Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

Moun ki pral prepare wout la fèt

Moun ki pral prepare wout la fèt

LIK 1:57-79

  • YO BAY JAN KI KONN BATIZE MOUN NAN NON APRE L FIN FÈT

  • ZAKARI TE ANONSE WÒL JAN T APRAL JWE ALAVNI

Elizabèt prèske akouche. Mari te ansanm avè l pandan twa mwa. Men kounye a, moman an rive pou Mari kite l e pou l fè yon vwayaj byen long nan nò pou l retounen lakay li Nazarèt. Nan anviwon sis mwa, li menm tou li gen pou l akouche yon tigason.

Yon ti tan apre Mari fin retounen lakay li, Elizabèt akouche. Se pa ti kontan moun yo kontan poutèt akouchman an byen pase e poutèt Elizabèt ak tibebe a an sante! Lè Elizabèt montre vwazen l ak fanmi l pitit la, yo tout rejwi avè l.

Ann Izrayèl, sou uityèm jou apre yon tigason fin fèt, yo te dwe sikonsi l selon Lwa Bondye te bay la, apre sa yo te tou ba l non (Levitik 12:2, 3). Gen kèk moun ki te vle pou yo bay tigason an non san papa l, Zakari, pa konnen. Men, Elizabèt pran lapawòl, li di: “Non. Se Jan l ap rele.” ​(Lik 1:60). Èske w pa sonje zanj Gabriyèl te di pou yo rele pitit la Jan?

Vwazen Elizabèt yo ansanm ak fanmi l pa dakò, yo di: “Pa gen okenn moun nan fanmi w ki gen non sa a.” ​(Lik 1:61). Yo fè siy pou yo mande Zakari ki jan li ta renmen rele tibebe a. Zakari mande pou yo pote yon ti tablo ba li, li ekri: “Se Jan ki non l.” — Lik 1:63.

Menm kote a, yon mirak fèt. Zakari rekòmanse pale. Pa bliye Zakari te vin pa t ka pale ankò paske li pa t kwè lè zanj Gabriyèl te di l Elizabèt t ap vin gen yon pitit gason. Lè Zakari kòmanse pale, tout moun nan vwazinaj la sezi, e yo t ap mande tèt yo: “Ki sa tipitit sa a ap ye?” ​(Lik 1:66). Yo wè se Bondye ki te fè yo bay Jan non sa a.

Kounye a, Zakari ranpli ak lespri sen, epi men sa li anonse: “Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, paske li vire gade pèp li a pou l delivre l. Li fè yon kòn k ap pote delivrans parèt pou nou nan kay David, sèvitè l la.” ​(Lik 1:68, 69). Natirèlman, “kòn k ap pote delivrans” lan se Seyè Jezi ki pral fèt nan yon ti tan. Zakari fè konnen, pa mwayen Jezi, Bondye ap “ban nou privilèj, lè nou fin delivre anba men ènmi yo, pou nou ba li yon sèvis sakre san kè sote, pou nou fè sa yon fason ki fidèl e ki dwat devan l pandan tout lavi nou”. — Lik 1:74, 75.

Men sa Zakari anonse konsènan pitit gason l lan: “Kanta pou ou, pitit mwen, y ap rele w pwofèt Sila a ki nan pi gwo pozisyon an, paske ou pral mache devan Jewova pou w prepare wout la pou li, pou w fè pèp li a konnen l ap sove yo lè li padone peche yo, paske, Bondye nou an gen kè sansib. Grasa kè sansib li genyen an, n ap wè yon limyè k ap sot anwo k ap klere nou tankou douvanjou pou l klere moun ki chita nan fènwa yo, ki nan lonbray lanmò yo, e pou l fè nou mache nan chemen lapè.” ​(Lik 1:76-79). Se pa ti ankourajan pwofesi sa a ankourajan!

Nan menm epòk sa a, Mari ki potko marye rive lakay li Nazarèt. Ki sa k pral rive l lè moun yo wè l ansent?