Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 63

Jezi bay apot li yo konsèy sou zafè bite ak peche a

Jezi bay apot li yo konsèy sou zafè bite ak peche a

MATYE 18:6-20 MAK 9:38-50 LIK 9:49, 50

  • KONSÈY SOU KESYON BITE A

  • SI YON FRÈ FÈ YON PECHE

Jezi fèk sot pran yon egzanp pou l montre disip li yo atitid yo dwe genyen. Yo ta dwe konsidere tèt yo menm jan timoun konsidere tèt yo, sa vle di, pou yo gen imilite e pou yo pa bay tèt yo twòp enpòtans. Disip yo dwe ‘resevwa timoun piti sa yo nan non Jezi e konsa y ap montre yo resevwa Jezi tou’. — Matye 18:5.

Sa pa gen lontan depi apot yo te fè gwo diskisyon pou konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan, petèt pou yo menm, se reprimande Jezi te reprimande yo. Kounye a, apot Jan vin rapòte yon lòt bagay ki fèk sot pase, men sa l di: “Nou te wè yon moun k ap sèvi ak non w pou l chase demon, nou te eseye anpeche l fè sa, paske li pap suiv ou ansanm avèk nou.” — Lik 9:49.

Èske Jan te konprann se apot yo sèlman ki gen otorite pou geri moun oswa pou chase demon? Si se sa, ki jan mesye sa a ki Juif fè reyisi chase espri mechan sa yo? Sanble, Jan panse mesye a pa t gen dwa ap fè mirak paske li pa akonpaye Jezi ansanm ak apot li yo.

Jan dwe sezi lè Jezi di: “Pa eseye anpeche l, paske pa gen yon moun k ap fè yon mirak nan non m, epi pou l pale m mal byen vit apre sa. Paske, nenpòt moun ki pa kont nou, li pou nou. Paske, kèlkeswa moun ki ban nou yon gode dlo pou nou bwè paske nou se moun Kris, anverite m ap di nou sa: Li pa gendwa pèdi rekonpans li.” — Mak 9:39-41.

An reyalite, nan epòk sa a, mesye a pa t oblije nan gwoup moun ki avèk Jezi yo pou l te pran pozisyon pou Jezi. Kongregasyon kretyen an potko egziste. Donk, lefètke mesye a pa t ap vwayaje ak Jezi sa pa vle di li se yon opozan oswa l ap soutni yon fo relijyon. Mesye a te montre l gen lafwa nan non Jezi, e sa Jezi di a montre mesye a pap pèdi rekonpans li.

Yon lòt bò, sa t ap grav si mesye a ta bite akoz pawòl ak aksyon apot yo. Men sa Jezi di: “Kèlkeswa moun ki fè youn nan tipiti sa yo pèdi lafwa yo genyen an, li t ap pi bon pou moun sa a si yo ta mare yon wòch moulen nan kou l, tankou wòch moulen bourik yo konn vire a, epi yo lage l nan lanmè.” ​(Mak 9:42). Apre sa, Jezi fè konnen disip li yo ta dwe elimine kèlkeswa bagay ki gen anpil valè, tankou yon men, yon pye oswa yon je si sa ka lakòz yo bite. Pito yon moun antre nan Wayòm Bondye a san bagay sa yo ki gen anpil valè olye l rete atache avèk yo epi pou sa ta lakòz yo voye l nan Jeyèn nan (Vale Inon). Sanble, apot yo konn wè vale sa a, ki toupre Jerizalèm, kote yo te konn jete bagay yo pa bezwen. Kidonk, yo ka konprann se yon kote ki reprezante destriksyon etènèl.

Men avètisman Jezi bay: “Fè atansyon pou nou pa meprize youn nan tipiti sa yo. Paske, m ap di nou sa: Yo gen zanj yo nan syèl la ki toujou la devan Papa m.” Jis nan ki pwen “tipiti” sa yo gen valè pou Papa l? Jezi pale konsènan yon mesye ki gen 100 mouton, men ki gen youn ki pèdi. Mesye a kite 99 mouton yo pou l al chèche grenn ki pèdi a, e lè l jwenn li, l ap pi kontan pou li pase pou 99 lòt yo. Apre sa, Jezi di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Matye 18:10, 14.

Li posib pou lè Jezi te bay apot li yo ankourajman ki vin annapre a li t ap panse ak diskisyon yo te fè pou konnen kiyès pami yo ki pi enpòtan an, men sa l di: “Se pou nou gen sèl nan nou e se pou nou kontinye gen lapè nan mitan nou.” ​(Mak 9:50). Sèl ka fè yon manje vin gen pi bon gou. Se sa k fè, lè yon moun di yon pawòl ki gen sèl, sa fè l pi fasil pou yo aksepte l. Si nou gen sèl nan nou, sa ap ede nou prezève lapè e nou pap nan fè diskisyon. — Kolosyen 4:6.

Pafwa, nou kapab gen gwo pwoblèm pou n regle ak yon moun, e Jezi montre nou fason pou n regle yo. Jezi di: “Si yon frè w peche kont ou, al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou fè frè w la tounen nan bon chemen.” E si l pa koute? Men konsèy Jezi bay: “Pran youn oswa de lòt moun avè w, dekwa pou tout bagay ka regle sou baz temwayaj de oswa twa temwen.” Si malgre sa pwoblèm nan pa rezoud, nou dwe pale sa ak “kongregasyon an”, sa vle di, ansyen yo ki responsab pou pran desizyon yon fason pou yo ka regle pwoblèm nan. E si moun ki peche a toujou pa vle koute? “Konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè”, yon seri moun Juif yo pa t nan zanmitay ak yo. — Matye 18:15-17.

Siveyan yo nan kongregasyon an bezwen suiv enstriksyon ki nan Pawòl Bondye a. Si yo wè yon moun koupab e li bezwen resevwa disiplin, jijman yo a ‘ap deja mare nan syèl la’. Men, lè yon moun inosan, jijman yo a ap deja “demare nan syèl la”. Enstriksyon sa yo t apral vrèman itil yonfwa kongregasyon kretyen an fin fòme. Men sa Jezi di anrapò ak reyinyon sa yo: “Kote de ou twa moun reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo.” — Matye 18:18-20.