Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 56

Ki sa k sal yon moun vre?

Ki sa k sal yon moun vre?

MATYE 15:1-20 MAK 7:1-23 JAN 7:1

  • JEZI DEVWALE TRADISYON LÈZÒM YO

Kounye a, fèt Pak ane 32 epòk nou an ap pwoche. Jezi okipe nan anseye moun ki Galile yo. Men, sanble li monte Jerizalèm nan fèt Pak la, jan Lwa Bondye a mande sa. Sepandan, li fè sa yon fason pou moun pa remake l paske Juif yo ap chèche touye l (Jan 7:1). Apre sa, li retounen Galile.

Petèt, se Kapènawòm Jezi ye lè kèk Farizyen ak kèk espè nan Lalwa sot Jerizalèm vin kote l. Pou ki rezon yo vin kote l? Y ap chèche mwayen pou yo akize l kòmkwa li vyole lwa relijyon yo a, yo mande l: “Poukisa disip ou yo pase tradisyon moun nan tan lontan yo anba pye? Pa egzanp, yo pa lave men yo lè yo pral manje.” ​(Matye 15:2). Bondye pa t janm egzije pou pèp la suiv koutim “lave men [...] rive jis nan koud” la (Mak 7:3). Epoutan Farizyen yo konsidere se yon fot grav si yon moun pa suiv tradisyon sa a.

Olye Jezi reponn yo sou akizasyon yo fè a, li fè yo konnen yo fè espre yo vyole Lwa Bondye a. Li mande yo: “Poukisa tou nou menm nou pase kòmandman Bondye anba pye poutèt tradisyon nou genyen? Pa egzanp, Bondye di: ‘Onore papa nou ak manman nou.’ E li di: ‘Moun ki di yon move pawòl sou papa l oswa manman l, se pou yo touye l.’ Men nou menm, nou di: ‘Yon moun ki di papa l oswa manman l: “Kèlkeswa sa m genyen mwen ta ka ede w avèk li, mwen deja mete l la kòm kado pou Bondye”, moun sa a pa gen pou l onore papa l ditou.’” — Matye 15:3-6; Egzòd 20:12; 21:17.

Anfèt, Farizyen yo fè konnen si yon moun vwe lajan l, pwopriyete l, oswa nenpòt lòt bagay li genyen, kòm kado pou Bondye, se pou tanp lan bagay sa yo ye e yo pa ka sèvi avè yo pou fè lòt bagay. Epoutan, an reyalite, kado yo vwe pou Bondye a toujou nan men moun ki vwe l la. Pa egzanp, yon pitit gason ka deklare lajan l oswa pwopriyete l se “kòban”, sa ki vle di li vwe yo bay Bondye oswa bay tanp lan kòm kado, kòmkwa se tanp lan ki dwe jwenn kado sa a an premye. Pitit gason an toujou ap sèvi ak lajan sa a oswa pwopriyete sa a, men, li fè konnen yo pa ka sèvi ak lajan sa a oswa byen sa a pou ede paran yo ki granmoun ki kapab nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Konsa, li retire tèt li anba responsablite li genyen pou l ede paran l ki granmoun. — Mak 7:11.

Jezi fache poutèt Farizyen yo tòde Lwa Bondye a avèk mechanste, e li gen rezon pou sa. Se sa k fè li di yo: “Nou fè pawòl Bondye a vin san valè akoz tradisyon nou genyen. Bann ipokrit! Pwofesi Ezayi te bay sou nou an byen tonbe. Li te di: ‘Se nan bouch pèp sa a onore m, men kè yo byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore m, paske doktrin y ap anseye yo se kòmandman lèzòm yo ye.’” Farizyen yo pa di anyen lè yo tande pawòl Jezi di pou kritike yo a. Donk, li rele foul moun yo vin pi pre, li di yo: “Koute sa m pral di a, epi chèche konprann: Se pa sa ki antre nan bouch yon moun ki sal moun nan. Men, se sa ki soti nan bouch li ki sal li.” — Matye 15:6-11; Ezayi 29:13.

Annapre, lè Jezi ak disip li yo antre nan yon kay, disip yo mande l: “Èske w konnen Farizyen yo estomake lè yo tande sa w di a?” Li reponn yo, li di: “Tout plant Papa m ki nan syèl la pa t plante, l ap derasinen yo. Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.” — Matye 15:12-14.

Sanble Jezi sezi lè Pyè pale nan non disip yo pou l mande l esplikasyon konsènan sa ki sal yon moun. Jezi reponn, li di: “Èske nou pa konnen tout sa ki antre nan bouch yon moun, yo pase nan vant li, epi apre sa, se nan twalèt y al tonbe? Men, sa ki sot nan bouch yon moun se nan kè l yo soti, e se bagay sa yo ki sal moun nan. Pa egzanp, bagay tankou move rezònman, zak asasinay, adiltè, imoralite seksyèl, vòl, fo temwayaj, vye pawòl, se nan kè a yo soti. Se bagay sa yo ki sal yon moun. Men, si yon moun manje san l pa lave men l, sa pap sal li.” — Matye 15:17-20.

Lè Jezi di sa, se pa ankouraje l ap ankouraje moun pou yo pa pwòp. Se pa di l di yon moun pa bezwen lave men l anvan l prepare manje oubyen anvan l manje. Men, se kondane l ap kondane ipokrizi chèf relijye yo k ap eseye pase sou lwa jis Bondye yo lè yo ensiste pou moun suiv tradisyon lèzòm yo. Wi, se aksyon yon moun fè avèk mechanste ki sal li, e Jezi montre se nan kè moun bagay sa yo soti.