Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 44

Jezi kalme yon gwo tanpèt

Jezi kalme yon gwo tanpèt

MATYE 8:18, 23-27 MAK 4:35-41 LIK 8:22-25

  • JEZI KALME YON GWO TANPÈT SOU LANMÈ GALILE

Jezi pase yon jounen chaje ak aktivite. Lè l aswè, pou yo kite Kapènawòm, li di disip li yo: “Ann janbe pa lòt bò lanmè a.” — Mak 4:35.

Sou kot lès Lanmè Galile, nou jwenn zòn Jerazényen yo. Yo rele zòn sa a Dekapòl tou. Se nan vil ki nan Dekapòl yo kilti grèk la chita, byenke gen anpil Juif ki abite nan vil sa yo.

Gen moun ki remake lè Jezi kite Kapènawòm. Omwen te gen lòt bato la tou ki te kòmanse travèse lanmè a (Mak 4:36). Distans pou travèse lòt bò lanmè a pa twò long. Anfèt, Lanmè Galile se yon gwo lak ki gen yon longè anviwon 21 kilomèt e ki gen yon lajè anviwon 12 kilomèt pou pi plis, men, li pa twò fon.

Nou ka konprann rezon ki fè Jezi fatige apre li fin pase yon jounen chaje ak aktivite, byenke li se yon moun ki pafè. Se poutèt sa, yon moman apre yo fin monte nan bato a, l al kouche pa dèyè nan bato a, li mete tèt li sou yon zorye, e dòmi pran l.

Plizyè nan apot yo se maren ki gen eksperyans, men, vwayaj sa a pa t ap fasil. Te gen mòn toutotou, e souvan tanperati a te cho sou Lanmè Galile. Pafwa, lè frèt k ap sot nan mòn yo konn rankontre ak lè cho ki sou lanmè a, sa ki konn lakòz gwo van tanpèt sanzatann. Se sa k rive kounye a. Tousuit, lanm lanmè vin ap frape bato a, “e dlo te kòmanse plen bato yo a”. (Lik 8:23.) Epoutan, Jezi kontinye dòmi.

Maren yo, ki gen eksperyans, fè tout sa yo kapab pou yo dirije bato a. Sandout, se pa premye fwa y ap fè manèv lè gen tanpèt. Men, fwa sa a, yo pa wè sa pou yo fè ankò. Kòm yo santi vi yo an danje, yo leve Jezi nan dòmi epi yo di l: “Seyè, sove nou, nou sanlè peri!” ​(Matye 8:25). Kounye a, disip yo pè pou yo pa neye!

Jezi leve, li di apot li yo: “Poukisa nou pè konsa? Ki jan nou fè manke lafwa konsa?” ​(Matye 8:26). Apre sa, Jezi pase van an ak lanmè a lòd, li di: “Silans! Ret trankil!” ​(Mak 4:39). Gwo van ki t ap soufle a sispann, e lanmè a vin kalm. (Mak ak Lik pale de gwo evènman sa a, pou kòmanse yo pale sou mirak Jezi fè pou l kalme tanpèt la, e apre sa yo fè konnen disip yo te manke lafwa.)

Nou pa bezwen mande jan mirak sa a te gen gwo efè sou disip yo! Yo fèk sot wè lanmè a ki te move anpil akoz gwo van tanpèt la, e kounye a ki vin kalm. Lè sa a, gen yon sèl laperèz ki pran disip yo. Youn ap mande lòt: “Kiyès misye ye menm? Ata van ak lanmè obeyi l!” Yo rive sennesòf pa lòt bò lanmè a (Mak 4:41–5:1). Petèt lòt bato ki te sou lanmè a te kapab retounen sou kot lwès la.

Ala ankourajan sa ankourajan pou nou konnen Pitit Gason Bondye a gen pouvwa sou fòs ki gen nan lanati yo! Lè se li ki pral gen kontwòl tout sa k ap fèt sou tè a anba dominasyon Wayòm li an, tout moun pral viv an sekirite e yo pap pè akoz katastwòf natirèl!