt Agabis vin avèti Pòl lè l rive Jerizalèm y ap arete l. Se sa ki fèt vre. Yo fè Pòl fè dezan nan prizon Sezare. Apre sa, yo mennen l Wòm pou Seza, dirijan women an, jije l. Ann al gade sa k te pase pandan vwayaj sa a.