Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

8YÈM PATI

Sa Bib la anonse yo ap reyalize

Sa Bib la anonse yo ap reyalize

Bib la pa ban nou istwa ki te pase sèlman. Men tou, li di nou ki jan demen ap ye. Lèzòm pa ka di ki jan demen ap ye. Se sa k fè nou konnen sa ki nan Bib la se pawòl Bondye. Ki jan Bib la di demen ap ye ?

Li di nou Bondye pral fè yon gwo lagè. Lè sa a, Bondye pral netwaye tè a : li pral retire tout mechanste ansanm ak tout mechan sou tè a. Men, l ap pwoteje moun k ap sèvi l yo. Jezi Kris, Wa Bondye nome a, pral fè tout sèvitè Bondye yo jwi lapè ak lakontantman sou tè a. Yo pap janm malad ankò e yo pap janm mouri.

Sa fè nou kontan pou nou wè Bondye pral fè tè a tounen yon paradi, pa vre ? Men, pou nou viv nan paradi sa a, nou gen yon bagay nou dwe fè. Nan dènye istwa ki nan liv la, n ap aprann sa nou dwe fè pou nou ka pwofite kalite bèl bagay Bondye sere pou moun k ap sèvi l yo. Se sa k fè, li UITYÈM pati a pou w ka wè sa Bib la anonse pou demen.

 

NAN SEKSYON SA A

ISTWA 114

Lè tout mechanste pral fini

Poukisa Bondye voye lame l la ki gen Jezi alatèt li nan lagè Amagedòn nan?

ISTWA 115

Yon nouvo paradi sou tè a

Moun te deja viv nan yon paradi sou tè a, e sa gen pou l fèt ankò.

ISTWA 116

Sa pou nou fè pou nou ka viv pou toutan

Èske l sifi pou n annik konnen Jewova Dye ak Jezi Kris? Si se pa sa, ki lòt bagay nou bezwen konnen?