Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 41

Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?

Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?

MATYE 12:22-32 MAK 3:19-30 LIK 8:1-3

  • JEZI KÒMANSE DEZYÈM KANPAY PREDIKASYON L LAN

  • LI CHASE DEMON EPI LI BAY AVÈTISMAN KONSÈNAN PECHE KI PA GEN PADON AN

Yon ti tan apre Jezi te fin pale konsènan padon pandan l te lakay Farizyen ki rele Simon an, Jezi kòmanse yon lòt kanpay predikasyon nan Galile. Li nan dezyèm ane aktivite l sou tè a, e li pa poukont li. Douz apot yo ansanm ak kèk medam “li te geri anba movèzespri e anba maladi” akonpaye l (Lik 8:2). Pami medam sa yo, gen Mari moun Magdala, Sizàn ak Jàn. Mesye ki mari dam ki rele Jàn nan se yon fonksyonè k ap travay ak wa Ewòd Antipas.

Tank gen plis moun k ap tande pale de Jezi, se tank vin gen plis pale anpil k ap fèt sou aktivite l. Sa parèt aklè lè Jezi geri yon mesye yo mennen ba li ki gen demon sou li, ki avèg e ki bèbè. Kounye a, mesye a pa gen demon sou li ankò, li vin ka pale e li vin ka wè. Lè sa a, foul moun yo sezi epi yo kòmanse ap di: “Ou kwè se pa ta li menm ki Pitit David la?” — Matye 12:23.

Tèlman gen moun ki vin rasanble toutotou kay kote Jezi ye a, li menm ak disip li yo pa menm ka manje yon bagay. Sepandan, se pa tout moun ki panse Jezi se “Pitit David” Bondye te pwomèt l ap voye a. Gen kèk espè nan Lalwa ak Farizyen ki soti tout kote nan Jerizalèm ki pa vini ni pou aprann nan men l ni pou soutni l. Yo fè moun yo konnen “li gen Beyèlzeboub” avè l e se pou “chèf demon yo” l ap travay (Mak 3:22). Lè fanmi Jezi yo tande gen tout pale anpil sa a k ap fèt sou Jezi, yo vin pran l pou y al avè l. Pou ki rezon?

Ebyen, menm nan moman sa a pwòp frè Jezi yo poko kwè li se Pitit Bondye (Jan 7:5). Jezi sa a sanble y ap fè tout pale anpil sa yo sou li a se pa Jezi yo te konnen pandan yo t ap grandi avè l nan vil Nazarèt la. Piske yo panse Jezi dwe gen yon pwoblèm mantal, yo di: “Tèt li pati.” — Mak 3:21.

Men, èske yo ka pwouve sa yo di a vre? Jezi te geri yon mesye ki te gen demon sou li, e kounye a ki kapab wè e ki kapab pale. Pèsonn pa ka di sa pa t fèt. Se sa k fè, kounye a, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo ap eseye lage fo akizasyon sou do Jezi pou yo denigre l. Men sa yo di: “Mesye sa a pa t ap janm ka chase demon si se pa t grasa Beyèlzeboub, chèf demon yo.” — Matye 12:24.

Etandone Jezi konnen sa espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo panse, li di yo: “Yon wayòm kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze, e yon vil oswa yon kay kote moun ki ladan l yo ap goumen youn ak lòt ap kraze. Menm jan an tou, si Satan ap chase Satan, li vin ap goumen ak pwòp tèt li. Ebyen, ki jan wayòm li an ap fè ret kanpe?” — Matye 12:25, 26.

Rezònman sa a vrèman lojik! Farizyen yo konnen gen kèk Juif ki konn chase demon (Travay 19:13). Se sa k fè Jezi mande yo: “Si se grasa Beyèlzeboub mwen chase demon, grasa kiyès disip nou yo chase yo?” Nan yon sans, akizasyon yo lage sou do Jezi a kapab pou yo tou. Apre sa Jezi fè plis rezònman avèk yo toujou, li di yo: “Men, si se grasa lespri Bondye m ap chase demon, Wayòm Bondye a rive sou nou toutbon.” — Matye 12:27, 28.

Pou Jezi montre lefètke l ap chase demon se yon prèv ki montre li gen pouvwa sou Satan, li di: “Ki jan yon moun ap fè antre nan kay yon gason vanyan pou l pran bagay misye gen nan kay la si l pa mare gason vanyan an anvan? Se lè l fin fè sa, l ap ka piye kay la. Nenpòt moun ki pa avè m kont mwen, e nenpòt moun ki pap ede m rasanble moun, se gaye l ap gaye yo.” ​(Matye 12:29, 30). Li klè, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo kont Jezi, yo montre tout moun se pou Satan y ap travay. Y ap fè moun rete lwen Pitit Bondye a k ap aji anba direksyon Bondye.

Men ki avètisman Jezi bay opozan sa yo k ap travay pou Satan: “Y ap padone lèzòm tout bagay, kèlkeswa peche yo fè, kèlkeswa move pawòl yo di. Men, nenpòt moun ki di move pawòl sou lespri sen, moun sa a pap janm jwenn padon, peche li fè a ap la pou toutan.” ​(Mak 3:28, 29). Eseye reflechi ak sa k ka rive moun sa yo k ap di travay lespri Bondye ap fè yo se travay Satan yo ye!