Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ISTWA 116

Sa pou nou fè pou nou ka viv pou toutan

Sa pou nou fè pou nou ka viv pou toutan

ÈSKE w ka di ki liv tifi a ak zanmi l yo ap li la a ? Y ap li egzakteman menm liv avè w : Liv istwa biblik mwen an. Yo nan menm istwa avè w, istwa ki esplike “ Sa pou nou fè pou nou ka viv pou toutan ”.

Èske w konn sa y ap aprann la a ? Premyèman, pou nou ka viv pou toutan, nou bezwen konnen Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi. Bib la di : ‘ Men sa pou nou fè pou nou gen lavi etènèl : se pou nou aprann konnen sèl vrè Bondye a ak Pitit Gason li te voye vin sou tè a, Jezi Kris. ’

Ki jan nou ka aprann konnen Jewova Dye ak Pitit Gason l lan, Jezi ? Youn nan fason nou kapab fè sa, se pou nou li tout Liv istwa biblik mwen an nèt. Li rakonte anpil bagay konsènan Jewova ak Jezi, pa vre ? Li pale anpil sou sa yo fè deja ak sou sa yo pral fè. Non sèlman nou bezwen li liv sa a, men tou, gen lòt bagay nou bezwen fè.

Èske w wè lòt liv ki atè a ? Se Labib. Mande yon moun pou l li vèsè kote istwa yo soti a pou ou. Labib di nou tout sa nou bezwen fè pou nou sèvi Jewova jan l mande a ak sa nou bezwen fè pou nou jwenn lavi etènèl. Kidonk, nou dwe pran abitid etidye Labib souvan.

Men, aprann konnen Jewova ak Jezi pa sifi. Nou ka konn yon pakèt pakèt bagay sou Jewova ak Jezi Kris, nou ka konn sa yo mande pou nou fè, epoutan nou pa jwenn lavi etènèl. Èske w konn sa nou bezwen fè ankò ?

Nou bezwen pratike sa nou aprann yo nan lavi nou. Èske w sonje Jida Iskaryòt ? Se te youn nan 12 disip Jezi te chwazi kòm apot yo. Jida te konn yon pakèt bagay sou Jewova ak Jezi. Epoutan, ki sa ki te rive l ? Yon ti tan apre, li te vin egoyis. Li te vann Jezi bay ènmi l yo pou 30 pyès ann ajan. Sa fè Jida pap jwenn lavi etènèl.

Èske w sonje Geyazi mesye yo te pale de li nan istwa 69 la ? Li te mete lide l sou rad ak lajan ki pa t pou li. Li te fè manti pou l te ka gen bagay sa yo. Men, Jewova te pini l pou sa. L ap pini nou tou si nou pa obeyi lwa li bay yo.

Men, gen anpil moun ki te toujou sèvi Jewova fidèlman. Nou ta renmen vin menm jan ak yo, pa vre ? Ti Samyèl se yon bon egzanp pou moun suiv. Sonje nan istwa 55 lan, nou te wè li te kòmanse sèvi Jewova nan tabènak li a depi lè l te gen kat ou senk an. Sa vle di, menmsi w tou piti, ou pa twò piti pou w sèvi Jewova.

Natirèlman, se Jezi Kris nou tout vle suiv. Istwa 87 la montre malgre li te timoun, yon lè li te ret nan tanp lan ap pale de Papa l ki nan syèl la. Annou suiv egzanp li. Annou pale ak tout moun nou kapab konsènan Bondye estrawòdinè nou an Jewova ak Pitit Gason l lan Jezi Kris. Si nou fè sa, lè sa a n ap kapab viv nan nouvo paradi Bondye a, sou tè a pou toutan.