Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 26

“Peche w yo padone”

“Peche w yo padone”

MATYE 9:1-8 MAK 2:1-12 LIK 5:17-26

  • JEZI PADONE PECHE YON MESYE KI PARALIZE E LI GERI L

Kounye a moun tout kote tande pale de Jezi. Anpil moun vwayaje nan yon seri wout ki difisil pou yo vin koute l k ap anseye epi pou yo wè gwo mirak l ap fè. Sepandan, apre kèk jou, li retounen al Kapènawòm, ki se prensipal kote li fè aktivite l. Moun tout kote nan vil sa a, san wete moun ki abite tout bò lanmè Galile, gentan aprann nouvèl la. Se sa k fè, gen anpil moun ki vin nan kay kote l ye a. Pami yo te gen Farizyen ak anseyan Lalwa ki sot nan tout Galile, nan Jide, san wete Jerizalèm.

Men sa Bib la di: “Anpil moun [...] vin rasanble. [...] Tèlman gen moun, pa t gen kote pou met moun ankò nan kay la, menm bò pòt la pa t gen plas ankò. E li kòmanse preche yo pawòl la.” ​(Mak 2:2). Kounye a se moman pou Jezi fè yon bagay ki vrèman estrawòdinè. Se yon evènman ki kapab ede nou apresye pouvwa Jezi genyen pou l elimine sa ki lakòz moun ap soufri a e pou l ede tout moun li chwazi yo viv an sante.

Pandan Jezi ap anseye foul moun yo ki nan kay la, gen kat mesye k ap pote yon mesye ki paralize sou yon branka. Yo vle pou Jezi geri zanmi yo a. Sepandan, lefètke gen yon foul moun, yo pa ka “rive kot Jezi avè l”. (Mak 2:4.) Imajine jan sa dwe kontrarye yo! Yo monte sou do kay la epi yo retire yon pati nan tèt kay la. Apre sa, yo desann mesye ki paralize a sou branka a al jwenn Jezi anba.

Èske Jezi fache poutèt yo entèwonp li? Jamè! Okontrè, Jezi sezi anpil lè l wè lafwa yo genyen. Li di mesye ki paralize a: “Peche w yo padone.” ​(Matye 9:2). Men, èske Jezi ka padone peche vre? Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo pa panse li ka fè sa. Yo t ap di nan kè yo: “Poukisa mesye sa a ap pale konsa? L ap blasfeme. Èske se pa Bondye sèlman ki ka padone peche?” — Mak 2:7.

Jezi konn sa k ap pase nan lespri yo. Li di yo: “Poukisa n ap fè rezònman sa yo nan kè nou? Ki sa ki pi fasil pou m di mesye ki paralize a: ‘Peche w yo padone’, oswa: ‘Leve, pran branka w la epi mache’?” ​(Mak 2:8, 9). Wi, li kapab padone peche mesye a grasa sakrifis li t apral bay alavni an.

Apre sa, Jezi montre foul la, san wete moun k ap kritike l yo, li gen pouvwa pou l padone peche sou tè a. Li vire gade mesye ki paralize a e li ba l lòd ki vin apre a, li di l: “Se mwen ki di w sa: Leve, pran branka w la, epi al lakay ou.” Menm kote a, mesye a leve, li pran branka l la e li mache sot deyò devan yo tout! Sa fè tout moun sezi, yo bay Bondye glwa e yo di: “Nou pa janm wè yon bagay konsa.” — Mak 2:11, 12.

Nou ka remake Jezi montre gen yon relasyon ant peche ak maladi e gen yon relasyon ant jwenn padon pou peche ak jwenn lasante. Labib fè konnen, Adan, premye paran nou an, te peche, e nou tout sibi konsekans peche l la, sa vle di maladi ak lanmò. Men, anba dominasyon Wayòm Bondye a, Jezi pral padone peche tout moun ki renmen Bondye e k ap sèvi Bondye. Lè sa a, maladi pral disparèt pou toutan. — Women 5:12, 18, 19.