Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 54

Jezi se “pen ki bay lavi a”

Jezi se “pen ki bay lavi a”

JAN 6:25-48

  • JEZI SE “PEN KI DESANN SOT NAN SYÈL LA”

Pandan Jezi te nan lès Lanmè Galile, li te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje. Apre sa, li te chape anba men moun ki t ap chèche fè l vin wa yo. Pandan nuit lan, li mache sou lanmè Galile ki te move. Li sove Pyè ki t ap mache sou dlo a tou, men ki te kòmanse koule paske li te manke lafwa. Epitou, Jezi te kalme van an pou l sove disip li yo ki petèt te ka fè nofraj.

Kounye a, Jezi retounen sou kot lwès lanmè a, nan zòn Kapènawòm. Moun Jezi te fè mirak pou l bay manje yo mande l: “Ki lè w rive la a?” Jezi reprimande yo, li fè yo konnen sèl rezon ki fè y ap chèche l se paske yo atann pou l ba yo manje ankò. Li ankouraje yo pou yo “pa travay pou manje k ap gate, men [pou yo] travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an”. Se poutèt sa, moun yo mande l: “Ki sa nou dwe fè pou n fè travay Bondye?” — Jan 6:25-28.

Petèt, y ap panse ak bagay ki te ekri nan Lalwa a, men, Jezi atire atansyon yo sou yon bagay pou yo fè ki gen anpil enpòtans. Men sa l di: “Pou n fè travay Bondye a, se pou nou demontre nou gen lafwa nan moun Li voye a.” Sepandan, malgre tout sa Jezi fè yo, moun yo pa demontre yo gen lafwa nan li. Yo mande l pou l fè yon mirak pou yo ka kwè nan li. Men sa yo di: “Ki sa w ap fè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa te ekri: ‘Li te ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.’” — Jan 6:29-31; Sòm 78:24.

Kòm moun yo mande Jezi pou l fè mirak, li fè konnen aklè kiyès ki ba l pouvwa pou l fè mirak pou l ba yo manje yo sot jwenn nan. Li di yo: “Anverite m ap di nou sa: Se pa Moyiz ki te ban nou pen ki sot nan syèl la, men se Papa m ki ban nou bonjan pen ki sot nan syèl la. Paske, pen Bondye bay la se sila a ki desann sot nan syèl la e k ap bay monn nan lavi.” Piske yo pa konprann sa l vle di yo, yo di l: “Seyè, toujou ban nou pen sa a.” ​(Jan 6:32-34). Men, de ki “pen” Jezi ap pale la a?

Men sa l esplike: “Mwen se pen ki bay lavi a. Yon moun ki vin jwenn mwen pap janm grangou, e yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen pap janm swaf. Men, jan m te di nou sa a, malgre nou wè m, nou pa kwè. [...] Mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men se pou m vin fè volonte Sila a ki voye m nan. Volonte Sila a ki voye m nan se pou m pa pèdi youn nan moun li ban mwen yo, men se pou m resisite yo tout nan dènye jou a. Paske, volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:35-40.

Lè Juif yo tande sa Jezi di a, yo vin fache e yo kòmanse plenyen. Yo pa ka konprann kòman Jezi fè di li se “pen ki desann sot nan syèl la”. (Jan 6:41.) Pou yo menm, Jezi se jis pitit de moun ki abite Galile nan vil Nazarèt. Men ki kesyon yo poze: “Èske se pa Jezi, pitit Jozèf la, li menm nou konnen papa l ak manman l lan?” — Jan 6:42.

Men sa Jezi di yo: “Sispann plenyen youn bay lòt. Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. E m ap resisite l nan dènye jou a. Men sa nou jwenn nan sa pwofèt yo te ekri: ‘Jewova ap anseye yo tout.’ Tout moun ki koute Papa a e ki aprann nan men l vin jwenn mwen. Pa gen okenn moun ki wè Papa a, eksepte moun ki soti nan Bondye a. Se moun sa a ki wè Papa a. Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki kwè gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 6:43-47; Ezayi 54:13.

Anvan sa, lè Jezi t ap pale ak Nikodèm, li te fè konnen pou yon moun gen lavi ki pap janm fini an, li bezwen gen lafwa nan Pitit lòm nan. Men sa l te di: “Nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [sèl Pitit Bondye fè a] pap detwi, men l ap gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:15, 16). Men kounye a, l ap pale ak yon foul moun, l ap di moun yo li jwe yon wòl nan kesyon jwenn lavi ki pap janm fini an, yon lavi ni lamàn nan ni pen moun Galile yo konn abitye manje yo pa ka bay. Kidonk, ki jan yon moun ka gen lavi ki pap janm fini an? Jezi di yo menm pawòl li te di anvan yo: “Mwen se pen ki bay lavi a.” — Jan 6:48.

Konvèsasyon konsènan pen ki desann sot nan syèl la kontinye, e li vin pi chofe pandan Jezi ap anseye nan yon sinagòg nan Kapènawòm.