Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 33

Li akonpli yon pwofesi Ezayi te anonse

Li akonpli yon pwofesi Ezayi te anonse

MATYE 12:15-21 MAK 3:7-12

  • FOUL MOUN YO KWENSE JEZI

  • LI AKONPLI YON PWOFESI EZAYI TE ANONSE

Apre Jezi fin aprann Farizyen yo ak patizan Ewòd yo fè konplo pou touye l, li deplase ansanm ak disip li yo al bò lanmè Galile. Gen yon gwo foul moun ki sot toupatou, yo soti Galile, yo soti vil Ti ak Sidon, de vil ki bò lanmè. Gen moun tou ki soti nan lès Rivyè Jouden an, genyen ki soti Jerizalèm ansanm ak nan Idime ki pi lwen nan sid. Jezi geri anpil moun, se sa k fè moun k ap soufri anba maladi grav yo vin bò kote l. Yo pa tann Jezi manyen yo men se yo menm ki chofe pou yo manyen l. — Mak 3:9, 10.

Tèlman moun vide sou Jezi, li di disip li yo pou yo mete yon kannòt pre pou li pou l ka ale yon ti jan lwen rivaj la, pou foul moun yo pa kwense l. Konsa, l ap kapab anseye moun yo detan l nan kannòt la oubyen l ap kapab soti yon kote sou rivaj la pou l al yon lòt kote sou rivaj la pou l ka ede plis moun toujou.

Youn nan disip yo ki rele Matye fè konnen aktivite Jezi yo reyalize “pawòl pwofèt Ezayi te di a”. (Matye 12:17.) Ki pwofesi Jezi reyalize a?

Men sa Labib di: “Gade! Men sèvitè m nan, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen an, moun mwen pran plezi nan li a! M ap mete lespri m sou li, e l ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis la. Li pap nan diskisyon, ni nan rele fò. Pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo. Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an, jiskaske li fè jistis pot laviktwa. Wi, nasyon yo ap met espwa yo nan non l.” — Matye 12:18-21; Ezayi 42:1-4.

Natirèlman, Jezi se sèvitè Bondye renmen anpil la e li apwouve a. E Jezi montre aklè sa ki rele vrè jistis la, yon bagay tradisyon ki gen nan fo relijyon yo anpeche moun yo wè. Lefètke Farizyen yo aplike lwa Bondye a nan fason pa yo, yo pa menm vle ede yon moun malad nan jou saba a! Pou Jezi fè konnen sa jistis Bondye ye e pou l montre li gen lespri Bondye avè l, li soulaje moun yo anba tradisyon ki pa gen jistis ladan yo e ki tankou yon pwa lou sou do yo, se poutèt sa chèf relijye yo ap chèche touye l. Sa vrèman terib!

Nan ki sans ‘li pap nan diskisyon, ni nan rele fò e pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo’? Lè Jezi geri moun, li pase moun yo oswa demon yo lòd pou yo pa “fè moun konnen kiyès li ye”. (Mak 3:12.) Li pa vle moun yo mache fè anons byen fò pou li nan lari ni li pa vle yo kouri gaye nouvèl ki pa laverite sou li.

Anplis de sa, Jezi pote yon mesaj rekonfòtan bay moun ki tankou yon wozo ki panche, ki pliye e yo pilonnen anba pye. Moun sa yo tankou yon mèch lanp k ap bay lafimen e ki prèske etenn. Jezi pa kase wozo ki panche a ni li pa etenn ti limyè ki nan mèch k ap bay lafimen an. Olye de sa, avèk tandrès e avèk amou, li demontre ladrès nan fason li bay moun ki gen imilite yo rekonfò. Vrèmanvre, Jezi se sila a nasyon yo ka met espwa nan li a!