Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 114

Lè tout mechanste pral fini

Lè tout mechanste pral fini

KI SA ou wè la a ? Yon lame ki sou cheval blan. Men gade byen ki kote y ap soti. Cheval yo ap desann sot nan syèl la, y ap galope sou nyaj yo ! Men, èske gen cheval nan syèl la vre ?

Non, pa genyen. Se pa cheval yo ye toutbon. Sa k fè nou konn sa, se paske cheval pa kapab kouri sou nyaj, pa vre ? Epoutan, Bib la pale de cheval ki nan syèl la. Ou konn sa k fè sa ?

Se paske nan tan lontan, yo te konn monte sou cheval pou y al nan lagè. Kidonk, lè Bib la di gen moun k ap kouri desann sot nan syèl la sou cheval, se pou montre Bondye ap vin fè lagè ak moun sou tè a. Èske w konnen ki jan yo rele kote lagè sa a ap fèt la ? Yo rele l Amagedòn. Lagè sa a ap fèt pou efase tout mechanste ki gen sou tè a nèt.

Se Jezi k ap alatèt nan batay Amagedòn nan. Sonje byen, se Jezi Bondye chwazi kòm Wa nan gouvènman l lan. Se sa k fè Jezi gen yon kouwòn sou tèt li. Li gen yon epe nan men l, sa vle di li pral touye tout ènmi Bondye yo. Èske sa ta dwe etone nou lè nou aprann Bondye pral detwi tout mechan yo ?

Fè yon ti bak nan istwa dis la. Ki sa w wè ? Sa w wè a se gwo delij dlo a ki te detwi mechan yo. Kiyès ki te fè delij sa a ? Se Jewova Dye. Kounye a, gade istwa 15 lan. Sa w wè k ap pase la a ? Se vil Sodòm ak Gomò k ap detwi avèk dife Jewova voye.

Vire nan istwa 33 a. Gade sa ki rive cheval ak charyo Ejipsyen yo. Kiyès ki fè dlo a refèmen sou yo ? Se Jewova. Li te fè sa pou l te ka pwoteje pèp li a. Gade istwa 76 la, w ap wè Jewova ki kite ata pwòp pèp li a peri paske yo t ap fè sa k pa bon.

Tout bagay sa yo montre, nou pa bezwen etone tande Jewova pral voye lame l la sot nan syèl, pou l vin fini ak tout mechanste sou tè a. Men èske w imajine sa sa pral siyifi ? Vire paj la pou w wè.