Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 59

Kiyès Pitit lòm nan ye?

Kiyès Pitit lòm nan ye?

MATYE 16:13-27 MAK 8:22-38 LIK 9:18-26

  • JEZI GERI YON MESYE KI AVÈG

  • YO BAY PYÈ KLE WAYÒM NAN

  • JEZI PALE KONSÈNAN LANMÒ L AK REZIRÈKSYON L

Jezi ak disip li yo rive Betsayida, moun yo mennen yon mesye avèg ba li e yo sipliye l pou l manyen mesye a pou l ka geri l.

Jezi pran men mesye a, li mennen l deyò bouk la, li krache nan je l, apre sa li mande l: “Èske w wè yon bagay?” Mesye a di l: “Mwen wè moun, paske sa m wè yo sanble ak pyebwa, men y ap mache.” ​(Mak 8:23, 24). Jezi mete men l sou je mesye a, li geri l e li vin wè byen klè. Lè sa a, li voye mesye a al lakay li e li di l pou l pa antre nan bouk la.

Apre sa, Jezi ak disip li yo vwayaje al nan nò Sezare Filip. Pou yon moun monte nan zòn sa a, li bezwen vwayaje anviwon 40 kilomèt. Bouk la twouve l nan wotè 350 mèt parapò ak nivo lanmè a, epi Mòn Èmon ki nan zòn nòdès te konn kouvri ak nèj. Petèt, yon moun ka pran de jou pou l vwayaje al nan zòn sa a.

Pandan yo sou wout, Jezi al yon kote poukont li pou l priye. Gen anviwon nèf oswa dis mwa sèlman ki rete anvan l mouri, e li enkyete pou disip li yo. Gen anpil ladan yo ki deja sispann suiv li. Gen lòt ki sanble yon ti jan bwouye. Petèt y ap mande tèt yo poukisa l rejte efò moun yo ap fè pou yo mete l wa oswa poukisa l pa bay yon siy pou montre toutbon kiyès li ye vre.

Lè disip yo vin jwenn Jezi kote l ap priye a, li mande yo: “Kiyès moun yo di Pitit lòm nan ye?” Yo reponn: “Gen moun ki di ou se Jan ki te konn batize moun nan, gen lòt ki di ou se Eli, gen lòt ankò ki di ou se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo.” Wi, petèt moun yo panse Jezi se youn nan mesye sa yo ki leve sot nan lanmò. Pou Jezi konn sa disip li yo panse, li di yo: “Men, e nou menm, kiyès nou di mwen ye?” San pèdi tan Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” — Matye 16:13-16.

Jezi di Pyè mèt kontan paske Bondye fè l konn sa, apre sa li di: “M ap di w sa: Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a m ap bati kongregasyon m nan, e pòt Tonm nan pap gen pouvwa sou li.” La a, Jezi fè konnen toudabò l ap bati yon kongregasyon e menm Tonm nan pap ka kenbe moun ki ladan l yo kòm prizonye si yo rete fidèl pandan yo sou tè a. Apre sa, li fè Pyè pwomès sa a: “M ap ba w kle Wayòm syèl la.” — Matye 16:18, 19.

Jezi pa bay Pyè pi gwo pozisyon pase lòt apot yo, ni se pa sou li fondasyon kongregasyon an chita. Se Jezi ki Mas Wòch kongregasyon an pral bati sou li a (1 Korentyen 3:11; Efezyen 2:20). Men, Pyè t ap gen pou l resevwa twa kle, nan yon sans, li t ap gen privilèj pou l itilize yo pou l bay plizyè gwoup moun posiblite pou yo antre nan Wayòm syèl la.

Pyè t apral sèvi ak premye kle a nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an pou l montre Juif ki repanti yo ansanm ak moun ki konvèti nan relijyon juif la sa yo dwe fè pou yo sove. Li t apral sèvi ak dezyèm kle a pou l bay Samariten ki gen lafwa yo posiblite pou yo antre nan Wayòm Bondye a. Apre sa, nan ane 36 epòk nou an, li t apral sèvi ak twazyèm kle a pou l bay moun ki pa Juif yo, sa gen ladan l Kònèy ak lòt moun ankò, posiblite pou yo antre nan Wayòm nan tou. — Travay 2:37, 38; 8:14-17; 10:44-48.

Jezi te fè apot yo konnen tou l ap gen pou l soufri e l ap gen pou l mouri talè konsa nan Jerizalèm. Sa te boulvèse yo anpil. Pyè pa konprann Jezi ap resisite pou l al viv nan syèl la, se sa k fè li pran Jezi apa pou l al reprimande l, li di l: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” Men, Jezi vire do bay Pyè, li di l: “Pase dèyè m, Satan! Ou se yon obstak pou mwen, paske se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm.” — Matye 16:22, 23.

Kounye a, Jezi rele lòt moun anplis apot li yo e li fè konnen se pa yon bagay k ap fasil pou yon moun vin disip li. Men sa l di: “Si yon moun vle vin suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen. Paske, nenpòt moun ki vle sove lavi l ap pèdi l. Men, nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la ap sove lavi l.” — Mak 8:34, 35.

Vrèmanvre, pou disip Jezi yo montre yo diy pou yo resevwa favè l, yo dwe gen kouraj e yo dwe dispoze fè sakrifis. Men sa Jezi di: “Nenpòt moun ki wont fè konnen li se disip mwen e ki wont montre l kwè nan pawòl mwen yo nan jenerasyon sa a ki pa fidèl anvè Bondye e k ap pratike peche, mwen menm, Pitit lòm nan, m ap wont di li se disip mwen tou lè m vin gen glwa Papa m ap ban mwen an ansanm ak zanj ki sen yo.” ​(Mak 8:38). Wi, konsa lè Jezi vini, “li pral bay chak moun sa yo merite, selon konduit yo”. — Matye 16:27.