Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 40

Yon leson sou padon

Yon leson sou padon

LIK 7:36-50

  • YON FI K AP MENNEN MOVÈZ VI VIDE LUIL SOU PYE JEZI

  • JEZI PRAN EGZANP YON MOUN KI GEN DÈT POU L PALE SOU PADON

Fason moun yo reyaji devan sa Jezi di ak sa l fè depann de kondisyon kè yo. Sa parèt klè nan sa k te pase nan yon kay ki nan Galile. Gen yon Farizyen ki rele Simon ki envite Jezi nan yon repa, petèt pou l pi byen konnen moun sa a k ap fè yon seri bèl mirak. Jezi aksepte envitasyon an petèt paske li konsidere sa kòm yon okazyon pou l preche moun k ap la nan moman an, menm jan li te konn aksepte envitasyon pou l manje ak pèseptè ansanm ak moun k ap pratike peche.

Sepandan, Jezi pa t jwenn menm atansyon yo konn abitye bay moun yo konn envite yo. Lè yon moun ki gen sandal nan pye l mache nan wout Palestin yo ki gen pousyè, pye l vin cho e yo vin sal. Se sa k fè, yo te konn lave pye moun yo envite yo yon fason pou yo byen akeyi yo. Men, lè Jezi rive, yo pa lave pye l, ni yo pa bo l pou yo akeyi l, jan moun yo konn abitye resevwa moun. E yo pa t pase luil nan cheve l, jan yo konn abitye fè pou moun y ap akeyi. Kidonk, yo pa t byen akeyi l vre!

Pandan envite yo chita bò tab la y ap manje, gen yon dam yo pa envite ki rantre tou dousman nan pyès kote yo ye a. Bib la di: “Tout moun nan vil la te konnen [dam nan] kòm yon moun ki t ap mennen yon movèz vi.” ​(Lik 7:37). Pa gen moun ki pafè, sepandan sanble dam nan ap mennen yon vi imoral, petèt li se yon pwostitye. Sanble li te tande ansèyman Jezi yo ki gen ladan l envitasyon Jezi bay pou ‘tout moun ki gen chay y ap pote vin jwenn li pou yo jwenn soulajman’. (Matye 11:28, 29.) Genlè, se paske pawòl Jezi yo ak sa l te fè yo te touche dam nan ki fè l ap chèche Jezi kounye a.

Dam nan pase dèyè Jezi ki chita bò tab la, li met ajenou nan pye l. Toutpandan dlo ap sot nan je l tonbe sou pye Jezi, l ap siye yo ak cheve l. Epitou, li pran luil santi bon li pote a, e pandan l ap bo pye Jezi avèk tandrès, l ap pase luil la sou pye Jezi. Simon gade dam nan avèk mepri epi l ap di tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt vre, li te dwe konnen ki kalite moun fi sa a k ap manyen l lan ye, li te dwe konnen l ap mennen yon movèz vi.” — Lik 7:39.

Lè Jezi wè sa k nan panse Simon, li di: “Simon, mwen gen yon bagay pou m di w.” Li di: “Anseyan, pale non!” Jezi di l: “De mesye te dwe yon lòt mesye ki te konn prete moun kòb. Premye a te dwe li 500 denye, lòt la te dwe li 50 denye. Kòm yo pa t gen mwayen pou yo remèt li sa yo te dwe l la, li anile dèt la pou yo san pwoblèm. Kounye a, kiyès nan yo de a k ap renmen mesye a plis?” Petèt Simon reponn yon fason ki montre l pa enterese, li di: “Mwen sipoze se sa ki te gen pi gwo dèt la.” — Lik 7:40-43.

Jezi dakò ak repons Simon bay la. Li vire gade dam nan, epi li di Simon: “Ou wè dam sa a? Gade mwen vin lakay ou, ou pa ban m dlo pou m lave pye m. Men, dam sa a lave pye m ak dlo nan je l e li siye yo ak cheve l. Ou pa bo m, men dam sa a, depi lè m antre la a, li pa sispann bo pye m avèk tandrès. Ou pa vide luil sou tèt mwen, men dam sa a vide luil santi bon sou pye m.” Jezi te kapab wè jan dam sa a te bay prèv li repanti ak tou kè l pou vi imoral li t ap mennen an. Se sa k fè, men sa Jezi di pou l fini: “M ap di w sa, peche l yo, byenke yo anpil, yo jwenn padon, paske li demontre anpil lanmou. Men, moun ki jwenn yon tikras padon demontre yon tikras lanmou.” — Lik 7:44-47.

Se vre Jezi pa t aksepte okenn imoralite, men, avèk konpasyon li te konprann moun ki te fè peche grav yo men ki te konn montre yo regrèt e ki te vin jwenn Kris pou yo ka soulaje. E dam nan santi l soulaje lè Jezi di: “Peche w yo padone. [...] Lafwa w sove w. Ale anpè.” — Lik 7:48, 50.