Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 72

Jezi voye 70 disip al preche

Jezi voye 70 disip al preche

LIK 10:1-24

  • JEZI CHWAZI 70 DISIP EPI LI VOYE YO AL PRECHE

Kounye a, nou nan fen ane 32 epòk nou an, anviwon twazan apre batèm Jezi. Li menm ak disip li yo fèk sot asiste fèt Tabènak yo nan Jerizalèm e sanble yo nan zòn nan toujou (Lik 10:38; Jan 11:1). Anfèt, Jezi pase prèske tout sis mwa ki rete nan aktivite l yo swa nan Jide swa pa lòtbò Rivyè Jouden an, nan Pere. Tèritwa sa a bezwen pou yo preche ladan l tou.

Yon ti tan anvan sa, apre fèt Pak ane 30 epòk nou an, Jezi te pase anviwon kèk mwa ap preche nan Jide ak nan tout tèritwa Samari a. Apre sa, ozanviwon epòk Pak ane 31 epòk nou an, Juif nan Jerizalèm yo te eseye touye l. Annapre, li te pase ennan edmi ap anseye prensipalman nan nò Galile. Pandan tan sa a anpil moun vin suiv li. Pandan Jezi Galile, li bay apot li yo fòmasyon, li voye yo al preche epi li di lè y ap “preche [pou yo] di: ‘Wayòm syèl la vin pi pre’”. (Matye 10:5-7.) Li lanse yon dènye gwo kanpay predikasyon nan Jide.

Pou Jezi kòmanse kanpay sa a li chwazi 70 disip e li voye yo de pa de. Kidonk, gen antou 35 gwoup k al preche Wayòm nan nan tèritwa sa a ki se yon tèritwa kote “rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè”. (Lik 10:2.) Yo pran devan pou y al kote Jezi ap gen pou l pase. E 70 disip yo geri moun ki malad yo e yo gaye menm mesaj Jezi konn preche a.

Jezi pa voye 70 disip yo al nan sinagòg yo, li di yo pito pou y al lakay moun yo. Men enstriksyon li ba yo: “Depi nou antre nan yon kay, men premye sa pou nou di: ‘Nou swete kay sa a lapè!’ Si [...] gen moun nan kay la ki renmen lapè, [...] lapè nou swete a ap rete sou li.” Ki mesaj yo pral preche? Jezi di yo: “Pa sispann di yo: ‘Wayòm Bondye a vin toupre nou.’” — Lik 10:5-9.

Enstriksyon Jezi bay 70 disip yo sanble ak enstriksyon li te bay 12 apot yo lè l te voye yo al preche, sa gen anviwon ennan an. Li te fè 12 apot yo konnen se pa tout moun k ap byen resevwa yo. Sepandan, efò disip yo fè pou yo preche a prepare moun ki gen bon kè yo, yon fason pou lè Jezi vini yon ti tan apre, anpil nan yo t ava chofe pou y al kot Mèt la epi aprann nan men l.

Yon ti tan apre, 35 gwoup disip ki t al preche mesaj Wayòm nan retounen vin jwenn Jezi. Kè yo kontan epi yo di l: “Seyè, lè nou sèvi ak non w, menm demon yo soumèt devan nou.” Se sèten bèl rapò sa a yo bay Jezi a fè kè l kontan anpil. Se sa k fè li di yo: “Mwen wè Satan deja tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè. Gade! Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou koulèv ak eskòpyon.” — Lik 10:17-19.

Kidonk Jezi bay disip li yo asirans yo pral kapab pote laviktwa sou bagay ki pa jis k ap fèt yo, ki se koulèv ak eskòpyon nan yon sans senbolik. Anplis de sa, yo mèt sèten gen yon lè k ap rive Satan gen pou l tonbe sot nan syèl la. Mete sou sa, Jezi ede 70 disip yo konprann sa ki pi enpòtan an lè l di yo: “Pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.” — Lik 10:20.

Jezi kontan anpil e li fè louwanj pou Bondye devan tout moun paske Bondye sèvi ak moun ki gen imilite ki avè l yo yon fason estrawòdinè. Li vire bò kot disip li yo epi li di yo: “Byennere moun je yo ap gade bagay n ap gade yo. Paske, m ap di nou sa: Gen anpil pwofèt ak anpil wa ki te anvi wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo, e yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.” — Lik 10:23, 24.