Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 39

Malè pou yon jenerasyon ki rebèl

Malè pou yon jenerasyon ki rebèl

MATYE 11:16-30 LIK 7:31-35

  • JEZI REPWOCHE MOUN NAN KÈK VIL

  • LI ENVITE MOUN YO VIN PRAN FÒS AK SOULAJMAN

Jezi gen gwo respè pou Jan ki konn batize moun nan, sepandan, ki jan anpil moun konsidere Jan? Men sa Jezi di: “Jenerasyon sa a [...] tankou timoun ki chita sou plas piblik k ap pale ak timoun ki konn vin jwe avèk yo, y ap di yo byen fò: ‘Nou jwe flit pou nou, men nou pa danse. Nou chante chante ki tris, men nou pa frape lestomak nou pou nou montre nou nan lapenn.’” — Matye 11:16, 17.

Ki sa Jezi vle di? Men esplikasyon li bay: “Jan vini, li pa manje e li pa bwè menm bagay ak tout moun, men moun yo di: ‘Li gen yon demon sou li.’ Pitit lòm nan vini, li manje e li bwè menm bagay ak tout moun, malgre sa, moun yo di: ‘Gade! Nonm sa a se yon aloufa, se yon moun ki lage kò l nan bwè diven, li fè zanmi ak pèseptè ak moun k ap pratike peche.’” ​(Matye 11:18, 19). Yon bò, Jan te viv yon fason senp tankou yon Nazireyen, menm diven li pa t konn bwè poutan jenerasyon sa a di li te gen demon sou li (Nonb 6:2, 3; Lik 1:15). Yon lòt bò, Jezi viv menm jan ak tout moun. Li manje epi li bwè yon fason ki ekilibre, men, yo te akize l kòmkwa li fè eksè. Li te enposib pou moun satisfè pèp sa a.

Jezi konpare jenerasyon sa a ak timoun ki sou plas piblik ki refize danse lè lòt timoun ap jwe flit oswa yo pa nan lapenn lè lòt moun ap kriye. Men sa Jezi di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” ​(Matye 11:16, 19). Vrèmanvre, “bagay” Jan ak Jezi te “fè” yo, sa vle di travay yo te fè moun te wè aklè yo, montre akizasyon yo te lage sou do yo pa t laverite.

Apre Jezi fin pale de jenerasyon an kòm yon jenerasyon ki rebèl, li atire atansyon sou twa vil ki se, Korazin, Betsayida ak Kapènawòm e li kòmanse repwoche vil sa yo kote li te fè pifò nan mirak li yo. Jezi di si l te fè mirak sa yo nan Ti ak Sidon, de vil ki nan Fenisi, moun nan vil sa yo t ap montre yo repanti. Li te pale konsènan Kapènawòm tou, e sanble se kote sa a li te konn òganize aktivite l yo pandan kèk tan. Menm nan vil sa a, pifò moun pa t byen reyaji. Men sa Jezi te di konsènan vil sa a: “L ap pi fasil pou moun peyi Sodòm sipòte nan Jou Jijman an pase nou.” — Matye 11:24.

Jezi louwe Papa l, ki kache verite ki gen anpil valè yo “pou moun save ak moun lespri” men li revele bagay sa yo bay moun ki gen imilite, moun ki tankou timoun piti (Matye 11:25). Li fè moun sa yo yon bèl envitasyon. Men sa l di yo: “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” — Matye 11:28-30.

Ki jan Jezi bay moun fòs? Chèf relijye yo sèvi ak tradisyon yo genyen yo pou yo fè moun yo pote chay lou, tankou yon seri règ ki strik anpil yo bay sou saba. Men, Jezi ba yo fòs lè li anseye yo laverite sou Bondye epi libere yo anba pakèt vye tradisyon sa yo. Anplis de sa, li libere moun ki about ak dominasyon otorite politik yo epi li libere moun ki santi yo koupab akoz peche yo fè. Wi, Jezi fè yo konnen fason yo kapab jwenn padon pou peche yo ak fason yo kapab rekonsilye ak Bondye.

Tout moun ki aksepte envitasyon Jezi fè pou yo pran jouk li a ki lejè kapab vwe lavi yo bay Bondye e yo kapab sèvi Bondye nou an, Papa nou ki nan syèl la, ki gen konpasyon ak mizèrikòd. Lè yo fè sa, sa pa vle di se yon chay ki lou y ap pote, paske sa Bondye mande yo pa lou ditou. — 1 Jan 5:3.