Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 68

Pitit Gason Bondye a se “limyè pou monn nan”

Pitit Gason Bondye a se “limyè pou monn nan”

JAN 8:12-36

  • JEZI ESPLIKE KIYÈS PITIT GASON AN YE

  • NAN KI SANS JUIF YO SE ESKLAV?

Nou nan dènye jou fèt Tabènak yo, sètadi setyèm jou a. Jezi ap anseye kote nan tanp lan ki gen “kès yo konn met ofrann yo”. (Jan 8:20; Lik 21:1.) Sanble se nan zòn ki rele Lakou medam yo kote sa a ye.

Pandan fèt la, chak swa gen anpil limyè ki klere zòn sa a nan tanp lan. Gen kat kokenn pòtlanp, e yo chak gen kat gwo veso ki plen luil. Limyè lanp sa yo bay la gen ase pisans pou l klere tout zòn nan lannuit rive yon bèl distans. Sa Jezi di kounye a ka fè moun k ap koute l yo panse ak limyè sa a. Jezi di: “Mwen se limyè pou monn nan. Yon moun ki suiv mwen pap janm mache nan fènwa, men l ap gen limyè k ap mennen nan lavi a.” — Jan 8:12.

Farizyen yo pa dakò ak sa Jezi di a, yo di: “W ap bay temwayaj sou pwòp tèt ou. Donk, temwayaj ou a pa laverite.” Jezi di: “Menmsi se mwen ki bay temwayaj sou tèt mwen, temwayaj mwen bay la se laverite, paske mwen konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konn ni kote m soti ni kote m prale.” Li kontinye pou l di: “Men sa ki ekri nan pwòp Lwa nou an: ‘Se temwayaj de moun ki laverite.’ Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen.” — Jan 8:13-18.

Farizyen yo pa dakò ak rezònman li an, yo mande l: “Kote Papa w?” Jezi di yo kareman: “Nou pa konnen ni mwen ni Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou.” ​(Jan 8:19). Byenke Farizyen yo toujou vle arete Jezi, pa gen youn ki touche l.

Jezi repete yon bagay li te deja di: “Mwen prale, e nou gen pou nou chèche m, epoutan n ap mouri nan peche nou. Nou pa ka al kote m prale a.” Juif yo pa konprann ditou sa Jezi ap di yo, yo kòmanse ap mande tèt yo: “Èske se touye li pral touye tèt li? Paske, li di: ‘Nou pa ka al kote m prale a.’” Yo pa konprann sa Jezi vle di paske yo pa konnen kote Jezi soti. Men sa Jezi esplike: “Nou se moun anba, mwen menm, mwen se moun anwo. Se nan monn sa a nou soti, men mwen menm, mwen pa sot nan monn sa a.” — Jan 8:21-23.

Anfèt, Jezi ap pale konsènan lavi li nan syèl la anvan l te vin sou tè a e lefètke li se Mesi Bondye te pwomèt la oswa Kris, sila a chèf relijye yo te dwe ap tann nan. Sepandan, yo mande Jezi avèk anpil mepri: “Kiyès ou ye?” — Jan 8:25.

Lè Jezi wè yo rejte l e yo opoze avè l, li reponn: “Poukisa menm mwen kontinye ap pale avèk nou toujou?” Malgre sa, li atire atansyon sou Papa l e li esplike rezon ki fè Juif yo dwe koute Pitit la: “Sila a ki voye m nan toujou di laverite, e bagay mwen te tande nan bouch li, se yo menm m ap di nan monn nan.” — Jan 8:25, 26.

Apre sa, Jezi montre konfyans li gen nan Papa l, li menm Juif yo pa konnen an. Men sa Jezi di: “Lè nou fin leve Pitit lòm nan anlè, lè sa a n ap konnen mwen se moun mwen di m ye a, e n ap konnen se pa mwen poukont mwen ki deside fè anyen, men, se sa Papa a anseye m mwen di. E Sila a ki voye m nan avè m. Li pa lage m poukont mwen, paske mwen toujou fè sa ki fè l plezi.” — Jan 8:28, 29.

Men, gen kèk Juif ki met lafwa nan Jezi. Jezi di yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” — Jan 8:31, 32.

Pou kèk Juif, sa Jezi di anrapò ak libète a sanble dwòl. Yo di: “Nou se desandan Abraram e nou pa t janm esklav pèsonn. Kòman w fè di: ‘N ap vin lib’?” Byenke souvan Juif yo konn anba dominasyon lòt nasyon, men yo pa vle yo rele yo esklav. Men, Jezi fè konnen se esklav menm yo ye, li di: “Anverite m ap di nou sa: Yon moun k ap pratike peche se esklav peche li ye.” — Jan 8:33, 34.

Lefètke Juif yo refize admèt yo se esklav peche, sa mete yo nan yon sitiyasyon ki danjere. Men esplikasyon Jezi bay: “Esklav la pa rete nan kay la pou toutan, se pitit la ki rete pou toutan.” ​(Jan 8:35). Yon esklav pa gen dwa resevwa eritaj, e yo ka voye l ale nenpòt lè. Se sèlman pitit ki fèt nan kay la oswa pitit yo adopte a ki rete nan kay la “pou toutan”, sètadi toutotan l ap viv.

Kidonk, verite konsènan Pitit la se verite ki libere moun anba peche ki fè moun jwenn lanmò pou toutan an. Men sa Jezi di: “Si Pitit la libere nou, n ap libere toutbon.” — Jan 8:36.