Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 6

Timoun Bondye te pwomèt la

Timoun Bondye te pwomèt la

LIK 2:21-39

  • YO SIKONSI JEZI E APRE YO MENNEN L NAN TANP LAN

Jozèf ak Mari rete Betleyèm olye yo retounen Nazarèt. Lè Jezi gen uit jou, yo fè sikonsi l, ann amoni ak sa Lwa Bondye a mande (Levitik 12:2, 3). Selon koutim nan, se sou uityèm jou a tou yo te gen abitid bay tigason yo non. Kidonk, Jozèf ak Mari suiv sa zanj Gabriyèl te di a, yo rele tibebe a Jezi.

Yon mwa gentan pase, e kounye a Jezi gen 40 jou depi l fèt. Ki kote paran l yo ap mennen l kounye a? Y ap monte nan tanp lan nan Jerizalèm, ki gen kèk kilomèt sèlman ki separe l ak kote yo rete a. Selon Lwa Bondye te bay la, 40 jou apre yon fi fin fè yon pitit gason, manman an dwe pote yon ofrann nan tanp lan pou l ka pirifye. — Levitik 12:4-8.

Se sa Mari fè. Kòm ofrann, li pote de ti zwazo. Sa montre nan ki sitiyasyon ekonomik Jozèf ak Mari ye. Selon Lwa Bondye te bay la, se yon jenn mal mouton oswa yon zwazo yo te dwe bay kòm ofrann. Donk, si manman pitit la pa gen mwayen pou l ofri yon jenn mal mouton, li ka annik bay yon pè toutrèl oubyen de pijon. Se nan sitiyasyon sa a Mari ye, e se sa li bay.

Pandan Jozèf ak Mari nan tanp lan, gen yon mesye ki granmoun ki pwoche bò kote yo. Mesye a rele Simeyon. Bondye te fè l konnen li pa t ap mouri toutotan li pa wè Kris oswa Mesi Jewova te pwomèt la. Jou sa a, lespri sen te gide Simeyon pou l al nan tanp lan, kote l te jwenn Jozèf ak Mari ansanm ak tibebe yo a. Simeyon pran tibebe a nan bra l.

Pandan Jezi nan bra l, li kòmanse remèsye Bondye. Men sa l di: “Kounye a, Seyè ki Souvren an, ou mèt kite esklav ou a ale anpè, selon pawòl ou. Paske, mwen wè mwayen w ap sèvi pou w bay delivrans lan ak je m. Ou pare l met devan je tout pèp. Li se yon limyè k ap retire vwal ki bouche je nasyon yo, li se yon glwa pou Izrayèl, pèp ou a.” — Lik 2:29-32.

Jozèf ak Mari sezi lè yo tande sa. Apre sa, Simeyon beni yo e li di Mari, grasa pitit gason l lan, “gen anpil moun ann Izrayèl k ap tonbe, genyen k ap leve”. Apre sa, Simeyon di l chagren pral travèse zantray li tankou yon epe ki byen file. — Lik 2:34.

Gen yon lòt moun ki la nan jou sa a ki rele Àn. Se yon granmoun fi ki pwofèt e ki gen 84 an. Anfèt, li pa janm pa nan tanp lan. Nan moman sa a menm, li pwoche vin jwenn Jozèf, Mari ansanm ak Jezi ki te tibebe. Àn kòmanse di Bondye mèsi, e li kòmanse pale de Jezi ak tout moun ki dispoze koute l.

Ou ka imajine jan Jozèf ak Mari kontan poutèt bagay sa yo ki rive nan tanp lan! Se sèten, tout bagay sa yo pwouve yo tigason yo a se Sila a Bondye te pwomèt la.