Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 32

Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a

Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a

MATYE 12:9-14 MAK 3:1-6 LIK 6:6-11

  • LI GERI MEN YON MESYE NAN JOU SABA A

Nan yon lòt jou saba, Jezi al nan yon sinagòg, petèt ki nan Galile. Twouve gen yon mesye ki la ki gen men dwat li pòk (Lik 6:6). Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ret la ap gade Jezi. Poukisa menm? Yo montre vrè entansyon yo genyen an lè yo poze kesyon sa a: “Èske yon moun gen dwa geri yon moun jou saba a?” — Matye 12:10.

Chèf relijye juif yo kwè se sèlman si lavi yon moun an danje yo gen dwa pran swen moun sa a jou saba. Pa egzanp, yon moun pa t gen dwa mete yon zo ki dejwente nan plas li ni yo pa t gen dwa mare yon antòs ak bandaj nan jou saba a, etandone sa pap gentan touye moun nan. Li klè, se pa sousi espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo genyen vre pou mesye k ap soufri a kifè yo te poze Jezi kesyon an, men, se chèche y ap chèche yon mwayen pou yo ka kondane Jezi.

Sepandan, Jezi konnen vye rezònman y ap fè yo. Li rann li kont pwennvi mesye yo genyen konsènan sa yo konsidere ki se yon vyolasyon lwa ki entèdi moun travay nan jou saba a egzajere e yo pa ann amoni ak Ekriti yo (Egzòd 20:8-10). Li te deja fè fas ak jan de kritik sa yo konsènan bèl aksyon l ap fè. Kounye a, Jezi fè yon aksyon ki t apral bay pwoblèm lè l di mesye ki gen men pòk la: “Leve, vin nan mitan nou.” — Mak 3:3.

Jezi vire gade espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, epi li di yo: “Kiyès pami nou la a, si l ta gen yon mouton ki tonbe nan yon twou yon jou saba, ki pa ta pral rale l met deyò?” ​(Matye 12:11). Piske yon mouton se lajan sere, mèt mouton an pa t ap janm kite l nan twou a pou jis demen, paske sa te ka lakòz mouton an mouri, sa ki t ap fè mèt mouton an fè yon pèt. Anplis de sa, men sa Labib fè konnen: “Moun ki dwat la pran swen bèt li.” — Pwovèb 12:10.

Jezi fè yon konparezon, li di: “Èske yon moun pa gen plis valè lontan pase yon mouton? Donk, moun gen dwa fè yon bon aksyon jou saba a.” ​(Matye 12:12). Kidonk, Jezi pa t vyole saba lè l te geri mesye a. Chèf relijye yo pa ka rejte yon rezònman lojik konsa ki demontre konpasyon, se poutèt sa yo pa di anyen.

Jezi gade toutotou l, sa fè l mal e li santi l tris poutèt yo refize demontre bonsans. Apre sa, li di mesye a: “Lonje men w.” ​(Matye 12:13). Pandan mesye a ap lonje men ki pòk la, men an tou geri. Lè mesye a wè men l geri, li kontan anpil. Men, ki efè sa fè sou moun ki t ap eseye pran Jezi nan pyèj yo?

Olye Farizyen yo kontan poutèt men mesye a geri, yo soti tousuit y al fè konplo “ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo touye [Jezi]”. (Mak 3:6.) Patizan Ewòd yo se yon pati politik e sanble gen moun nan gwoup relijye Sadiseyen an ki ladan l. Nòmalman, tout moun konnen Sadiseyen yo pa danse kole ak Farizyen yo, poutan, kounye a, yo met tèt yo ansanm pou yo opoze ak Jezi.